2 Novembre, 2005

November 2, 2005

2 Novanm, 2005
Vol. 23 No. 34

Eske Siméus ap fè Latortue wont?
Premye minis defakto a, Gérard Latortue te pwononse l trè klèman e «defason definitiv» -se sa li te di- kont kandidati milyonè ayisyano-ameriken Dumarsais Siméus, lendi 24 oktòb la lè l te rantre sòti Bruxelles. Latortue te fè konnen pa genyen okenn kandida ki genyen nasyonalite etranje ki pou patisipe nan «eleksyon» l yo. Li te pran atik 13 konstitisyon 1987 la pou l te kore deklarasyon l lan: «Lè yon Ayisyen natiralize nan yon peyi etranje, li otomatikman pèdi nasyonalite l.»

E Latortue te pretann ke se pou yon dènye fwa li t ap pale sou dosye sa a, ki yon dosye pou li ki klase: «Siméus pa elijib.» Li te menm site yon atik ki te parèt nan jounal Miami Herald ki di konpòtman Siméus la se pratikman yon afwon a konstitisyon ayisyèn lan.

Men Siméus bò kote pa l pa t sanble pran pawol Latortue yo oserye, e li te fè konnen li pap koube anba desizyon komisyon Deta ki genyen pou verifye nasyonalite kandida yo, li di li pap ranpli fòmilè yo a, e li kanpe dèyè arè koukasasyon te pran an favè li a.

17 oktòb 2005: Boniface Alexandre chwazi montre pouvwa li!
Ane sa a pa t gen pratikman anyen nan okazyon 199è anivèsè lanmò fondatè nasyon ayisyèn lan, Jean-Jacques Dessalines. Nan yon sans se byen paske omwens vandè peyi yo santi yo pa kalifye pou rann omaj a Dessalines. E prezidan defakto a Alexandre Boniface te sou senpleman fè yon diskou nan palè nasyonal kote li te pito ap montre «detèminasyon» li pou fè respekte konstitisyon an, nan anpeche yon seri kandida ki gen nasyonalite lot peyi pou patisipe nan eleksyon/seleksyon yo. Boniface Alexandre te pran limenm atik 136 konstitisyon 1987 la ki ba l dwa kòm «prezidan» pou l veye sou respè enstitisyon e ekzekisyon lwa yo. Donk li di li kreye yon komisyon Deta pou verifye nasyonalite tout kandida ki pral nan eleksyon yo, pou evite peyi a tonbe nan yon lòt kriz pi grav kote l ta pral genyen eli konteste ki pase pou vin dirije peyi a. Erezman limenm li pa eli, men li se yon kriz pou kont pa li.

Latortue ap pèdi frekansite li!
Premye minis defakto a, Gérard Latortue anonse gouvènman li a deside negosye avèk gouvènman Venezuela nan kad yon akò k ap pèmèt yo achte gaz a yon pri preferansyèl e antre konsa nan pwogram PetroCaribe prezidan Venezuela Hugo Chavez te mete kanpe. Venezuela te deja anonse li prè pou l vann Ayiti gaz a ba pri e Ayiti kapab peye l jan l kapab aprè prezidan brezilyen an Luis Inacio Lula Da Silva te mande l sa. Prezidan Hugo Chavez te konfime desizyon Venezuela lè l te deklare: «Nou pral bay pèp Ayisyen an yon koutmen». Li te anonse li ta pral voye yon reprezantan l pou finalize pwojè a.

Kolektif òganizasyon kont lavi chè ki regwoupe plizyè òganizasyon, kritike konpòtman gouvènman defakto a Alexandre/Latortue ki te pran tan pou reponn òf Venezuela fè pèp Ayisyen an. Responsab Kolektif la fè konnen gouvènman defakto a pran presyon nan men peyi enperyalis yo ak boujwazi ayisyèn lan pou l pa achte gaz la nan men Venezuela.

Ogmantasyon an plizyè fwa pri gaz la nan peyi Dayiti pwovoke yon ogmantasyon pri transpò piblik ak pwodwi premye nesesite yo, e sa pa t sanble pwoblèm pou Latortue ki ta vle fè yon mache prese e mete frekansite li a akote.

Konfli nan Latibonit
Abitan nan 2 lokalite nan Vale Latibonit lan: Ti Dedin ak Gran Lak ap twoke kòn depi kèk tan nan yon konfli teryen. Sitiyasyon sa a paralize tout aktivite nan lokalite sa yo, lekòl ak komès la pa fonksyone nan katye Ti Dedin. Gwo kout zam ap tire sou abitan yo, yo kidnape 2 nan yo e kidnapè yo reklame 2 mil dola pou libere yo. Abitan 2 katye yo mande entèvansyon gouvènman defakto a pou sove lavi sitwayen yo e anpeche sitiyasyon an vin pi grav.

Anbasadè dominiken an ap miltipliye rankont
Anbasadè dominiken an Jose Serulle Ramia te rankontre avèk yon gwoup direktè medya ayisyen nan rezidans li, nan Petyonvil pou pale relasyon 2 peyi yo. Li te eseye eksplike sitiyasyon k ap devlope an Repiblik dominikèn depi plis pase 5 mwa, kote Dominiken yo ap touye Ayisyen epi pouse do yo mete deyo, pran tou sa yo te posede. Anbasadè a te defann gouvènman Leonel Fernandez la. Men reyalite a montre gouvènman dominiken pa sispann depòtasyon yo.

Konsa, lendi 24 oktòb la, otorite dominiken yo voye 310 moun retounen ann Ayiti. Nan vil fwontyè Dajabon lapolis dominiken arete 69 ayisyen epi fèmen yo nan prizon. Pi fò nan moun sa yo se timoun ak fanm.

Jose Serulle Ramia te al vizite vil Senmak nan wiken 22-23 oktòb la pou evalye kantite dega flèv Latibonit ki sòti an Repiblik dominikèn, ki te inonde pandan 2 jou plizyè lokalite nan rejyon an. Li anonse genyen yon gwoup teknisyen k ap sòti nan ministè dominiken Agrikilti k ap vin evalye sitiyasyon an, yon fason pou Dominikani kapab pote kontribisyon pa l.

Aprè l te fin rankontre avèk kèk direktè medya yo, vizit li nan depatman Latibonit lan, li te rankontre avèk kèk dirijan pati politik jou 27 oktob la nan rezidans li nan Petyonvil, men anpil nan kandida sa yo fè konnen yo pa t fin konprann vrè objektif rankont lan.

Malad nan lopital nan Gonayiv abandone…
Malad nan lopital LaPwovidans nan Gonayiv denonse kondisyon y ap viv nan lopital la kote yo pa jwenn swen, yo pa ba yo medikaman, etc.Gen malad ki deklare: «Nou pa janm jwenn swen ki pi piti yo, swen elemantè yo, pa genyen medikaman, laboratwa pa janm fonksyone depi aprè pasaj tanpèt twopikal Jeanne ki genyen plis pase yon ane». Malad yo mande otorite yo fè yon entèvansyon rapid pou yo ka jwenn yon soulajman.

Don Espay pou timoun ann Ayiti
Gouvènman espanyòl la voye 550 tòn metrik vyann konsèv ki ta reprezante yon montan 1 milyon 800 mil dola bay Pwogram alimantè mondyal (PAM) nan Pòtoprens pou distribye bay timoun yo nan lekòl yo. Se responsab PAM lan Anne Poulsen ki te anonse nouvèl sa a nan yon kominike nan jedi 27 oktòb la. Nou ta swete ke otorite defakto yo pap chache yon mwayen pou mete lapat sou manje sa yo!

Kòmandan adjwen Minustah se yon tosyonè!
Jeneral Chilyen an, Eduardo Aldunate ki se kòmandan an segon Minustah a ann Ayiti sanse anab ankèt nan peyi li, espesyalman pou asasina yon diplomat espanyòl sou diktati Augusto Pinochet la. Pitit fi diplomat la, Carmen Soria avèk plizyè sektè politik nan Chili, pami yo pati sosyalis la, Ricardo Lagos toujou mande avèk ensistans retrè jeneral Eduardo Aldunate nan Minustah. Gouvèvman an bò kote pa l pran defans jeneral la, li fè konnen prezans jeneral la nan diktati Pinochet la pa konstitiye yon deli. E poutan jeneral tosyonè a te fè pati polis politik diktati Pinochet a ki te koni kom prensipal zouti pou yo pèsekite sitwayen chilien.

Minustah ak PNH bloke yon manifestasyon
Jedi 27 oktòb la, Asosiyasyon nasyonal fanm viktim koperativ yo (ANFVC) te òganize yon manifestasyon devan biwo Premye minis defakto a sou wout Bourdon an pou mande rejim defakto a respekte angajman li te pran anvè yo. Sòlda Minustah yo ak ajan PNH yo te kouri dèyè manifestan yo de fason trè vyolan, pandan manifestan yo t ap kriye revandikasyon yo de manyè pasifik. Manifestan yo kritike Premye minis defakto a, Gérard Latortue ki pran 55 milyon goud li te pwomèt sosyetè yo pou li bay pati politik yo. Manifestan yo te montre endiyasyon yo: «Latortue pa respekte okenn nan angajman l te pran, pa menm non li. M ap defann dwa mwen nan peyi m, blan yo ap vin pase lòd pou m fèmen bouch mwen.»

Gouvènman defakto a ap sere vis UEH
Visrektè rechèch Inivèsite Deta (UEH) a, Fritz Deshommes fè konnen madi 25 oktòb la, inivèste a chaje ak pwoblèm. Otorite defakto yo redwi bidjè inivèsite a, bidjè a pa menm ka rive 1 % pwodwi enteryè brit la. Anpil nan pwofesè yo pa genyen doktora, se aletranje kad peyi a al pran fòmasyon, pa genyen rechèch ki fèt nan inivèsite an. Fritz Deshommes fè konnen inivèsite a manke pwofesè kalifye, pwofesè k ap travay defason pèmanant, k ap pwodwi refleksyon pou fè inivèsite a vanse. Li di se sèlman 10 pou san pwofesè nan inivèsite a k ap travay a plen tan e chak fakilte nan inivèsite a genyen pwòp administrasyon pa yo. Fakilte sa a pa genyen kapasite pou resevwa elèv ki tèmine fen etid segondè yo, sou 20 a 50 mil elèv se sèlman 2 a 3 mil ki genyen chans antre nan inivèsite Leta a.

BID siyen 4 kontra ak defakto yo
Mèkredi 26 oktòb la, gouvènman defakto a siyen 4 kontra pou yon montan anviwon 27 milyon dola, avèk Bank entèamerikèn devlopman e peyi ekspòtatè petwòl yo. Minis Travo piblik defakto a, Fritz Adrien ki parafe kontra sa a yo fè konnen lajan sa pral envesti nan reyalizasyon plizyè travo enfrastrikti nan diferan rejyon peyi a. Pami pwojè sa yo genyen 3 a 5 kilomèt nan antre Sid vil Gonayiv, konstriksyon yon sistèm dadiksyon dlo potab nan Gonayiv, yon pon sou wout nasyonal #2, achèvman wout ray la nan komin Kafou.

Asiz nan Kap Ayisyen
Otorite lajistis yo nan Kap Ayisyen te drese asiz pandan mwa oktòb la e yo di yo jije 171 ka, yo kondane 32 prizonye, anpil ladan yo rekonèt yo koupab lanmò plizyè moun, vol men ame e kidnapin; yo libere 34 prizonye ki te an detansyon pwolonje poutèt yo pa t jwenn okenn chaj kont yo.