4 Decembre, 2002

December 4 2002

4 Desanm, 2002

Vol. 20 No. 38
Kisa ki dèyè twoub nan Gonayiv yo?

Depi plis pase yon semenn, soti 25 novanm rive 2 desanm, gwo tansyon te blayi nan vil Gonayiv. Kawoutchou t ap boule, barikad, manifestasyon, zam t ap tire. Yon bò, te gen yon gwoup ki genyen nan tèt li Jan Pyè alyas Jan Tatoun, nan zòn dèkawo kote li te nan tèt patizan Konvèjans lan ki t ap reklame demisyon prezidan Aristid. Fòk nou di ki lès Jean Tatoune sa a ye: li te pami moun ki te sove nan prizon yo kote li t ap pije pèn pou afè masak Raboto a pandan koudeta a. Yon lòt bò, te gen òganizasyon popilè k ap soutni pouvwa Lavalas la, ki genyen nan tèt li Amiot Métayer. Men ann nou tou fè remake ke alòske «kominote entènasyonal» la ap plede mande arete Métayer yo pa janm mande menm bagay la pou Jean Tatoune, siman paske mouche limenm se moun Konvèjans pou le moman!

Se konsa, jounen jedi 28 novanm 2002 a, makòn makouto/boujwa sou non Inisyativ sitwayèn Gonayiv te òganize yon manifestasyon nan vil Gonayiv ke yo di se te pou te komemore disetyèm anivèsè lanmò Makennson Michel, Jean Robert Cius ak Daniel Israël, 3 elèv lekòl ki te tonbe anba bal asasen lame makout divalye yo nan vil Gonayiv nan dat 28 novanm 85 lan, pandan pèp la t ap goumen pou te dechouke rejim bout di a. Komemorasyon sa a te gen poutan gwo fonksyonè divalyeris mete ak ansyen lame/makout/FRAPH/atache yo nan Gonayiv ladan li, te jisteman ap asasinen yon lòt fwa 3 elèv lekòl yo, lè nou konsidere se menm moun sa yo kite masakre elèv yo. Pandan pakou manifestasyon an, manifestan sa yo se poutan mande demisyon prezidan Aristid yo t ap mande. Men rive devan eveche a, Pierre Robert Auguste, ansyen minis enfòmasyon Janklòd Divalye ki te pòtpawòl manifestasyon an delivre yon mesaj kont pouvwa a. Bagay yo ta pra l gate yon ti tan aprè lè Jan Tatoun te vin rantre nan mach la epi ap fè flote drapo peyi Etazini sou tè Desalin nan. Menm kote a fas a pwovokasyon sa a, patizan pouvwa Lavalas la te koumanse entèvni e te kòmanse voye wòch, kout boutèy ak simen rigwaz tribò babò sou manifestan yo. 5 moun blese ak bal, pami yo yon ajan CIMO yo rele Pierre Richard Mézile ki te resevwa yon bal nan tèt e ki mouri aprè nan lopital.

Gwoup OP lavalas yo te dirije yo nan zòn Jibile pou te boule kay Jan Tatoun. Nan konfizyon, ralemennen vini, plizyè moun ki rete nan zòn nan resevwa kou epi anviwon 10 kay sakaje.

Aprè sa k pase nan vil la jou 28 novanm lan, 3 estasyon radyo, radyo Pwovensyal, radyo Kiss FM, radyo Endepandans kanpe nouvèl nan vil la akoz laperèz. Jounen vandredi 29 novanm lan te pase yon jan kalm. Bagay yo te rekòmanse samdi 30 novanm lan kote vè 6 zè nan aswè, lè machin yon patizan Amiot Metayer t ap pase nan zòn Dekawo, patizan Jan Tatoun poze lapat sou machin lan. Patizan Metayer ki aprann sa, debake nan zòn Jibile, fè tantativ pou rekipere machin lan nan men gwoup Tatoun. Nan lesefrape a, Evans Auguste, yon patizan Metayer tonbe anba bal. Dimanch premye desanm lan, byen bonè nan maten, sitiyasyon an te vin pi mangonnen. Fanmi ak patizan Evens Auguste debake zòn Jibile epi boule anviwon yon ventèn kay. Pami kay ki boule yo ou jwenn kay Sena Jozèf ki se delege vil Fanmi Lavalas Gonayiv la. Nan deblozay dife a, yon dam ki pote non Mimoz ak yon ti moun ki te anndan yon kay rive konsonmen anba dife. Sa pat rete la, menm jou dimanch 1e desanm lan ozanviwon midi, plis pase yon milye moun sou direksyon OP yo te manifeste pou pote apui yo bay prezidan Aristid. Sou tout pakou a, moun yo t ap di yo pap tounen lame d Ayiti ankò sou yo, ni tou yo pap tounen nan mawon ankò. Manifestan yo t ap lanse eslogan kont Konvèjans lan k ap marinen konplo ak «kominote entènasyonal» la, distribye lajan pou simen latwoublay pou merin meriken ka okipe peyi a.

Lendi 2 desanm lan, byen bonè nan maten, patizan Konvèjans nan zòn Dekawo te kòmanse boule kawoutchou, ak drese gwo barikad sou wout Dekawo, antre sid vil la. Sa te lakoz lekòl ak yon bon pati nan aktivite yo te bloke nan vil la.

Sitiyasyon k ap devlope, anndan peyi a, jounen jodi a mande pèp la fè anpil refleksyon, kale je l e ouvè je l pou ka byen konprann sa k ap pase, yon manyè pou nou pa tonbe nan plis tyouboum. Swadizan sa yo rele «Kominote entènasyonal» peyi Etazini alatèt fòje yon kriz aprè eleksyon 2000 yo, epi detere yon seri politisyen tradisyonèl, rat dokale, pou fòme Konvèjans la pou abouti ak pwojè peyi Etazini genyen pou peyi d Ayiti. Pwensipal travay yo, se atize konfli tribò babò pou jistifye entèvansyon lame Etazini anndan peyi a, epi kapote pouvwa lavalas la, e retounen ak lame dayiti.

Rive nan reyalite sa a, se sèl mas pèp k ap soufri depi 200 zan k ap pèdi. Boujwazi tilolit restavèk la ak mesye grandon vòlè tè makout yo pral taye banda sou do pèp la si sa fèt. Pou nou evite tonbe nan katchouboumbe saa; yon bò fòk tout òganizasyon popilè k ap soutni pouvwa Lavalas la pandan y ap manifeste pou kore pouvwa a, pa pran nan pwovokasyon Konzé konvèjans yo, pou pa fasilite pwojè entèvansyon «blan» an. Yon lòt bò malgre tout repwòch nou genyen kont pouvwa Lavalas la, nan fason y ap malmennen bak peyi a, pèp la pa dwe kite fristrasyon anvayi l, pou mennen peyi a nan pwojè Boushri/konvèjans makouto-boujwa a, ki vle pou retounen ak defen lame makout la.