2 Fevrier, 2005

February 2, 2005

2 Fevrye, 2005
Vol. 22 No. 47

Komès kafe ilegal sou fwontyè Ayiti a
Kòdinasyon kanpay nasyonal sansibilizasyon pou kafe ayisyen, plizyè òganizasyon ak enstitisyon mete kanpe, denonse yon move sitiyasyon k ap devlope nan zòn ki pi pre fwontyè a. Kòdinasyon an fè konnen endistri nan peyi Sendomeng, pou kounye a kapab satisfè mache touris yo ak mache ekspòtasyon lakay yo, yo travèse fwontyè a, rantre anndan peyi Dayiti san kè sote pou achte kafe jan yo vle, san yo pa respekte okenn lwa e san pèsonn pa janm di yo anyen.

Achtè Dominiken yo menm rive al achte kafe a sou pye nan men plantè yo, nan komin Tyòt, yo gentan travèse fwontyè ak plis pase 150 mil sak kafe. Daprè Kòdinasyon an, komès ilegal sa a montre aklè jan peyi a pa gen souverènte nan anyen e sa genyen yon movè konsekans sou filyè kafe yo nan peyi a.

Kòdinasyon an di li deja mete dosye sa a devan responsab Leta yo, pou yo pran bonjan mezi pou frennen komès ilegal sa a, ki reprezante yon gwo malè pandye pou komès kafe nan peyi a.

Chanjman nan kabinè patikilye Latortue
Après eskandal diri ki te pete nan meri Pòtoprens lan, nan mitan mwa janvye a, kote ta sanble genyen responsab nan biwo Premye minis defakto a ta enplike; Gérard Latortue te fè yon pase men nan kabinè patikilye li. Yon nòt ki sòti nan biwo li 23 janvye fè konnen Gérard Latortue mete direktè kabinè li a, Raymond Lafontant e pòtpawòl li a Michel Joseph an disponibilite. Li nonmen Jean-Robert Noël direktè a.i kabinè li a e direktris adjwen biwo kominikasyon li an, Yolette Mingual pòtpawòl a.i biwo l.

Koripsyon nan meri Miragwàn lan
Plizyè òganizasyon nan komin Miragwàn denonse yon eskandal nan meri Miragwàn lan, kote komisyon kominal defakto a ta vann yon bann gwo kawoutchou, materyel Katèpila ki te nan yon depo nan lokal ansyen izin Reynolds la pou 26 mil dola nan lannuit 7 pou louvri 8 janvye. Daprè yon manm òganizasyon yo komisyon an ta deside vann tout materyèl ki genyen anpil valè tankou skòp de fè ki genyen nan Reynolds pou yon milyon dola.

Prezidan komisyon kominal Miragwàn lan, Gérard André, di li pa t dakò pou kawoutchou yo sòti nan Reynolds la, li pa genyen anyen pou l wè nan afè sa a. Dezyèm manm komisyon an Joseph Wilfrid Genois bò kote pa l rekonèt li fè kado kèk kawoutchou nan Reynolds, men se kèk vye kawoutchou.

Madi 25 janvye an, popilasyon an te leve jwenn lokal meri Miragwàn lan sal ak grafiti ki akize dezyèm manm komisyon an Wilfrid Genois kòm moun ki ta vòlè kawoutchou.

Koripsyon nan OFATMA
Anplwaye Ofis asirans maladi e matènite (OFATMA), nan konplisite avèk anplwaye nan Bank nasyonal kredi (BNC) fè wout kwochi ak 14 milyon goud. Operasyon sa a te kòmanse depi 8 novanm 1999 pou rive 6 avril 2004 la, aprè kidnapin prezidan Aristide. Kòb sa a te depoze nan BNC, sou kont yon sèten Jules Léonard ki se yon anplwaye nan OFATMA.

Minis defakto Finans lan, Henry Bazin konfime genyen 14 milyon goud ki detounen nan OFATMA, li fè konnen genyen 7 anplwaye BNC ki enplike nan dosye sa a. Li di l ap tann lajistis pwononse l, e li deja adopte kèk mezi kont tout moun ki enplike nan detounman 14 milyon goud sa a e BNC dwe renmèt OFATMA lajan sa a. Anplwaye 2 enstitisyon sa yo ki enplike nan afè sa a, siyen yon papye kote yo di yo rekonèt dèt yo.

Minustah ap fè demagoji
Plis pase 100 sòlda Minustah akonpaye ak manm Polis sivil entènasyonal (CIVPOL) ak polis nasyonal la te debake nan Bèlè, jedi 25 janvye an, sou pretèks yo pral ranmase fatra nan zòn lan. Aprè yo te fin touye plizyè pitit pèp la nan diferan katye popilè nan kapital la, sòlda Minustah yo tabli yo nan Bèlè, nan lokal mè yo, sou platon Bèlè. Pou atire pèp la vin sou yo, yo antreprann diferan aktivite sou plas Lapè Delmas 2 a, kouwè koupe cheve kèk moun, konsilte kèk moun, fè kèk seyans sinema elatriye.

Pòtpawòl Minustah an Damian Onsès Cardona fè konnen travay sa a yo genyen pou objektif favorize repriz aktivite ekonomik e komèsyal yo nan zòn lan, men li pa t ka di pou konbyen tan sòlda yo ap rete nan zòn lan.

Militè demobilize nan Jeremi ap tann lajan!
Samdi 22 janvye a, plis pase 300 ansyen militè demobilize te reyini nan Mapou night club nan Jeremi ap tann lajan gouvènman defakto a te pwomèt yo. Ansyen militè yo te pase tout lajounen samdi 22 janvye a ap tann komisyon jiskaseke yo te tounen pwa tann. Yo te bay komisyon an yon delè jiska mèkredi 26 janvye a pou te vin peye yo, si se pa sa yo ap pase a laksyon.

Militan Lavalas yo mobilize pou retou lòd konstitisyonèl
Mèkredi 26 janvye, òganizasyon baz Fanmi Lavalas yo lanse yon apèl, yon lòt fwa ankò bay tout patizan yo, pou yo rete mobilize jiskaske lòd konstitisyonèl la retounen nan peyi a. Nan yon konferans laprès, yo denonse gouvènman defakto a k ap benyen nan koripsyon, e k ap pèsekite abitan k ap viv nan katye popilè yo. Militan Lavalas yo denonse esklizyon sosyal, asasina, masak ak tout sòt dabi gouvènman defakto kowonpi a, ap mache fè sou pèp la nan peyi a. Yo fè konnen gouvènman defakto volè diri a, pa fè anyen pou mete yon fren nan soufrans mas pèp la, okontrè se agrave l ap agrave mizè mas pèp la, lè yo pran tout diri yo ba li y ap vann san yo pa wont. Militan Lavalas yo deklare yo detèmine pou yo ale jiskobou de fason pasifik ak mouvman yo a.

Militan Lavalas yo kondane deklarasyon Yvon Feuillé
Yvon Feuillé ki t ap patisipe nan emisyon «Ann pale» nan radyo Solidarite mèkredi 19 janvye a, fè konnen kondisyon yo pa reyini pou prezidanAristide retounenn nan peyi a. Li di li konstate òganizasyon entènasyonal kouwè OEA, ONU, Karikom e Linyon afrikèn pa mache nan lojik retou a. Li mande pati Fanmi Lavalas, li konsidere kòm pi gran pati nan peyi a, pou l restriktire tèt li pou al patisipe nan eleksyon yo ki genyen pou fèt nan fen ane 2005 lan.

Deklarasyon Yvon Feuillé a te leve plim sou do manm òganizasyon popilè baz Fanmi Lavalas, ki fè konnen kote pa yo, ke yo pa konsène nan deklarasyon sa a. Daprè òganizasyon sa yo, Yvon Feuillé trayi lit pèp ayisyen e yo fè l konnen byen li pa yon gout dlo nan vaz lan, vwa pou l ta demi.

Militan Lavalas yo di Yvon Feuillé sispann pran dikte nan men blan an, sispann pran dikte nan men moun ki pa nan enterè pèp ayisyen an. Yo mande pèp ayisyen an kontinye mobilize pou retou fizik prezidan Jean Bertrand Aristide nan peyi a.

Boujwa yo peye gang pou asasinen militan Lavalas!
Daprè rapò yon enkèt avoka Thomas Griffin te fè ann Ayiti pandan 10 jou, li fè konnen genyen prèv ki montre elit ayisyèn lan peye plizyè gang pou asasinen sipòte prezidan Aristide. Selon enfòmasyon yo jwenn sou teren an, chèf Gwoup 184 la, André Apaid Junior, te rankontre ak chèf gang Site Solèy la, Thomas Robenson alyas Labànyè. Apaid rekonèt li te rankontre ak Labànyè, men se pou l te mande l depoze zam li, daprè sa l di, li pa t bay Labànyè lajan, e li pa t mande l pou al touye moun. Se te yon rankont amikal!

Bilan PNH la
Pòtpawòl Polis nasyonal la, Jessy Cameau Coicou prezante bilan aktivite lapolis te mennen pandan 8 dènye jou yo. Li fè konnen lapolis arete 3 bandi e yo sezi plizyè zam, yo touye yon prezime chèf gang ki rele Kelly Piquion nan afwontman. Jessy Cameau Coicou bay yon lis plizyè komisè, enspektè ak kèk ajan lapolis ki jwenn revokasyon yo pou «fòt administratif grav».

Lopital Tigwàv chaje ak pwoblèm
Popilasyon nan Tigwàv genyen gwo difikilte pou yo jwenn swen sante akòz pil ak pakèt pwoblèm lopital Notre Dame lan ap konfwonte. Lopital la pa genyen chirijyen ak entènis, administrasyon an ap fonksyone trè mal. Daprè direktè medikal lopital la, doktè Roussel Toussaint, pi gwo mal lopital la ap sibi pou kounye a, se yon anbilans tou nèf li te genyen, ki pase sèlman 6 jou nan komin lan, san popilasyon an pa jwenn sèvis li. Responsab lopital la te sètoblije al sere anbilans lan pou anpeche manm GNB yo ki t ap goumen kont prezidan Aristide pa pran anbilans lan pou yo.

Etidyan Ekòl Nòmal yo kanpe travay
Lendi 24 janvye a, etidyan ekòl Nòmal Siperyè yo te òganize yon mouvman pwotestasyon pou fòse responsab yo pran dispozisyon pou fè laboratwa fizik la fonksyone epi ba yo lisans nan fen etid yo. Etidyan yo deklare y ap kanpe travay jiskaske responsab yo satisfè revandikasyon yo. Pòtpawòl etidyan yo, Begine Devis te di: «Se yon ekòl Nòmal ki pa p fonksyone kèlkeswa lang vivan, syans sosyal, filozofi, lèt modèn, depatman fizik, matematik etsetera, donk sa yo pa p fonksyone. »

Militan Lavalas Bèlè kritike politik Bush ann Ayiti.
Nan yon konferans de près militan Lavalas Bèlè yo te bay lendi 24 janvye a, yo kritike politik administrasyon prezidan George W. Bush nan peyi Dayiti. Yon politik k ap trennen dèyè l soudevlopman ak ensekirite, e yo mande Bush la pou l rekonsidere politik li fas a revandikasyon mas pèp la ki se retou prezidan yo a ki se Jean Bertrand Aristide.

Pòtpawòl òganizasyon Lavalas la, Samba Boukman fè konnen tout vrè dyalòg nasyonal dwe fèt ak patisipasyon prezidan Aristide e li mande popilasyon an nan depatman lwès la rete mobilize pou fòse lenmi chanjman yo satisfè revandikasyon mas popilè yo.

Ansyen militè yo reprann sèvis pi rèd
Après pyès teyat ki te pase nan mwa desanm 2004 la nan Taba, nan kay prezidan Aristide la, kote Minustah te al mete ansyen militè yo deyò, yo retounen sou beton an. Ansyen militè yo vinn pi aktif nan peyi a, e yo te ann aksyon madi 25 janvye a nan mache Petyonvil kote yo te fè Plizyè arestasyon. Remissainthe Ravix ki sanse gen yon manda arestasyon kont li, ap mache tou patou san pwoblèm, e li menm fè konnen li toujou genyen kontwòl twoup li yo, malgre gouvènman defakto Latortue ap fè mannèv divèsyon, distribiye lajan bay ansyen militè yo pou kreye divizyon nan mitan yo. Li di anpil nan manm gouvènman defakto sa a konnen trè byen ki jan li t ap kolabore avèk yo nan mouvman GNB a kont prezidan Aristide. Ravix minimize zafè manda gouvènman defakto mete dèyè li. Dayè li di lendi 24 janvye a, li te nan tèt kòmando ame, li t al chache madanm li nan ayewopò a. Pierre Esperance ki se sekretè ekzekitif NCHR fè konnen gouvènman defakto dwe fè kou l konnen pou jwenn yon solisyon ak pwoblèm ansyen militè yo, paske dosye sa a reprezante yon danje nan peyi a, ansyen militè yo se yon pongongon pou òganizasyon eleksyon yo nan peyi a. Dirijan Pati konvansyon Inite demokratik la (KID) Evans Paul, bò kote pa l fè konnen, dosye ansyen militè yo pral provoke yon sèten konfizyon nan peyi a, li mande gouvènman defakto a ak ansyen militè yo pou fè yon ekzamen konsyans yo pou yo ka evite yon katastwòf nan peyi a. K-Plim pa santi li finn patisipe nan katastwòf la?

Minustah mete yo ak ansyen militè nan Kap Ayisyen.
Madi 25 janvye a ansyen militè yo te ap fè lalwa pa yo nan katye popilè La Fossette, nan vil Kap Ayisyen, kote yo te debake pou yo arete 3 sitwayen. Abitan La Fossette te reyaji kote yo te voye wòch ak boutèy sou yo, pou fòse yo lage 3 sitwayen sa yo. Sòlda Minustah te debake nan katye popilè sa a e yo arete plizyè moun

Asasina yon sitwayen nan Okap
Bandi ame touye Niklès Medard, yon komèsan nan vil Kap Ayisyen, lendi menten 24 janvye a, pandan l ta pral louvri chòp li.

Gouvènman defakto a ap plase moun li yo nan anbasad yo
Gouvènman defakto fè plizyè chanjman nan anbasad Ayiti a an Repiblik Dominikèn Minis defakto afè etranjè a, Yvon Siméon revoke minis konseye a, Sandra Dorzin, konsil jeneral la, Edwin Paraison ak asistan li Wilson Grégoire Brutus, tandike li raple chaje dafè a Hubert Dorval. Pami moun yo nonmen yo, ou jwenn jounalis Haiti Okabine Harry Joseph kòm viskonsil, Joseph Mathurin Belony, Konsil jeneral e Leslie Débrosse ki ranplase Jean-Baptiste Bien-Aimé kòm konsil Dajabon.

Genyen Jean Bertin mari defen Mireille Durocher Bertin ki nonmen kòm premye sekretè nan anbasad la e Siméon nonmen tou yon kouzen l kòm ajan konsilè. Men Siméon pou kont pa li pèdi djòb li jou lendi 31 janvye an ofisyèlman ak remaniman gouvènman defakto a fenk fè a.

Anbasadè dominiken an te envite politisyen yo vin bat bravo
Nouvo anbasadè dominiken ann Ayiti a, Jose Serrulle Ramia te òganize yon rankont avèk plizyè reprezantan pati politik reyaksyonè yo, madi 25 janvye a, lakay li nan Pòtoprens. Rankont sa a te dewoule sou relasyon 2 peyi yo, diplomat dominiken an te fè pwomosyon pou echanj lide ant dirijan politik 2 nasyon yo. Anbasadè a fè konnen li genyen yon pwojè pou ranfòse relasyon Sendomeng ak Ayiti e li di fòk Ayiti ta chache ekilibre balans komèsyal li ak Repiblik Dominikèn.

Nan rankont sa a te genyen plizyè dirijan pati politik sousou pannan ki te pran la pawòl kouwè : lidè KID la, Evans Paul ; kòdonatè KONAKOM la, Victor Benoit ; sekretè jeneral Fwon pou rekonstriksyon nasyonal la (FRN), Guy Philippe ak kèk lòt kouwè ; ansyen Premye minis Aristid la, Jean-Marie Cherestal; ansyen anbasadè Ayiti an Repiblik Dominikèn, Guy Alexandre, senatè Yvon Feuillé. Yo tout nan fason pa yo te bat bravo pou inisyativ nouvo anbasadè dominiken an.

Liberasyon Butter Metayer
Apre 47 jou nan prizon Etazini, chèf Fwon Rekonstrisyon Nasyonal la, eks-«rebèl» Butter Metayer jwenn liberasyon l e li te retounen ann Ayiti vandredi 21 janvye a. Butter Metayer fè konnen arestasyon li an se te yon arestasyon politik, paske gouvènman Etazini an te bezwen konnen ekzakteman ki kote li jwenn lajan pou l te goumen kont prezidan Aristide. Ki moun Butter ap blofe? Paske motif arestasyon Metayer yo pa fini two klè, e nou sonje ke se nan yon sikonstans konsa nou te wè Dany Toussaint retounen «an misyon espesyal» nan peyi a.