| Deklarasyon PPN
Pati Popilè Nasyonal (PPN) pa sezi ditou tande ke yon senkantèn apatrid pran avyon mèkredi 18 desanm lan, pou y al rankontre reyaksyonè parèy yo, tankou Stanley Lucas, Olivier Nadal, Léon Manus, elatriye, lòt bò fwontyè a. IRI achte moun sa yo lajan kontan, menm jan Konze te vann konsyans li bay merin meriken, an 1915.
Gen lontan, PPN ap denonse konplo k ap bouyi an Dominikani kont peyi Dayiti. Sou Jan Klod, boujwazi a t ap byen mennen, donk se nòmal ke jodi a yo gen nostalji rejim Divalyeris la, nostalji lame makout la, ki te konn kenbe mas dezerite yo nan plas yo a kout Ouzi. Se yon klas politik, machann peyi, ki toujou osèvis klas dominant yo, se restavèk ansyen ou nouvo kolon yo. Jodi a, y ap reparèt tèt yo. Se yon alyans makout-boujwa k ap fè lit de klas, maten, midi, swa, epi ki pa vle pèsonn rele yon chat, yon chat. Fachis ki rele tèt yo demokrat.
Se yon lagè non deklare ke y ap fè kont mas pèp lan. Yon lagè de bas entensite. Yo vle reprann, ann Ayiti, menm strateji Nikaragwa, Onndiras la ke CIA te aplike kont Sandinis yo nan lane 70 yo. Sèvi ak Dominikani kòm baz aryè, voye teworis makout simen lanmò ak dezolasyon nan peyi a. Kounye a ou pa wè y ap chache yon madan Chamoro.
N ap di yo : plan sa a, resèt sa a, pap mache, fwa sa a. Ayiti pa Nikaragwa !
«L'histoire souvent se répète : la première fois, en tant que tragédie, la seconde fois, en tant que farce».
Deplizanpli, tout mask ap tonbe, tout moun sètoblije pran kan yo. Près ki di yo endepandan vinn tounen près fòs kote. Men lagè avèti pa tiye kokobe !
PPN, 20 desanm 2002
Kote moun «Opsyon zewo» yo vle rive?
Toupre nou la a nan peyi Venezuela, opozisyon reyaksyonè boujwa a ap fè divès mannèv pou pase sou vòt popilè a, prezidan Hugo Chavez reprezante. Se menmman parèyman nan peyi Brezil, kote malgre tout avantaj prezidan Lula pwomèt klas dominant lan, sa pa anpeche traktasyon ak move mannèv klas sila a kòmanse nan dengon li. An Ekwatè se menm pwoblèm lan. Seri pwoblèm ki pa gen gwo diferans ak ka peyi Dayiti a, kote boujwazi tilolit la nan alyans li ak makout, ansyen manm lame, pa bouke ap fè destabilizasyon. Se kòmkidire sektè sa a gen yon teren l ap prepare. Teren pou yon lòt okipasyon peyi Dayiti osnon teren pou makout yo retounen anfòs ak lame.
Konsa, nan yon entèvyou li bay chèn Televizyon etazinyen CBS, ansyen diktatè Jean-Claude Duvalier mande pou prezidan Aristide kite pouvwa a. Li mande pou chèf Leta ayisyen an swiv egzanp limenm ki te kite pouvwa a an 1986 aprè 29 lane rèy li ak papa l la. Diktatè Bebe dòk wè peyi a fè 50 tan aryè kòm reta ekonomik. Li di chèf Leta a pèdi anpil sou popilarite li te genyen. Duvalier pa wè rezon pou li pa ta tounen vin « ede rekonstwi » peyi a. Konsa li deklare « Pa gen pyès rezon legal pou m pa rantre. Men, gen yon seri rezon ki fè moun pa ka rantre ann Ayiti jodi a », selon Duvalier ki di l ap gen pou l rantre lè l kapab. Antouka, li « bliye » di ke se li ki mete peyi a plat atè lè limenm ak akolit li yo vòlè pase 500 milyon dola. San bliye se li ki touye kochon kreyòl, ouvè vant peyi a pou pèpè layite kò l kidonk plan neyoliberal la se li ki kòmanse l.
Konsènan lajan li te vòlè nan kès leta, ansyen diktatè a kwè fòk gen prèv pou ta montre li te mal genyen richès li yo. Poutan, kilès ki pa tande ki kantite lajan Jean-Claude Duvalier te konn pran nan kès leta! Sou rèy li an se te gagòt total, kote ansyen madanm li Michelle Bennett Duvalier, papa madanm li Ernest Bennett se sa yo bliye yo pa t konn fè nan lajan leta. San konte chèf makout li yo, ki te yon lòt bò ap fè e defè.
Sekretè Deta Kominikasyon gouvènman Lavalas la Mario Dupuy, bò kote pa li, te wè se t ap yon bon bagay si diktatè a ta retounen nan peyi a. Paske li wè lajistis t ap tou jwenn okazyon pou mete kòd nan kou li, e pèp la t ap tou jwenn reparasyon pou tout sa li te viktim. Sekretè Deta a te di « Donk jodi a li klè lè moun ki t ap pase modòd pou al desann drapo peyi a e fè tantativ monte drapo nwa e wouj la. Donk nou wè ... kote modòd sa a soti e poukisa y ap travay.»
Menm Gérard Blot nan pati Tèt Ansanm / Altènativ pou chanjman (AC) te oblije rekonèt: «Bon, an prensip, Jean-Claude Duvalier limenm li genyen yon seri dosye lajistis k ap peze sou do l. Paske li te gen yon dosye 120 milyon dola yo te note, e avèk yon pwosè ki toujou la, sou lajan li te detounen nan kès leta...» Men pou opòtinis san limit yo rele Evans Paul la (K-Plim) mousye pito ap pran pòz rakonte ke Duvalier ak Aristide se 2 kabrit Tomazo menm plim, menm plimay. Daprè li se « Jean ak Jean ». « Mwen panse liy lan klè. Nou p ap sòti nan yon move Jean, pou n tonbe nan yon move Jean. Jean-Claude, Jean-Bertrand, se menm bagay », selon sa K-Plim ta chwazi konprann. Men, divalyeris tankou Hubert De Ronceray, Himmler Rébu ak lòt, sa y ap fè ak K-Plim nan Konvèjans lan ? Anplis, K-Plim te kontinye montre vrè figi li lè li t ap di: «Bon, nenpòt sitwayen gen dwa rantre nan peyi yo. Ki moun ki gen dwa anpeche Jean-Claude Duvalier antre... » Men an rezime, malgre tout devire sa yo pou li eseye kache, K-Plim montre ke li san pwoblèm ak Jean-Claude Duvalier e divalyeris yo, ki se alye li toutbon !
Se nan moman sa a jisteman ke destabilizasyon an ogmante e li pran yon faz teroris nèt. Yon bò se divès atak nèg ame ap fè sou divès komisarya nan vil pwovens yo. Yon lòt bò, se gwo menas ki pann sou tèt popilasyon an. Bra ame opozisyon makouto/boujwa ak ansyen militè, ansyen atache ak ansyen makout yo ap egzekite yon plan depi an Repiblik Dominikèn. Aprè plizyè atak kont komisarya swa nan Nò peyi a oswa nan Plato Santral la, atoufè yo toujou al refijye yo an Repiblik Dominikèn, kote yo alèz kouwè Blèz. Se menm wout atak 28 jiyè ak 17 desanm 2001 yo, ki kontinye. Koze a ap vin pi klè chak jou. E dènye koze a moun t ap viv li nan Beladè ak Laskawobas, kote yon gwoup moun ki ta ansyen militè pran zòn sa yo pou yo. Endividi sa yo menm rive monte drapo nwa e wouj nan zòn sa yo. E yo fè plizyè atak kont fòs Lapolis la.
Nan menm lojik plan destabilizasyon k ap deplwaye an Ayiti a, nan dènye semenn sa yo, se pa ti kantite bonm atizanal moun dekouvri nan lari Pòtoprens ak lan alantou yo. Nan blòk Nazon, moun te menm sote sou yon grenad fragmantasyon, jou dimanch 23 desanm lan, ki te arebò twotwa a.
Tout aksyon sa yo marye ak demach k ap fèt anwo yo. Yon seri inisyativ ki ap montre vrè figi « opozisyon » an. Konsa, yon senkantèn nan yo te kite peyi Dayiti, pou al rankontre ak Enstiti Repibliken Entènasyonal (IRI), an Dominikani. Delegasyon sa a gen ladan 15 manm « Opozisyon ak Konvèjans » lan e yon seri etidyan, pwofesè nan Fwon Rezistans lan ak Inisyativ Sosyete Sivil (IC) la. Pami yo nou kapab note non moun sa yo: Paul Denis (OPL), Victor Benoît (KONAKOM), Hubert Deronceray (MDN), Clark Parent (PADEMH), René Julien (MP), André Brutus (PANPRA), Serge Gilles (PANPRA), Vogly Pongnon (FEUH), Gérard Mathieu Jr (Fwon Rezistans), Pierre Robert Auguste (IC), Hans Tipenhauer (SC), Francisco Alcide (KID), ak yon bann lòt kolonn. San bliye ansyen Minis Komès Duvalier a, ki te minis tou sou Aristide, Stanley Théard a, limenm menm ki te vòlè plizyè milyon dola sou rejim diktati Jean-Claude Duvalier a.
Televizyon Leta a (TNH) te filme move lawon sa yo jou yo t ap kite peyi Dayiti.. E odasye yo rele Evans Paul la, ki panse li entèlijan pase tout moun, te jwenn yon fason pou li eseye fè mètdam kote li t ap di ke «dirijan politik yo gen dwa gen anpil rezon ki fè yo pa chwazi toutan, pou yo eksplike ki sa y ap fè. Depi yo konnen se pa bagay ki pa bon y ap fè. Anplis tou, yo pa an sekirite. Pa gen anyen ki di si yo te pran yon kominike, pou yo di y ap pati tèl lè, Lavalas pa t apral mete moun sou chemen, pou yo asasinen yo jan yo abitye fè l la ». Poutan yo filme yo e yo lese yo pati, epi yo gen pou yo retounen san yo pa kapab di yo anyen. Yo al konplote kont peyi a, epi si yo touche yo, yo rele osekou bay «kominote entèsyonal » la!
Depite Simpson Libérus te deklare jisteman: « Se sa k fè, mwen mande gouvènman Dominiken an, pou li pran sa trè serye, pou teritwa li pa sèvi, pou gwoup moun ki pral fè konplo pou destabilize peyi a.» E sitou Sekretè Jeneral Pati Popilè Nasyonal (PPN) la, Benjamin Dupuy te konsidere sa kòm yon konvokasyon IRI ta fè ak moun k ap travay pou li yo ann Ayiti ke li te kalifye kòm yon senkantèn koutye IRI sa yo kòm yon seri « apatrid », ki pral rankontre ansyen prezidan Lachanm Komès ak Endistri a, Olivier Nadal e ak ansyen prezidan KEP 2000 la, Léon Manus. Ben Dupuy te wè demach sa a rantre nan kad yon seri konplo kont pèp ayisyen an e pou yo fasilite yon lòt okipasyon peyi a e selon li, konplo sa yo ap soti dirèk dirèk an Dominikani. « Moun ki te maske yo ap bay vrè figi yo, e chak moun ap chwazi kan yo », selon Ben, ki te pwofite mande pèp la leve kanpe, pou anpeche fòs reyaksyonè yo vin simen dèy nan peyi a.
Konsa, depèch AHP (Ajans Ayisyen Laprès) nan dat 20 desanm 2002 a te bay enfòmasyon sou sa ki ta ap di nan rankont ant IRI ak delegasyon koutye li yo. Diskisyon yo ta fèt sou yon seri plan pou paralize tout aksyon gouvènman Lavalas la. Patisipan yo te wè posibilite pou enstale yon nouvo gouvènman pwovizwa anvan fen ane a..Yo ta etidye tou yon seri posibilite pou mele Lavalas nan divès zak vyolans k ap fèt nan peyi a, pou ta trennen pwòch gouvènman ak manm li yo devan yon tribinal entènasyonal.
Sa montre klèman se pa yon bagay pa aza, seri zak k ap fèt yo, sa fè pati yon plan byen kalkile. Kit se pwovokasyon Konvèjans lan ak opozisyon neyo divalyeris la, kit se move mannèv etidyan woulibè ak inisyativ sosyete sivil la, tout gen yon pwen kote yo konekte : destabilize peyi a, pou yon lòt okipasyon militè etranje. Yon ansanm plan k ap favorize retou lame a ak makout yo, pou yon lòt rejim laterè Duvalier san parèy.
|