MJPG An
n rekare batay la
Nou menm nan MJPG (Mouvman jèn pwogresis Gonayiv), nan sitiyasyon politik tèt chaje klas dominant yo, nan konplo ak gwo peyi enperyalis yo mete peyi a jounen jodi a, nou kwè ke se nan sèl rasanbleman ak inite fòs popilè konsekan yo kòm sèl mwayen estratejik pou batay kont dominasyon ak sistèm eksplwatasyon gran nèg yo mete sou tèt pèp la depi lanmò lanperè Desalin. Kòm tout moun konnen denpi lontan, 2 zèl klas dominant yo, grandon ak boujwazi patripòch, toujou nan chire pit youn ak lòt pou aparèy leta. Nou rete kwè se menm batay sa k ap kontinye jounen jodia atravè Fanmiy Lavalas ak Konvèjans lan, ki se 2 marasa, farin menm sak, tou 2 gen menm patwon 'blan' meriken reken. Ni Konvèjans, ni Fanmi Lavalas bliye se 'blan' meriken ki te touye Chalmay Peralt yon gason vanyan ki t ap goumen pou souverènte ak diyite peyi Dayiti. Politisyen sa yo bliye se menm blan meriken ki te touye kochon kreyòl ki te kanè bank peyizan yo. Nan sans sa, tou 2 sèktè politik sa yo echwe. Nan kafou batay pèp la rive jounen jodi a, fòk sèktè popilè a rekare batay la, reflechi epi makònen tout fòs pwogresis yo ansanm, tabli yon liy aksyon nan konstri yon veritab altènativ popilè, k ap charye revandikasyon pèp la t ap goumen denpi dikdantan. Pèp ayisyen pa fè tèt li ilizyon nan politik lakoubèt pouvwa Fanmi Lavalas ap mennen jounen jodi a, ak fason pouvwa anplas la kapitile jodi a. Se rezilta tout konpwomi politik prezidan Aristid te aksèpte: Nan sakrifye tout eli pèp la te voye ale reprezante l yo. Mete kanpe yon gouvènman makouto-boujwa ak Mak Bazen, Gari Lisad, Estannle Teya. Pandan ke tout revandikasyon pèp la tap goumen, tankou: jistis, lasante, ledikasyon, lavichè pa janm jwenn satisfasyon. Majorite ti moum lavil tankou nan seksyon kominal yo pa ka ale lekòl. Pa genyen wout; ti moso wout ki ekziste yo fin kraze tankou jan nou wè kalvè pasajè ak chofè ki frekante wout nasyonal nimewo 1 soti Gonayiv pou rive Senmak. Wout Gonayiv pou rive Pòdepè se yon lanfè. Telefòn tounen yon liks anndan peyi a. Pa genyen dlo potab, maladi tibèkiloz, malarya, tifoyid ap ravaje mas pèp la. Chomaj sèl wa, katrevenkenz sou chak san moun pap travay. Pwodiksyon nasyonal la depafini anba plan lanmò neyoliberal la. Douvan sitiyasyon malouk sa peyi a ap travèse jounen joudi a, MJPG mande yon lòt fwa tout òganizasyon popilè konsekan, tout komite katye, tout òganizasyon peyizan , òganizasyon fanm djanm, òganizasyon elèv ak tout pwogresis pote kole pou bati yon veritab altènativ popilè ki kab rache peyi a anba grif klas dominant yo ak gwo peyi sousè enperyalis yo.
Pou MJPG:
Fekyè Serafen, sekretè Gonayiv 4 nomanm 2002
|