Aprè ke diferan dirijan opòtinis, san prensip, t al enskri pati Fanmi Lavalas pou al nan eleksyon/seleksyon yo pral òganize anndan peyi a san patisipasyon mas pèp la, Pati Popilè Nasyonal (PPN), nan yon konferans pou laprès li bay jou ki te madi 30 out la denonse opòtinis ki nan tèt fanmi an ki trayi ideyal 16 desanm 90 yo, jistifye koudeta/kidnapin 29 fevriye 2004 la epi kore okipasyon Etazini, Lafrans ak Kanada, atravè Minustah, sou peyi d Ayiti. PPN di pèp la : pa kite yo mennen l labatwa enperyalis meriken pare pou li nan eleksyon bòlèt l ap òganize yo.
Men tèks konferans reprezantan biwo politik PPN lan te prezante a.
Pati Popilè Nasyonal (PPN) sezi wè e tande jou lendi 8 out 2005 lan 3 opòtinis ki rele Rudy Herivaux, Yvon Feuillé ak Louis Gerald Gilles t al enskri Fanmi Lavalas nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou yo ka ale nan eleksyon. 3 lawon sa yo, pou jistifye desizyon sa a, fè konnen, kòm pretèks ke Fanmi Lavalas dwe patisipe nan eleksyon pou yo pa akize yo ke y ap patisipe nan zak briganday jou eleksyon yo. Yon pawòl degrenngòch pou fè ti moun dodo.
Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap raple tout pèp la e mas popilè yo an patikilye, ke jounen jodi a nou nan sitiyasyon kriz sosyal, ekonomik e politik sa a paske peyi tankou Etazini, Lafrans ak Kanada te patisipe nan destabilizasyon peyi d Ayiti, destabilizasyon gouvènman konstitisyonèl Aristide/Neptune lan ak Konze lokal yo nan ba yo mwayen lajan ak zam pou te bòykote anivèsè 200 zan bisantnè endepandans nou, e pou te finalman ranvèse yon pouvwa yon bon pati nan pèp la te chwazi pou te dirije yo pandan 5 ane. Menm jan ak 1804, ansyen peyi kolonizatè yo patka dijere ke pèp ayisyen ap eseye pran avni l nan men li, lè l mete bilten vòt li an favè moun li panse ki ka travay pou yon avni meyè pou li. Se sa k fè, jann t ap di anvan yo mete ansanm ak klas dominant makouto/boujwa a pou reyisi koudeta/kidnapin 29 fevriye 2004 la. E nan menm moman an, Etazini, Lafrans ak Kanada okipe peyi d Ayiti pandan 3 mwa pou yo te ka kase ren mouvman popilè a de fason pou pèp la rete nan wòl li, pou l pa patisipe nan vi politik, kiltirèl, ekonomik peyi d Ayiti ankò. Etazini ki te òkestre koudeta a rann li kont ke sitiyasyon an pap fasil pou li nan peyi d Ayiti, sitou ke l chaje ak pwoblèm nan Afganistan, Irak, Palestine elatriye. Lafrans limenm konnen sa l te pran deja. Donk yo wete kò yo e yo manniganse nan Konsèy Sekirite Loni e fè Nasyon Zini òganize MINUSTAH ak peyi amerik latin tankou Bresil, Ajantin, Chili elatriye e lòt peyi nan monn lan vin kontinye fè travay sal yo te koumanse fè a kidonk okipe peyi a e fè represyon, masak sou mas popilè yo pou dekouraje yo, pou yo pa rive òganize yo, pou yo pa pran avni yo an men.
Malerezman, jounen jodi a, Pati Popilè Nasyonal wè yon seri opòtinis ki te pran woulib sou do lepèp pou yo te ka vin depite, senatè, minis soti pou mennen pèp la yon lòt fwa ankò nan labatwa enperyalis meriken lè yo vle trennen pèp la nan al fè kat elektoral pèlen pou yo patisipe nan yon eleksyon/seleksyon. Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap di òganizasyon baz yo, mas popilè yo e popilasyon an an jeneral ke: patisipe nan maskarad ki pral fèt yo se lejitime koudeta 29 fevriye 2004 la. Patisipe nan maskarad ki pral fèt yo se aksepte, san di petèt, okipasyon peyi d Ayiti. Patisipe nan maskarad ki pral fèt yo se aksepte plan neyoliberal la ki vle di plan lanmò FMI/Bank Mondyal/BID la ki koumanse fè lavichè a ap fè ravaj nan popilasyon pi fèb yo : fanm ki majorite nan mas popilè yo, granmoun, ti moun elatriye. Deja jounen jodi a nou wè kijan pri gaz la ap monte e premye minis defakto a Latortue fè konnen li fenk koumanse monte. E depi gaz monte tout pwodui premyè nesesite yo monte disèt wotè. E pwochen gouvènman seleksyon an pa pral fè anyen pou sa. Okontrè, se pral yon gouvènman kote inegalite sosyal yo pral vin pi rèd e represyon an pral vin pi fewòs sou mas popilè yo ki pral manifeste kont lamizè, kont privatizasyon tous rès antrpriz piblik nou genyen yo. Deja nou wè yon apèsi gouvènman defakto Alexnadre/Latortue bannou apre revokasyon masif ki fèt nan administrasyon piblik la de fason pou yo peye sèvis dèt kòb Jean Claude Duvalier vòlè ak akolit li yo ki monte a plis pase 800 milyonn dola. Menm ansyen GNBis, ki fè pati sa yo rele klas mwayèn ki te fè alyans ak sektè makouto/boujwa a, ap rele anmwe jounen jodi a devan mizè ki blayi nan peyi a. De ki eleksyon y ap pale, lè manman ak papa pitit poko konn kote yo gad nan rantre lekòl ki rive sou yo?
Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap fè konnen ; ke yon seri dirijan ki san prensip ki alatèt Fanmi Lavalas paka mennen pèp la laviktwa paske yo trayi ideal 16 desanm 90 yo. Dirijan sa yo, sa sèlman yo konn fè se kowonp kèk dirijan òganizasyon baz yo nan ba yo lajan, ba yo viza pou simen divizyon nan mitan mas yo. Dirijan san prensip sa yo, se pòch yo sèlman yo konnen. Sa sèlman yo bezwen se djòb senatè, depite, minis pou y al twonpe mas yo nan pale franse kwochi, nan fè demagoji. Men yo toujou bezwen mas yo kòm mach eskalye pou yo ka rive kote yo vle a. Yo pa janm pèdi ak pèp la, yo pa janm soufri ak pèp la; yo toujou genyen san pèp la. Jounen jodi a, PPN wè dirijan opòtinis sa yo ap fè sèten òganizasyon baz popilè yo ekri nòt pou di : yo pral nan eleksyon si yo lage prizonye politik Lavalas yo. Alòske demand pou libere prizonye politik Lavalas yo pa dwe yon negosiyasyon pou al nan eleksyon malatchong.
Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap mande òganizasyon baz yo resezi yo pou demen lè y ap masakre yo sou lotèl eleksyon/seleksyon an yo pa di si m te konnen. Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap di mas popilè yo: fè atansyon pou nou pa pran nan pèlen. Jounen jodi a, èske n pa wè se nou y ap sasinen, nou pa wè se sou nou masak ap fèt chak jou ki jou. Konpatriyòt Bèlè, Solino, Gran Ravin, nou pa wè jounen jodi a taktik lennmi an se ame moun ak manchèt, tankou sa k te pase Rwanda, pou vin rachonnen nou. Konpatriyòt Site Solèy yo, mete bab nou alatranp, gen konplo k ap mare sou do nou pou lennmi an vin kontinye fè masak sou nou paske yo poko kabesta nou. Kidonk nou menm nan Pati Popilè Nasyonal (PPN), nou wè ti boujwa opòtinis ki nan tèt Fanmi Lavalas pase anba pye tout prensip, e yo bezwen mennen nou nan eleksyon/seleksyon pou nou ka lejitime koudeta 29 fevriye 2004 la e bay jarèt a okipasyon Etazini, Lafrans ak Kanada, atravè MINUSTAH, tabli sou peyi d Ayiti. Si opòtinis yo renye pwòp tèt yo, nou paka pi rwayalis ke le rwa.
Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap redi modòd la ankò a òganizasyon baz yo e mas popilè yo: Nou pa pral fè kat elekstoral pèlen an, nou pap patisipe nan eleksyon/seleksyon ki pral montre nou dakò ak koudeta 29 fevriye a e aksepte okipasyon peyi Dessalines, Capois La Mort ak Charlemagne Peralte la. Ann kontinye òganize n nan disiplin, ann kontinye manifeste pou revandikasyonn yo pasifikman de fason pou n di :
Aba okipasyon
Aba gouvènman Aleaxandre/Latortue a
Aba kat elektoral pèlen
Aba eleksyon seleksyon
Ann rekare batay la pou yon lòt 1804 !
Libète ou Lanmò !
Pou biwo Politik PPN
Georges Honorat
Ki kalandriye electoral ki bon?
Aprè yon rankont manm Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) yo ak pati politik yo sou yon pwopozisyon yon kalandriye elektoral nan lokal KEP la kote diferan pati yo pa t rive jwenn yon antant, sekretè jeneral KEP la, Rosemond Pradel, pandan li te Jakmèl 25 out la, anonse yon lòt kalandriye elektoral. Daprè Rosemond Pradel, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo ap fèt 20 novanm, dezyèm tou a ap fèt 3 janvye; eleksyon minisipal ak lokal yo ap fèt 22 janvye 2006. Nan rankont pati politik yo te genyen ak KEP a, yo te pwopoze pou tout eleksyon te òganize yon sèl jou ; Rosemond Pradel fè konnen KEP la pa kapab satisfè tout moun, li voye jete pwopozisyon pati yo li di ki pa bon.
Responsab operasyon elektoral la nan KEP la, Patrick Féquière fè konnen li pa okouran nouvo kalandriye sa a, li pa kapab konfime dat sa yo, lòt responsab KEP yo pa janm kominike l yon kalandriye konsa. Daprè Patrick Féquière dat sa yo Rosemond Pradel avanse a ta sòti nan yon ansyen kalandriye yo te pwopoze pati politik yo. Patrick Féquière fè konnen depi manm KEP la te fin avanse dat fèmti enskripsyon elektè yo pou 15 septanm, kantite moun ki te konn enskri yo diminye jiska 100 mil chak semèn.
Pandan KEP la poko janm fin klè sou dat eleksyon yo, lis kandida yo pou pòs prezidan pa sispann ògmante. Deja genyen 24 moun ki deklare kandidati yo. Kandida sa yo sòti nan diferan sektè kouwè: «klas» politik tradisyonèl elektoralis la, ansyen lame Dayiti, biznis, pwotestan ak kèk grenn endepandan. Nan lis sa a genyen Paul Denis (OPL), Gérard Gourgue (MUP), Serge Gilles (Fusion), Evans Paul (Alyans), Leslie Manigat (RDNP), Marc Bazin (MIDH), Hubert De Ronceray (GFCD), Reynold Georges (Alah), Evans Nicolas (URN), Franck Romain (Pakapalah), Himmler Rébu (Greh), Dany Toussaint (Modereh), Guy Philippe (FRN), Vladimir Jeanty (Paradis), Chavannes Jeune (Uncrh), Luc Mesadieu (Mochrenah), Samir Mourra (MPH), Bonivert Claude (PTH), Rigaud Duplan (Platfòm jistis e pè) ak kèk endepandan; Charles Henri Baker, Dumarsais Siméus, José Jacques Nicolas, Paul Arcelin ak Jacques Ronald Belot.
Paul Gustave Magloire mete 2 majistra adjwen yo an disponibilite
Minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal defakto a, Paul Gustave Magloire konfime 25 jen an desizyon li pou l mete 2 majistra adjwen, Yanick Mezile e Philméus Dorcéant, meri Pòtoprens lan an disponibilite poutèt 2 majistra sa yo t al denonse konpòtman majistra prensipal la Carline Simon nan laprès. Li di li te voye yon sikilè bay tout majistra yo, kote l te mande yo yon rapò sou jesyon nan meri yo epi pa pale zafè Leta nan laprès.
Yanick Mezile, youn nan majistra adjwen yo, fè konnen yo deja renmèt dosye a bay avoka yo e yo pral rankontre ak prezidan defakto a Alexandre Boniface sou dosye a: «Mwen santi m fristre jan ke bagay lan fèt la, paske pou w wè eta yon meri ke n ap denonse, yon meri ki sal, yon meri ki pa genyen anyen anndan l k ap mache depi 14 mwa.»
25 out la plizyè dizèn anplwaye meri Pòtoprens manifeste devan lokal ministè Enteryè pou kontinye reklame 20 mwa ayere salè yo. Anplwaye yo denonse konpòtman Carline Simon ak responsab ministè Enteryè yo ki refize peye yo 20 mwa aryere salè yo pou peye lekòl pitit yo. Manifestan yo mande depa Carline Simon nan meri a, yo akize l , k ap peye yon katergori anplwaye e ki pap peye lòt yo.
Eske Boniface Alexandre se administratè meri?
Anplwaye meri Taba yo denonse 2 majistra adjwen yo pou koripsyon ak revokasyon ilegal, Claude Théodat ak Ednel Dorvily k ap pran gwo lajan nan men ti machann yo nan mache Taba pou yo ka jwenn yon plas. Yo fè konnen majistra prensipal la, Suzie Julien te pran yon bal, l al pran swen nan peyi etranje. Depi lè sa a 2 lòt majistra yo ap koupe rache nan meri a, machann yo ki te konn peye 30 mil, 50 mil, 100 mil goud pou yon plas nan mache a, kounye a 2 majistra sa yo fè yo peye 35 mil, 75 mil e 150 mil goud pou menm plas mache a. Daprè anplwaye meri a, 2 majistra sa yo di yo resevwa lòd nan men prezidan defakto Alexandre Boniface pou sa e yo mande gouvènman defakto a voye mennen yon ankèt sou gabji administratif majistra sa yo enstale nan meri Taba.
Grèv nan Teleko
Mèkredi 24 out la, tout anplwaye Teleko nan peyi a antre an grèv pou fòse direktè jeneral konpayi a, Guy Bauduy peye yo tout 14zyèm mwa salè ke konpayi a te pran angajman ba yo a chak rantre lekòl depi 1997, sou gouvènman René Préval. Anplwaye yo ki t ap manifeste devan Teleko a sou Pon Morin reklame depa l nan tè Teleko a. Pandan manifestasyon an, Guy Bauduy ak direktè kabinè li t al tante pran kontak ak grevis yo sou lakou a. Moun yo te si tèlman an kolè, Bauduy te sètoblije kouri rantre nan biwo l paske grevis yo pa t deside resevwa l.
Harold Daméus, yon manm sendika Teleko a fè konnen 14zyèm mwa sa a pa yon favè y ap fè anplwaye yo, se youn nan avantaj sosyal yo dwe anplwaye yo. Grevis yo voye jete pwopozisyon direktè jeneral la te fè yo, pou l peye anplwaye k ap touche pipiti ke 7500 goud 14zyèm mwa e moun k ap touche plis pase 7500 goud pap touche 14zyèm mwa. Anplwaye yo fè konnen se yon tantativ divizyon y ap chache fè, yo pap pran nan pyèj sa a, yo di y ap rete solidè youn ak lòt.
Minustah ap planifye represyon toujou
Pòtpawòl militè Minustah a, Elouafi Boulbars fè konnen Site Solèy rete yon defi pou yo ak polis nasyonal la. Malgre plizyè operasyon yo deja mennen nan Site a, li konstate fòs de lòd yo genyen anpil bagay pou yo fè toujou pou retabli lapè nan zòn lan. Li di y ap kontinye ak operasyon yo nan Site Solèy pou yo wè si yo ta rive retabli lòd avan eleksyon yo.
Elouafi Boulbars fè konnen tou gen yon sòlda perivyen, lyetnan Roberto Ruiz ki pran yon bal nan janm gòch li, 24 out la nan Site Solèy pandan yo t ap fè yon patwouy nan Site a.
Minustah prezante rapò l sou kidnapin
Sòti mwa me pou rive mwa out, Minustah resanse 120 anlèvman e 6 milyon dola kòm ranson. Pou sèl mwa jiyè a yo resanse 43 kidnapin kont 26 pou mwa jen e 20 pou mwa me a. Pou mwa out la yo resanse 31.
Pwogram «apezman sosyal»!
Minis defakto Afè sosyal la Franck Charles anonse 24 out la ke li pral reyalize yon seri pwojè nan diferan katye popilè nan kad pwogram apezman sosyal gouvènman defakto a mete sou pye pou mete lapè nan katye popilè yo. Franck Charles fè konnen yo deja enstale plizyè restoran piblik nan diferan katye popilè yo. Li swete aktivite sa a yo kontinye menm aprè depa rejim defakto a. Franck Charles anonse tou sikilasyon machin yo pral reprann nan zòn San-Fil. Nou espere la fè moun yo jwenn lajan pou al manje nan restoran piblik li yo…
Pòtoriken yo denonse vyolasyon yo an Repiblik dominikèn
2 òganizasyon dwa moun Pòtoriko: Pwojè karibeyen jistis e pè ak Kri eskli Pòtoriko denonse vyolasyon dwa ayisyen an Repiblik dominikèn, yo denonse lanmò 3 Ayisyen yo te mete dife sou yo 16 out la nan Santo Domingo. Yo mande prezidan dominiken an Leonel Fernandez pou l kondane de fason piblik zak sovaj sa a. 2 òganizasyon sa yo mande Karikom ak kominote entènasyonal la fè presyon sou otorite dominikèn yo pou fè l respekte libète ak dwa moun an Repiblik dominikèn
Kò 3 ayisyen yo te boule yo, Gilberto Dominique (22 lane), Willy Pierre (20 lane) ak Paul Marc (19 lane) te rapatriye ann Ayiti nan jedi 25 out la an prezans responsab Gwoup dapui ak refijye e rapatriye (Garr).
Dominiken yo arete yon prezime trafikan zam
Madi 23 out la, lame dominiken anonse li te pwosede a arestasyon yon ayisyen, Raphael Laguerre kòm sispèk nan trafik yon kagezon zam ak minisyon sou fwontyè a lan dimanch 21 out la. Se ta Raphael Laguerre ki te lwe yon minibus pou transpòte kagezon zam lan. Pandan entèwogatwa l, Laguerre fè konnen li te gen pou livre zam yo bay Jean-Louis Pierre, li te idantifye kòm yon komèsan ki rete nan katye Bèlvil nan Pòtoprens. Li di li resevwa 20 mil peso dominiken pou sa e li ta pral livre Jean-Louis Pierre sou fwontyè a nan zòn Jimani.
Sitin Fanm viktim koperativ devan ministè ekonomi
Asosiyasyon Fanm viktim koperativ te òganize yon sitin devan lokal ministè Ekonomi ak Finans madi 23 out la, pou mande otorite defakto yo peye sosyetè viktim koperativ yo. Sosyetè yo akize rejim defakto a ensansibilite yo fas a pwoblèm mas pèp la ap konfwonte nan rantre lekòl. Kòdonatris asosiyasyon an Margareth Fortuné fè konnen moun ki sou pouvwa a jounen jodi a pwouve se ak enterè yo sèlman y ap panse.