7 Août, 2002

August 7, 2002

7 Out, 2002

Vol. 20 No. 21
PPN ap kontinye mobilize kont pwojè makawon Lavalas la!

Enstalasyon zòn franch lan nan Maribawou, depatman Nòdès peyi a, kriz anndan inivèsite, distans pouvwa a pran ak pèp la, se 3 nan prensipal pwen ki montre mak fabrik gouvènman Lavalas la.

Konsa, pa gen lontan depi palmantè Lavalas yo deside kwit kawòt la, kote yo vote pwojè lwa sou zòn franch lan. Yon espas ki pral tabli sou 1875 kilomèt kare toutolon fwontyè a, sou tè peyi Dayiti. Tè ke gouvènman ayisyen ak konplisite kèk konpayi prive dominiken e gouvènman dominiken e meriken, te rache nan men ti peyizan Pitobè ak lòt zòn ki sou fwontyè a. Palmantè Fanmi Lavalas yo ki cho pase leve danse nan palman an, pa t menm wè grav konsekans yon akò akwòkò konsa pral genyen sou avni ti peyizan malere, malerèz e sou avni tout peyi a. Kòm zafè peyi sanble pa zafè depite ak senatè Lavalas yo, yo kwoupi kò yo nan palman, pou fè tout «bagay» pase, fò w ta di se yon bòkò visye «mezi lajan w, mezi wanga w».

Konsa, nan konferans près li te bay lendi 1e out 2002 a, sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal (PPN) la, te manyen 3 prensipal pwen tèt chaje nou te site pi wo a. Sou zafè zòn franch lan, Benjamin Dupuy pa t bouke dekonse move plan gouvènman Aristide/Neptune lan, li wè ki pa konstitisyonèl e ki kont enterè pòv malere. Li te egzamine fason OEA ak anbasadè meriken ladan li an, Roger Noriega, vin trete dosye Ayiti a. Kidonk, OEA ak administrasyon Bush la ki te pi pwòch pozisyon Konvèjans la, fè yon viraj moun pa ki pa fasil pou moun eksplike yo. Dirijan PPN lan te wè nan «reviman» sa a se lefèt ke Aristide deside bay plis pase sa li te bay deja. «OEA pase yon pakèt tan ap mete presyon sou gouvènman Lavalas la an favè Konvèjans lan. Nan dènyè vizit Einaudi a, nou wè baton an chanje bout. Kounye a, se sou Konvèjans OEA ap mete presyon. Dènye presyon li sòt bay nèg yo la a, se anbasadè Noriega ki reprezante Lèzetazini nan konsèy pèmanan OEA a, ki ekri Konvèjans lan yon lèt pou di yo: se twòp atò! Bal la fini, pou yo siyen lòd yo prezante a. Nou konnen nèg yo vini ak yon pwojè definitif yo mete sou tab la. E prezidan Aristide di limenm, li pa gen pwoblèm ak tout sa yo mete ladan l... Donk, poukisa reviman sa a?», te kesyone Dupuy, ki jwenn nannan rezon an: «Enben, rezon ki fè OEA chanje fizi l zepòl, sa l t ap chache a, prezidan Aristide ba li l. Savledi, prezidan Aristide ap vann 1875 kilomèt kare peyi a bay yon konpayi nèg yo fòme sou baz yon akò 3 pati... Kontrè ak konstitisyon an, ki di: peyi a pa pou vann ni an detay, ni an gwo... Paske tout bagay fèt anba tab», te fè remake Ben Dupuy ki te pote lòt enfòmasyon: «Se konpayi Taywanè ki gen izin soutretans nan repiblik dominikèn ka pral vin envesti nan pati tè w ap vann lan...» Kidonk, se nan lojik sa a Aristide te di li jwenn 55 milyon dola ameriken, kote 40 milyon se pou «pwojè». «40 milyon dola pou ki pwojè? Ki pwojè? Sa yo rele pwojè? Pou ki li pa eksplike bagay la klèman?»

Nan konferans sa a, sekretè jeneral PPN lan te fè wè tou kouman gouvènman Lavalas la chak jou ap demake òganizasyon popilè yo, ki poutan te bay tout fòs ak enèji yo, pou yo te mete li kote l ye a. Li te pran ekzanp KOZEPEP ki te batay pou fè eleksyon 21 me ak 26 novanm 2000, ki pou kounye a « dirijan li yo blije kraze raje». Se konsa li te ajoute: «Atansyon! Prezidan Aristide pa mare ak pèsonn. E, pou l rete nan palè a, pa gen bagay li pap sakrifye. Li sakrifye senatè, li sakrifye depite, li sakrifye majistra, kazèk, azèk, elatriye. Donk, se pou yo (OP yo) mete bab yo alatranp...»

Sou kestyon sa yo rele «kriz» ki gen konyè a nan inivèsite a, moun konnen lè se pa batay ant etidyan divès sansibilite nan Etnoloji, se kriz nan Medsin, nan Inaghei, nan Agwonomi, etsetera. Kriz fabrike yon ti ponyen nan inivèsite a, ki pa an favè grann majorite etidyan yo e peyi a alafwa. Anfen, kriz politisyen fabrike detout pyès, pou fè pase entetè politik ou enterè lajan yo.

Dènye «kriz» ki te sòti pou fè moun pa wè klè nan jwèt k ap fèt la, se lit enterè ant manm CIF (Komisyon entè fakilte) ki pwòch rejim an plas la ak FEUH (Federasyon etidyan inivèsite ayisyen) ki sanble panche sou pozisyon OPL/Konvèjans lan anndan ansanm inivèsite a. Lit ki tèlman ap dejenere, ki pote ale rektè inivèsite a Pierre-Marie Paquiot, ki li tou ta pwòch kouran FEUH la. Sa vin bay nesans a enjerans tout sòt e palmantè Lavalas yo e ministè Edikasyon nasyonal ki ap jwe kontmaltaye desizyon yon tribinal refere, ki te mande Paquiot bay talon li, pou ministè Myrtho Célestin Saurel ap dirije a vin pran lamayòl la. Kidonk ministè a nonmen tou cho, tou bouke yon komisyon pou pran larelèv nan rektora a. Yon aksyon Paquiot, divès pwofesè e dwayen fakilte Leta yo, plis FEUH denonse. Aksyon tou ki lage jwa lakontantman nan kè manm CIF yo, ke 6 pami yo te fè yon «grèv grangou», pou te mande depa Paquiot e fòmasyon yon komisyon, pou ki chita sou «otonomi» inivèsite a. Chirepit ant patizan 2 kan yo, ki kontinye ap gwosi.

Dirijan PPN lan te panche sou divès lòt dosye, tankou menas ki sou tèt laprès, te deklare: «Donk, jounen jodi a, nou wè gen yon lòbèy nan inivèsite a. Men, se menm goumen an ki ap fèt. Se pou separe pouvwa nan tout enstitisyon Leta yo. Se pa anyen pou pèp la k ap regle, ni pou malere etidyan, moun nan pèp la ki ta gen yon ti lòsyè, pou y al pran lakonesans nan inivèsite. Konsa, se degraba y ap degraba tout enstitisyon peyi a, pou apre sa, menm jan y ap vann pòsyon tè peyi a, pou yo privatize yo, pou yo vann yo bay gran nèg, sitou etranje...» Benjamin Dupuy te ajoute sou sa: «Men si nou gade byen, prezidan Aristide gen pwòp inivèsite prive li, Benoît ki nan Konakom, li gen lekòl prive li. Donk, ki enterè yo genyen pou defann yon inivèsite Leta?»

Tout sa montre kòman PPN pa nan danse kole ak gouvènman Lavalas la k ap likide peyi a lajan kontan ak rezo boujwa nan «kominote entènasyonal» la. Pozisyon ki denonse distans Aristide ap pran parapò ak OP yo e kriz ki pwovoke nan inivèsite a, yon fason pou Fanmi Lavalas ak Konvèjans separe inivèsite a pak an pak, kont enterè etidyan yo e popilasyon malere a. Fas a yon sitiyasyon konsa PPN ap kontinye mobilize mas pèp la, ki sèl fòs pou kwape pwojè politik lakoubèt dirijan Lavalas yo.