| Enstalasyon
majistra pa rete batay la nan Site Solèy
Se vandredi 6 septanm lan vè 10 zè nan maten, minis Enteryè gouvènman Aristide/Neptune lan, Jocelerme Privert, te enstale nouvo katèl majistra komin Site Solèy la, ki konpoze ak: majistra prensipal Fritz Joseph, Noëlsaint Bienfait (adjwen), Jaclyn Exantus (adjwen). Seremoni enstalasyon sa a te fèt nan lokal lameri a ki nan Avni Solèy #74.
Nan okazyon an anpil pawòl te pale, divès pwomès te fèt tou. Minis Enteryè a te pwomèt katèl la li ap garanti komin lan mache byen nan enterè popilasyon an. E li te mande efektivman pou manm katèl la pran responsabilite yo. ... «Responsabilite ki pral fè Site Solèy yon komin ki pa klase pami komin ki pi pòv yo. Responsabilite pou fè komin sa a yon gran komin menm jan ak Dèlma, menm jan ak Petyonvil, menm jan ak Pòtoprens, menm jan ak Taba, menm jan ak Kafou», selon minis Privert. Non sèlman minis lan pa di sa k pral fèt pou sa, men li manke eksplike sa li rele «gran komin» lan.
Pou bò pa li, majistra prensipal la, Fritz Joseph, te pwomèt: «Nou pral goumen kont tout moun k ap pa yon mwayen ou pa yon lòt, pou yon rezon ou pou yon lòt ap travay pou destabilize Site Solèy; san nou pa bezwen pran lajistis avèk lapolis, nou panse n ap rive fè sa kan menm...». Pa ki mwayen? Menm lè majistra a te pretann: «Nou pa pral fè abi pouvwa sou pyès moun...» Konsènan «konfli ant yon seri gwoup ame, sa a se bagay moun wè toutan. Se pa senpman nan Site Solèy... Nan ka sa a, n ap goumen senpman ak dyalòg, n ap mete mekanis an plas, pou n pèmèt yo viv tankou frè. Menm lè yon moun mouri, se yon bilan ki lou. Piske gen 4 moun ki moun ki mouri, nou ka di se yon bilan ki trè lou, paske moun pa gen dwa mouri», te deklare majistra a. Yon bilan ki pi lou pase sa majistra a di a, piske depi plis pase 20 jou, plis pase 20 moun gentan pèdi lavi yo, divès kay boule, plizyè dizèn moun blese. E enstalasyon nouvo katèl la te fèt ândan kay kontinye ap koule.
Kanmenm, ni anwo Ray ni anba Ray san te kontinye ap koule. Apa 20 moun ki te mouri ak 500 ti kay anviwon ki te detwi yo, yon santèn moun te blese e plizyè vyòl te fèt sou fi nan komin lan. Seri vyolans sa yo te rekòmanse apati lendi 19 out la. Lendi 2 septanm yo te mete dife nan «legliz de Dieu» ak nan yon lekòl. Nan seri chire pit ant divès gwoup ame yo, plizyè chèf baz pèdi lavi yo. Yon moun nan site a t ap eksplike: «Sòti lendi 19 pou rive jodi a, 16 jou depi gen yon gè tèt chaje anba a, ki te kòmanse ak yon sitwayen yo rele Ti Frè, ki te tire yon lòt ki rele Valentin. Yo tou 2 se manm baz. Se ke zam Ti Frè a ki se yon 9 milimèt, misye te rive sezi l, li mande li pou l renmèt li li. Ti Frè a tire Valentin an lendi 19 out la a 8 tè diswa. Epi apre sa a, se goumen san rete ki anndan an. Gen plis pase 20 moun ki mouri anba a. Genyen plis pase yon santèn moun ki blese tou. Gen dife ki pran pandan 3 fwa. Jou 19 la dife te pran, mèkredi dife te pran tou nan zòn Ray, plis pase 400 kay boule. E yè swa dife te pran nan zòn Nèf la. Yè la a gen yon gwo chèf ankò nan Solèy 9, ki rele Ti Lepè ki mouri. Gen yon chèf nan 13 la ki rele Ronald, ki pran katouch nan dèyè ak nan kwis li. Tout sa se anpil aktè ki tonbe. Gen lekòl ki boule, gen kay ki boule, gen legliz de Dye an Kris ki nan zòn Ray la, ki kraze rapyetè. Se konsa bilan an prezante, san konte fanm yo fè kadejak sou yo, san konte moun yo bat. E chak jou y ap fè popilasyon an bay kòb, pou yo achte katouch.»
Yon lòt temwen te ajoute: «Se anachi total. Gen 2 komisarya anba a, yo enpisan. Nou pap kouri di yo enpisan, paske gen polis yo menm ki di, se lòd yo resevwa pou yo pa di anyen... Mwen jwenn tout polisye yo. Sa k ap jwe bezig, sa k ap jwe kat...», selon temwen sa a ki te repwoche chèf Leta a ki rete nan silans li lè popilasyon sa a pran anba bandi yo.
Kèk palmantè Lavalas te eseye bay dizon yo sou sa k ap pase a. Angevil Gilvert ki manm komisyon sekirite lachanm depite a te deklare: «Vyolans ki gen nan Site Solèy depi plizyè lane a, donk se yon vyolans sosyal... Nou panse lapolis gen responsabilite pou travay, pou mete lòd.» Nan menm sans lan, senatè Nòdwès la, Evalière Beauplan te di ke «se pou responsab yo antre anndan Site a pale avèk yo e mande yo, pou yo bay yon kanpo e nan ka kontrè, m panse fòk lapolis aji, paske kèk fwa gen anpil moun k ap mouri nan peyi a, se twòp tolerans», dapre senatè a ki bliye si prezidan ki sòti nan pati li an, Jean Bertrand Aristide, te konn fè seri «dyalòg» sa yo l ap mande a, men ki toujou «lave men siye atè», paske yo pa pote pyès solisyon dirab.
Antouka, moun ki viktim nan komin Site Solèy pa wè bagay yo konsa. Youn te deklare: «Se pa serye pou yon gwoup nèg ap goumen toutan, toutan, toutan y ap touye moun, y ap vyole moun, y ap kraze kay moun. Chèf peyi a, prezidan peyi a, ou rele l plizyè fwa, li chita ak yo, pa gen youn nan yo ou menm bay yon vizaj, ou menm boude sou yo, alewè pou w ta ba yo manda, alewè pou w mete yon dosye lajistis dèyè yo...»
|