16 Octobre, 2002

October 16 2002

16 Oktòb, 2002

Vol. 20 No. 31
Nouvel kout kreyòl:

Moun Grandans rele pou debwazman
Abitan nan depatman Grandans kontinye rele anmwey pou pye bwa k ap koupe san kontwòl nan rejyon an. Pye bwa sa yo ki itilize pou fè chabon, planch ak lòt bagay, ap fin disparèt nan sèl zòn peyi a kote ki te rete kèk ankò. «Tout kote yo vin ranmase chabon. Yo soti nan tout depatman; Nò, depatman Lwès, tout kote yo vin ranmase chabon...», selon yon sitwayen ki t ap di tou ke «yon sak chabon menm 75 goud ou pa kapab jwenn li...» Nan Pòtoprens, yon sak chabon vann anviwon 200 a 250 goud.

Lapolis pa pote prèv
Direktè Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ), Jeannot François, pibliye ankèt definitif sou zafè kidnaping Jacky Cantave la, ki te pase 15 jiyè a. Jeannot dit pa t gen kidnaping nan ka Cantave ak zanmi li Frantz Ambroise la. Pandanstan, responsab DCPJ la kwè se komisè gouvènman an ki dwe di ekzakteman sa ki te pase. François wè apil pawòl ki pa kòdyòm te soti nan bouch Cantave ak zanmi li an e ke rapò medikal yo pa t montre yo te maltrete 2 moun sa yo. E li te gen dout sou enkoni yo di, ki ta jwenn 2 mesye yo. Komisè a te voye jete byen lwen zafè aksidan machin lan tafè a, piske li konprann divès moun te wè machin Cantave la te deja frape anvan kidnapping lan. Jeannot François regrèt jounalis la te kite peyi a ak fanmi li. Finalman rapò a sèvi sèlman pou repete sa lapolis t ap pledi di depi lontan, san li pa pote okenn prèv.

Reprezantan Etazini nan OEA a mande rapò final la
Reprezantan Etazini nan konsèy pèmanan OEA a, Peter DeShazo, mande pou gouvènman ayisyen an pibliye rapò final sou evènman 17 desanm 2001 an. DeShazo ki te wè, menm jan ak chèf misyon espesyal OEA a, David Lee, ke rapò 12 septanm lan pa t konplè, mande dènye rapò a. Yon rapò definitif li kwè k ap satisfè kondisyon rezolisyon 822 a. DeShazo ap tann nan rapò sa a, yon seri enfòmasyon ekzak sou evènman 17 desanm lan.

Jounen andikape mantal yo
Se jounen 10 oktòb la, yo konsidere nan divès peyi kòm jou pou yo andikape mantal yo. Ann Ayiti, jounen sa a te pase kòm tout lòt yo. Ann Ayiti gen senpman 25 doktè sikyat ak 2 sant nan domèn lan, ki se Defilé nan Beudet e Centre Mars and Klein. 2 Enstitisyon ki pa gen mwayen touche tout kantite moun nan peyi a.

Senatè yo ap kalewès
Senatè Lavalas Sid la, Yvon Feuillé ki se tou vis prezidan sena a te pran kòn lan, pou denonse kolèg senatè yo k ap kalewès nan palman an. Feuillé te vekse lefèt konpayèl li yo prezidan Aristide te konvoke depi 7 oktòb la kontinye ap mòde lage nan palè lejislatif la. Li te menm rive pou di ke fòk yo «kouri debarase palman an, ak palmantè san sousi yo». 17 lwa gen pou vote nan palman an, pandan sesyon ekstrawòdinè sa a.

Kisa ki pase bò fwontyè a?
Militè dominiken kontinye pimpe plizyè dizèn Ayisyen tounen sou fwontye a, nan zòn Beladè. «Yo mete nou deyò poutèt Aristide mande pou tout moun vin nan peyi yo, pou yo ka vin vote. 5 machin moun yo voye tounen... Menm kòb manje nou pa genyen. Se nan galri kay sa a nou dòmi...», selon yon rapatriye.

Sa fèt kèk jou apre dominiken te fin rache plizyè ayisyen nan zòn Elias Piñas, ki toupre fwontyè a. Zak sa a te rive, daprè asasen yo, paske yon ayisyen te touye yon dominiken. Yon ekip ki gen ladan reprezantan ministè Enteryè ak sekreteri Deta sekirite piblik, te kouri al nan zòn nan. Men anyen serye pa t soti pou moun ta konnen sa ki te vreman pase. Zotobre dominiken yo te fè kwè ke se move trafik ak komès anba chal, ki ta alabaz seri deblozay sa yo. Pawòl sa yo ap toujou kontinye repete pou maske laverite, sitou lè otorite ayisyen yo pa janm pran responsabilite yo.

Ziegler ap voye flè!
Ekriven swis ki te fè prefas yon liv prezidan Aristide, Jean Ziegler e ki responsab dwa pou manje nan Loni, nan yon entèvyou li te bay radyo Metwopòl, di li wè 35% popilasyon an nan malsite, ke Ayiti merite yon «liberasyon». Li te kritike sitiyasyon agrikilti a nan peyi a e li te kalifye dirijan Lavalas yo kòm moun ki pa gen kapasite e li te wè retou Aristide an 1994 la pa chanje anyen.

Poutan Ziegler te jwenn mwayen konplimante kèk dirijan Konvèjans li wè ki konnen, tankou li te pran ekzanp Gérard Pierre-Charles. Konsa tou, li te wè se sèl yon politik rekonsilyasyon nasyonal, ki pou wete peyi a nan sa li ye lajounen jodi a, yon pawòl anlè ki pa vle di anyen. Ziegler sanble gen lè pa konnen si se politik «rekonsilyasyon» sa a an 1994, ki youn nan koz, ki mete peyi Dayiti nan sa li ye a.

Logo 2004 la nan lari
Nan papòt 2004 ki pral bisantnè endepandans peyi a, yon seri inisyativ gentan mete sou pye. Konsa, minis Lakilti ak Kominikasyon an, Lilas Desquiron, lanse ofisyèlman logo yo chwazi pou fete «gran fèt revolisyon» an. Minis lan ki di gen divès aktivite k ap tanmen jis an 2004, ankouraje tout enstitisyon e menm antrepriz komèsyal, pou yo sèvi ak logo sa a, ki deja nan lari. Logo sa a te chwazi nan yon konkou.

Lajistis nan kestyon evazyon Gonayiv la
Deklarasyon chèf Leta a, Jean-Bertrand Aristide, ki te fè kwè ke se lajistis sèlman ki pou regle dosye Amiot Métayer a, parèt dwòl pou NCHR (Kowalisyon nasyonal pou dwa ayisyen yo). NCHR nan yon deklarasyon Pierre Espérance kwè limenm ke otorite Lavalas yo pa dwe kase fèy kouvri ensidan grav Gonayiv yo kote divès prizonye (Métayer, Jean Tatoune ak yon santèn lòt) te sove. NCHR kwè otorite yo ta sipoze plis ankouraje lajistis pini tout koupab yo.

Clark Parent ak Gourgue soti nan twou
Ansyen senatè Clark Parent ak «prezidan popetwèl» Konvèjans lan, Gérard Gourgue reaparèt sou sèn lan. Clark Parent ki pa nan Konvèjans lan ankò ak PADEMH li an, di prezidan an ap di pawòl jounalis viktim yo se «montaj», pandan menas kontinye ap fèt kont sektè sa a. Clark te pran ekzanp asasina Brignol Lindor ak Jacky Cantave ki te kite peyi a, anba menas.

Menm jan tou, «prezidan» Gourgue ki t ap patisipe nan 24 triyèm anivèsè Pati Demokrak Kretyen Ayisyen (PDCH) Osner Févry a, te denonse menas sou jounalis yo. E li te di pou laprès la pa bat ba. «Prezidan» Konvèjans lan te pwofite voye boulèt kanno sou Lavalas, li wè ki itilize pouvwa menm jan ak ansyen rejim yo.

Lajistis mande kolaborasyon lapolis
Se lendi 2 oktòb la, ke responsab lajistis yo nan depatman Sidès la te fè ouvèti travo jidisyè ane 2002-2003. Se te Rock Cadet, dwayen tribinal sivil la, ki te fè ouvèti seyans lan, e li te fè bilan ane 2001-2002 a. Aprè te gen komisè gouvènman Jakmèl la, Lionel Constant Bourgouin ki te pran lapawòl, kote li te kritike lapolis nan depatman Sidès ki pa vle kolabore ak lajistis. Komisè Bourgouin te mande a tout oksilyè lajistis nan depatman an plis disiplin ak transparans pou bon fonksyonman aparèy jistis la. Lòt pèsonaj ki te pran lapawòl, se responsab lòd avoka Jakmèl la Luc François, li te pale de lapolis kòm oksilyè lajistis ki dwe pran responsabilite yo kòmsadwa yon fason pou jistis la kapab genyen yon lòt vizaj non sèlman nan depatman Sidès la, men nan tout peyi a.

Yon jèn gason pèdi lavi nan min tif
Sa gen anviwon 3 semèn nan lokalite Lafou, yon zòn ki pa twò lwen vil Jakmèl, yon mesye ki pote non Levy Jean Gilles, ki gen 35 lane, rive pèdi lavi li anba yon twou tif li t ap fouye. Sa te rive aprè yon eboulman kote viktim lan te twouve li anba min lan. Majistra Jakmèl la Hughes Paul te fè konnen ke se paske ministè Min pa pran responsabilite li ki fè moun k ap travay nan min yo toujou mouri fason sa yo. Bò kote kèk lòt travayè min lan, yo fè konnen ke se paske peyi a gen twòp mizè, moun pa jwenn anyen pou yo fè ki koz yon jèn gason tankou Levy ka pèdi lavi li nan yon kondisyon konsa. Levy Jean Gilles mouri kite 4 timoun ak madanm li.

Dezòd nan lekòl nasyonal Kolen
Semenn ki sòt pase yo, yon gwo deblozay te pete nan lekòl nasyonal Kolen lan. Sa te rive apre direktè depatmantal edikasyon Sidès la Kesner Posi te pran desizyon pou transfere direktè lekòl Kolen lan, Jean Gardy Jean-Baptiste pou koz endisiplin e enstale lan plas li yon lòt direktè ki pote non Vital ki te deja ap travay nan zòn lan. Kèk pwòch direktè Gardy Jean-Baptiste leve lannwit pou yo fèmen pòt lekòl la e sa kòz elèv yo paka antre nan lekòl la.

2 asasina nan Twou di Nò
Zòn Twou di Nò, nan lokalite Kachiman, nan lannwit jedi 2 oktòb la, yon polisye ajan te mouri sou plas ak chofè taksi li te monte a, ki te al mouri nan lopital. Zak sa a ki te fèt sou wout nasyonal la. Otorite lapolis ak lajistis te jwenn kadav yo ki te mare ak fil fè, te tyaktyak ak kout kouto e ak bal tou. Dapre enfòmasyon se ta 2 moun sou motosiklèt ki tap swiv viktim yo nan taksi a. Sa fè plizyè fwa bandi atake ak piye machin nan zòn Twou di Nò.

Kanbis yo mete inifòm
Divès kanbis nan lari a mete yon inifòm sou yo, ki make «Kanbis-Asosiyasyon kanbis Pòtoprens», apre lapolis te mande yo fè sa. Se yon bagay ki bon dapre kèk nan yo, men kèk lòt derefize mete inifòm lan. «Non, nou pap janm met inifòm», te di yon kanbis. Genyen ki di ke polis komisarya Kafeterya te mande «nou peye 1000 goud», pandan ke yo pa konn «pou ki rezon».

Yo gen tou, yon nimewo sou inifòm yo. «Mwen menm se 0015. Si ou al pote plent, pou ou kapab di men tèl moun ki te vann ou. Men tel nimewo, men tèl adrès li, men kòman li rele» dapre sa yon kanbis te presize ; «... paske gen moun ki ilegal nan lari a, k ap achte kòb moun, k ap bay moun fo lajan...»

Lapolis ap fè fouy
Samdi 12 oktòb la, nan divès zòn otou Pòtoprens yo, chofè ak pasaje te depasyante ak fouy polisye yo t ap fè, pa egzanp nan Petyonvil, Dèlma, Kanapevè, pandan plizyè èd tan. Ajan polis byen ame t ap chache «zam ak dwòg», si moun konprann sa pòtpawòl lapolis la, Jean Dady Siméon te eksplike.

Nan yon rankont madi 8 oktòb la, prezidan Aristide te mande tout moun pou kolabore nan ranmase zam. Li te raple «kanpay zam pou dola a» ke okipan yo te lanse an 1994 la, e li te di kanpay dezameman an ap fèt nan kad respè aplikasyon rezolisyon 822 a.

Konvèjans vle mete fondatè li deyò!
Desizyon responsab Konvèjans yo te pran pou te pouse do lidè ALLAH a, Reynold Georges deyò nan regwoupman yo a, pa t manke leve plim sou do Georges ki te rive di ke «tout moun ki pa vle kolabore nan pwosesis dedomajman an, yo vle kenbe peyi a nan kriz la pi plis. Konsa, yo se lennmi peyi a, e si yon moun se lennmi peyi mwen, li se lenmi m tou». Georges te ajoute: «Konvèjans lan se zèv mwen e tout papye l yo se mwen ki te fè yo. Mwen te siyen kòm manm fondatè. Nèg yo ap gen konprann, yo pap kite mwen rele yo nan tribinal, pou yo chanje non Konvèjans lan, ni MPSN. Yo ap chanje l yo menm.»

Bò kote pa l, reprezantan MDN nan MPSN/Konvèjans lan, Hubert de Ronceray wè ke se «Gran sipriz misye Georges, depi l fin jwenn dedomajman an, li chanje lang... Li te deklare tout moun ki pa kolabore avèk demach rejim Lavalas la, yo kont enterè peyi a e yo se lennmi politik li. Noumenm, nou konprann trè byen mèt Georges, kay li te boule, sa se nòmal, sa se lojik li kontan resevwa lajan an. Ankò se byen, nou dakò avè l, men lè li di nou se moun ki kont enterè peyi a e li trete tou lennmi politik li, sa parèt grav...»

Aristide di fè atansyon ak laboratwa a
Nan palè nasyonal madi 8 oktòb la, prezidan Aristidete mete tèt li kòm pi gwo defansè jounalis ki te ekziste. Chèf Leta a te wè libète laprès ak pou moun pale dwe yon garanti nan peyi a. Nan rankont sa a ki te fèt ak kèk responsab sal nouvèl, chèf deta a te poutan di gen yon «laboratwa» k ap travay kont peyi a. Nan sans sa a, prezidan Aristide te fè wè «laboratwa a ta ka atake w, pou fè w bay rejim Lavalas la fado pote», e li te di jounalis yo pou yo fè atansyon pou yo pa pran nan pyèj «laboratwa» a.

Yon gid jiridik pou fanm
Prezidan «Fanm nan demokrasi» a, ansyen minis Marie Laurence Jocelyn Lassègue, madi 8 oktòb la te lanse nan Inivèsite Kiskeya yon gid jiridik, pou fanm ayisyen yo. Liv sa a ap fè fanm yo pran konsyans sitiyasyon yo e pèmèt yo plis konn dwa yo, selon visprezidan asosiyasyon an, Nadine Perrault. Fanm nan demokrasi ki fè pati yon rezo entènasyonal gen 5 òganizasyon fanm ayisyen ladan li. E mouvman sa a te lanse an 1997 Ozetazini. Se madan ansyen prezidan meriken an, Hilary Clinton, ki te kreye li.

Chèf Leta kite «Kiben» bay lajistis
Prezidan Aristide di ke li kite dosye Amiot Métayer an nan men lajistis. Selon prezidan an: «Nou te di klèman li pa t fèt pou te gen nouvo masak nan Raboto. Fòk lalwa e lapè te blayi, fòk gen lapè, pou pèmèt tabli yon Leta kote lalwa aplike.»

Kèk fakilte louvri
Fakilte Syans enskri lane sa a 220 etidyan, Medsin pran 140 e Syans imèn pran anviwon 200. Divès lòt fakilte kouwè Nòmal ak Lengwistik poko bay pa yo. Atout sa, ane inivèsite a gentan kòmanse. Kèk fakilte deja ap fonksyone. Poutan, manm Fwon rezistans lan toujou menase bloke fakilte yo.

Sa moun yo ap fèak fatra?
Yon santèn moun k ap jete fatra nan lari te jwenn arestasyon yo, nan divès katye Pòtoprens: nan Nazon, Dèlma, sant vil la. Moun ki arete yo gen pou pase plizyè jou nan prizon e peye mil goud kòm amann. Poutan, pil fatra nan lari a e nan pwen poubèl pou moun jete yo.

Yo touye 6 Ayisyen bò fwontyè a
Dominiken touye 6 Ayisyen al lage yo sou fwontyè a, zòn Elias Piñas ak Beladè. Pretèks la se ke sa te rive apre yon ayisyen te touye yon dominiken.

Monseyè Romélus vle yon KEP kredib
Se sèl yon konsèy elektoral kredib ki ka òganize eleksyon onèt nan peyi a, selon evèk Jeremi an, monseyè Willy Romélus. Sa ap ede peyi a sòti nan twou kote li ye a, si moun konprann responsab legliz katolik la. Li te envite tout sektè politik yo, mete zafè «pa» akote, pou sòti peyi a nan «kriz» li ye a.

Yon evèk koadjitè pou Gonayiv
Se devan chèf deta a ke nouvo evèk koadjitè Gonayiv la, monseyè Yves Péan te prete sèman nan mèkredi 9 oktòb la, nan palè nasyonal. Monseyè sa a pral travay bò kote monseyè Emmanuel Constant. Seremoni an te dewoule an prezans nons apostolik la monseyè Luigi Bonazzi ak divès lòt pèsonalite.