Minustah touye 7 moun nan Site Solèy
Mèkredi 18 janvye a, depi 6zè di swa sòlda Minustah yo kòmanse tire sou popilasyon an nan Site Solèy. Pandan tout jounen jedi 19 janvye a yo kontinye ap lage katouch. Bilan an trè lou, 7 moun mouri ak anpil blese: gason, fi, yon timoun 5 ane ki rele Jouny, yon ti bebe 7 mwa ki resevwa yon bal anndan kay li, yon komèsan ak madanm li e yon moun k ap travay ak bouwèt li. Nan zòn Bwanèf genyen plizyè moun ki mouri anba bal sòlda Minustah yo tou menm anbilans poko te ka rantre.
Abitan Site Solèy yo fè konnen sòlda Minustah yo antre nan Site a, tire anndan kay moun, nan tout direksyon sou popilasyon an, moun yo sètoblije kouche atè lakay yo. "Minustah yo pa ba nou sekirite, se pa sekirite Minustah, se tire Minustah yo vin tire nou nan peyi a. Noumenm nou pa bezwen Minustah paske se malerèz nou ye, nou pa ka viv ak Minustah. Si Charles Henri Baker, André Apaid avèk Réginal Boulos voye blan yo vin touye nou la a, nou pa gen kote pou n ale… nou pa gen kay, nou pa gen lajan, se la a nou genyen pou nou rete… Depi 1987 n ap viv la a, kounye a nou pa ka viv la a avèk Réginald Boulos, André Apaid, ki fè nou pa ka viv, nou pa ka viv…"
Yon lòt abitan Site a te deklare: "Ak cha, sou cha yo kanpe, kote yo kanpe y ap tire, yo tire depi yo gen aparèy la nan men yo, yo tire w, yo pa bezwen konnen sa w te ye, yo tire w. Yo tire nenpòt moun, yè anpil moun mouri dèyè la a."
Claude Boucher ap bay dizon pa li
Anbasadè kanadyen an Claude Boucher, ki twouve l se youn nan bouwo pèp ayisyen an, mande jounen jodi a pa kite sitiyasyon k ap devlope nan Site Solèy la yon senbòl ki kapab mete lejitimite "eleksyon" ki genyen pou fèt 7 fevriye k ap vini an ankoz. Li fè konnen Site Solèy pa reprezante yon pousantaj majoritè nan elektora e nan popilasyon an. Li mande Konsèy elektoral pwovizwa a respekte kalandriye elektoral la.
Jij Jean Perès Paul rann yon òdonans anfavè pè Jean Juste
Jij denstriksyon Jean Perès Paul fè konnen li pa jwenn okenn prèv sou akizasyon yo te pote kont pè Gérard Jean Juste pou konplo kont sekirite enteryè Leta ak enplikasyon l nan asasina Jacques Roche. Men jij la deside enkilpe pè Jean Juste pou detansyon zam ilegal e asosiyasyon malfektè, li voye afè a nan tribinal san asistans jiri.
Avoka pè Jean Juste la, Mario Joseph fè konnen enkilpasyon kliyan li a pou asosiyasyon malfektè se yon gwo montaj politik. Li di li pa konprann kouman jij la fè rejte akizasyon konplot kont sekirite Leta e enplikasyon nan asasina Jacques Roche la pandan jij la akize l pou asosiyasyon malfektè.
Eta sante pè Jean Juste ap finn deteryore nan prizon an, l ap soufri de yon kansè nan san li, ka li a mande yon entèvansyon rapid doktè.
HRW denonse PNH ak Minustah
Nan yon rapò li pibliye mèkredi 18 janvye a, òganizasyon defans dwa moun, Human Rights Watch (HRW) kalifye kondisyon dwa moun ann Ayiti de dezas aprè 2 lane gouvènman defakto Alexandre/Latortue a. Daprè HRW, enstitisyon gouvènmantal yo pap fonksyone, fòs sekirite yo inefikas. Deli yo rete enpini e kriminalite a kontinye ap ogmante nan peyi a. Abi polisye yo ap fè sou popilasyon an kontribye a ogmante ensekirite nan peyi a. Lapolis kontinye ap fè arestasyon abitrè, ak britalite epi maltrete moun yo finn arete yo. Pi fò ankèt ajan Polis nasyonal Dayiti (PNH) yo pa kòrèk e yo pa fè prevansyon kont krim. Enpinite a sòti nan defayans sistèm jidisyè a ki kowonpi, politize epi ki manke moun kalifye ak materyèl pou fè travay la. Fòs LONI an ann Ayiti pa rive mete yon fren nan zak kriminèl yo nan peyi a, vyolans yo ap kontinye san kontwòl sou zye Minustah nan peyi a.
Sitin pou mande liberasyon prizonye politik yo
Fanmi ak kanmarad prizonye politik Lavalas te òganize yon sitin devan palè jistis la madi 17 janvye a, nan kapital la, pou kontinye denonse move tretman prizonye yo ap sibi e mande liberasyon yo san kondisyon. Madanm youn nan prizonye, Germain François te prezante yon radyografi pou montre move eta sante mari l. Li fè konnen lapolis te arete mari l depi 20 janvye 2005 e li vin paralize e bèbè aprè yo te fin bat li nan penitansye nasyonal. Patisipan yo kritike tou Rezo nasyonal dwa moun yo (RNDDH) Pierre Espérance lan ki te enplike nan arestasyon plizyè prizonye politik e li pa janm pran pozisyon kont vyolasyon dwa moun nan peyi a.
2 polisye mouri
Nan espas 2 jou, 2 polisye mouri nan kapital la anba bal; mèkredi 18 janvye a, Lubin Jean Robert, yon ajan Brigad rechèch e entèvansyon (BRI) mouri nan moman li ta pral monte machin li nan avni Charles Summner. Daprè kèk temwen, se yon endividi ki te sou yon motosiklèt ki te tire sou li.
Jedi 19 janvye a, yon ajan sikilasyon nan menm kondisyon an, nan Pòtoprens, sou Bisantnè. Depi kòmansman ane 2006 la sa fè 4 polisye ki mouri, pòtpawòl PNH la, Frantz Lerebours te deja anonse genyen 2 polisye ki mouri nan premye semèn mwa janvye a, nan zòn metwopolitèn lan.
Gouvènman defakto a vle favorize inivèsite prive!
Madi 17 janvye a, etidyan fakilte medsin Inivèsite Leta Dayiti (UEH) te òganize yon sitin nan lopital jeneral nan Pòtoprens pou denonse minis defakto Sante piblik ak popilasyon, Josette Bijou. Daprè etidyan yo minis Bijou vle favorize etidyan ki sòti nan fakilte prive yo kouwè: Inivèsite Notre Dame Dayiti, Inivèsite Kiskeya, Inivèsite Limyè, Inivèsite Royal Dayiti vin antre nan lopital jeneral de fason iregilyè. Pòtpawòl etidyan yo, Bazil Jonatan fè konnen Lopital jeneral pa menm kapab resevwa nouvo rezidan pou fòmasyon spesyalize. Etidyan yo kritike minis lan ki pa rezoud pwoblèm kouran lopital la genyen; pa genyen gan, sewòm ak anpil lòt materyèl pou bay malad yo swen.
Pa gen dlo, pa gen kouran!
Depi nan fen ane 2005 lan pou rive nan ane 2006 la, kapital la plonje nan yon blakawout popilasyon an pa janm konnen. Popilasyon an pase fèt fen ane an san kouran, abitan nan plizyè zòn nan kapital la kouwè: Fontamara, Kafou, Plèn kil de sak, Delma elatriye fè konnen yo genyen plis pase 8 jou depi yo pa janm wè kouran lakay yo. Responsab Elektrisite Dayiti yo pa bay okenn eksplikasyon; men daprè kèk enfòmasyon se pwoblèm gaz ki ta alabaz blakawout la.
Pwoblèm blakawout la genyen gwo konsekans sou distribisyon dlo nan plizyè katye nan kapital la. Abitan nan katye Christ-Roi ak komin Delma denonse move fonksyonman Santral otonòm metwopolitèn dlo potab (CAMEP). Abone CAMEP yo fè konnen genyen plis pase yon mwa depi dlo pa janm koule nan wobinè yo. Yo denonse vànye yo k ap mande yo 750 a 1000 goud pou louvri vàn yo.
Direktè jeneral CAMEP la bò kote pa l fè konnen se rasyonman kouran an ki alabaz pwoblèm lan. Pierre Gerton René deklare ke "CAMEP ki itilize 2 sous denèji pou l ponpe dlo, sitou nan Delma, se kouran vil la avèk jeneratris yo. Pou nou atenn yon sèten nivo, nou sètoblije olye ke n achte 8 mil galon gaz pa semèn, nou achte 10 mil galon pou nou ogmante kapasite sou jeneratris la. Men sa ka fè nou ponpe 12zè, 14zè pa jou. Men avèk prezans EDH la n ap ka ponpe 22zè. Si EDH pa reprann alimantasyon an, ap gen yon diminisyon."
KARIKOM poze kondisyon l
Karikom poze kòm konsidyon pou l patisipe kòm obsèvatè entènasyonal pou eleksyon yo liberasyon tout prizonye politik yo. Nan yon deklarasyon Karikom te kritike lantè ki genyen nan pwosedi jidisyè yo ki angaje kont tout moun yo akize yo. Sitiyasyon sa a ap konplike vyolasyon dwa moun ak atmosfè sekirite a nan peyi a.
Etazini rapatriye 51 boat people
Biwo anbasad Etazini pou afè piblik ann Ayiti anonse gadkòt Etazini rapatriye yon gwoup 51 Ayisyen vandredi 20 janvye a sou waf Kap-Ayisyen an. Gwoup klandesten sa a te genyen 48 gason e 3 fanm.
Resansman
Enstiti ayisyen statistik e enfòmatik (IHSI) pibliye rezilta definitif katriyèm resansman jeneral popilasyon e abita li te reyalize pandan lane 2003 a. Daprè rezilta a, Ayiti genyen 8 milyon 373 mil 750 abitan. An 1804 Ayiti te genyen 400 mil abitan, an 1982 li te genyen 5 milyon 53 mil 792 abitan. Fanm yo reprezante 51,8 pou san, nan milye riral la genyen 89 gason pou 100 fanm. Daprè dènye resansman an, genyen 63 pou san popilasyon ayisyen lan ki reprezante 2tyè k ap viv nan 3 depatman peyi a, plis pase 37 pou san nan depatman Lwès la avèk plis pase 2 milyon abitan, Latibonit 16 pou san e depatman Nò an 10 pou san. Genyen 60 pou san popilasyon an k ap viv nan milye riral ki reprezante 54.4 pou san popilasyon aktiv la. Avèk popilasyon sa a, Ayiti klase twazyèm peyi nan Karayib la dèyè Kiba ak Repiblik dominikèn pami 25 Eta e teritwa nan Karayib la ki genyen plis pase 38 milyon abitan e ki reprezante 0,6 pou san popilasyon mondyal la.
Yo denonse sòlda Minustah
Dieula Jean Simon e Jean Bernard Calixte denonse nan radyo lendi 16 janvye a, sòlda Minustah yo ki arete yon kouzin yo, samdi 14 janvye a nan ri Joseph Janvier vè 4trè nan apremidi. Daprè yo sòlda Minustah yo vyole li epi al fèmen l nan komisarya Pétionville.
Rébu ak Gourgues menase pou yol fè yon kanpe
Dirijan GREH a, Himmler Rébu fè konnen li pran distans li nan pwosesis elektoral la. Li lanse yon apèl bay sitwayen yo pou pa al vote pou enkapasite otorite defakto yo pou asire sekirite tout kandida yo ak elektè yo.
Kandida Mouvman pou linite patriyotik la, Gérard Gourgues bò kote pa l menase pou l fè yon kanpe tou, si kondisyon sekirite yo pa reyini.
Frantz Large kritike sitin Gwoup 184 la
Kandida pou pòs senatè pou depatman Sidès la, sou banyè Lespwa, Frantz Large kritike sitin Gwoup 184 la André Apaid la kont Minustah. Daprè Frantz Large, al manifeste devan lokal Minustah pou reklame sekirite, responsab Gwoup 184 yo pwouve ke yo rekonèt peyi a sou okipasyon e se Minustah ki ta genyen responsabilite ofisyèl pou asire sekirite nan peyi a. Frantz Large deklare : "Tout moun k ap kritike Minustah ap chèche detounen atansyon popilasyon an sou vrè responsab malè li yo". Li lonje dwèt sou tout moun "ki akapare pouvwa aprè 29 fevriye 2004 la".
Eske KEP la bay sekirite?
Responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) fè konnen yo deja distribiye 73 pou san kat idantifikasyon nasyonal yo (CIN) nan plizyè depatman. Pòtpawòl KEP la, Stephane Lacroix fè konnen sistèm anrejistreman elektè yo detekte 3 mil moun ki t ap eseye fè plizyè kat idantifikasyon nasyonal; li di KEP la pral pran sanksyon kont moun sa yo. Direktè ekzekitif KEP la bò kote pa l, Jacques Bernard bay garanti "eleksyon" yo posib de fason teknik pou 7 fevriye a. Li swete gouvènman defakto a, Polis nasyonal la e Minustah pran tout dispozisyon pou anpeche fotè twoub yo kraze "eleksyon" yo.
Pandan responsab yo ap pale de sekirite nan moman "eleksyon" yo, manm òganizasyon Ramikòs yo nan vil Sen Mak boule lokal platfòm Lespwa, boule machin epi kraze podyòm yo te konstwi pou resevwa kandida yo René Préval nan kad kanpay li te genyen pou l t al mennen nan vil Sen Mak. Manm Ramikòs yo te fè konnen Préval pa kapab mete pye l nan Sen Mak.
Rankont Valdés ak kandida yo
Mèkredi 18 janvye a, chèf Minustah a, Juan Gabriel Valdés te rankontre avèk plizyè responsab politik, Gwoup 184 la nan primati a, an prezans Gérard Latortue. Patisipan yo te poze Valdés plizyè kesyon sou sekirite. Serge Gilles ak Hubert De Ronceray te di yo satisfè repons Valdés te ba yo sou diferan kesyon yo te poze l.