31 Juillet, 2002

July 31 2002

31 Jiyè, 2002

Vol. 20 No. 20
15 zan apre Masak Jan Rabèl la

Madi 23 jiyè a sot fè 15 ane apre masak ti peyizan Jan Rabèl yo. 15 zan depi divès gouvènman chanje, poutan ankèt la pa janm sispann «se poursuit», menm lè paran viktimk yo ak viktim yo konstate bouwo yo ak konplis yo kontinye ap mache lib e libè nan peyi a.

Plis pase yon santèn peyizan te rasanble sou Plas Mati a nan Pòdpè, jou madi 23 jiyè 2002 a, pou te mande jistis e arestasyon asasen yo ak konplis yo. Òganizasyon peyizan yo te mache nan divès kwen vil la, rive jouk nan pakè tribinal sivil Pòdpè a, pou te reklame eksplikasyon sibstiti komisè gouvènman sou dosye a. Manifestan yo te kritike chèf leta peyi a Jean-Bertrand Aristide yo te akize kòm konplis nan blokaj dosye a. Youn nan dirijan òganizasyon peyizan yo te deklare: «Nou pa gen lespwa tou nou pral jwenn jistis ak jij sa yo ki kowonpi, ki pouri. Prezidan repiblik la pa janm gade kouman nou pral jwenn jistis.. Nou bezwen yon komisè, yon jij enstriksyon pou fè dosye a vanse.»

Plizyè foto viktim Jan Rabèl yo, plizyè foto Jean Léopold Dominique, Jean Marie Vincent, pè Ti Jean Pierre-Louis, Antoine Izméry, e Guy Malary te nan men peyizan yo ki t ap reklame pou yo mete bouwo yo anba kòd. Peyizan sa yo ki fè pati Tèt kole ti peyizan depatman Nòdwès ki te sibi masak sa a pa t pran manke denonse negosyasyon pataj Konvèjans lan ap fè ak gouvènman Lavalas la ki kontinye ap likide peyi a. Yon peyizan Tèt kole te li mesaj sa a toujou sou plas Mati a nan Pòdpè. «Dezespwa, dekourajman, konfizyon, pwomès, desepsyon, konplo, bay manti ak magouy kont ti peyizan sa yo... se gouvènman gwo ponyèt ki t ap dirije peyi a, ki fè menm jounalis pa t ka al jwenn peyizan yo, pou bon jan enfòmasyon te bay popilasyon an. Sa fè jouk kounye a dosye masak Jan Rabèl la rete pa klè pou anpil moun nan popilasyon an. Okontrè se bouwo yo ki te gen okazyon monte sou Televizyon nasyonal, pou al di ak pwòp bouch yo konbyen moun yo tiye. Jouk jodi a peyizan yo poko deklare kilès ki te fè gwo fèt ak resepsyon pou fete masak la.»

Nan menm madi 23 jiyè a ki make 15zyèm ane masak sa a ki te fèt 23 jiyè 1987, Rasanbleman òganizasyon viktim koudeta 88 ak 89 te bay yon konferans pou laprès pou te denonse otorite lajistis yo ki pa gen pyès volonte pou fè dosye a vanse. Oganizasyon sa a te deklare: «Jounen jodi a,... viktim yo ap poze tèt yo kesyon, èske otorite lajistis yo pa responsab yo menm, nan san pèp ayisyen an, ki toujou ap koule paske, si yo te poze lapat sou kriminèl jodi a jiska jiyè 87 yo, pa t ap genyen Fresino, 11 septanm Sen Jan Bosko, 29 novanm 87, 5 desanm 90, 29 e 30 septanm 91, 12 mas nan Pyat, 28 jiyè 2001, 17 desanm 2001, 20 mas sou Pon Moren. Lè viktim yo pale de tout masak sa yo, yo wè gen 3 sektè ki toujou viktim anba men moun ki pa vle demokrasi yo. Se sektè k ap defann koz peyizan yo, sektè peyizan an li menm e sektè laprès la, ki se pòtvwa peyizan yo... N ap di sa klè, n ap mande minis Lajistis la pran men l pou viktim yo pa mete l nan menm kan ak kriminèl.»

Plizyè lòt gwoup montre yo solidè ak peyizan Jan Rabèl yo. Platfòm òganizasyon dwa moun (POHDH) te kondane mank volonte otorite yo, ki pa vrèman travay pou dosye Jan Rabèl la rive nan bout li. Platfòm nan te denonse liberasyon kèk sispèk ki te arete e montre ke pyès mezi pa janm pran pou nominasyon yon jij enstriksyon sou afè a. Tout sa montre POHDH yon fwa anplis, enpinite a se yon bagay deta ann Ayiti.

Nan Pòtoprens, viktim koudeta 30 septanm yo, viktim Raboto, Kafoufèy, Ti Bouk Obòy, elatriye, te pran randevou nan dat 24 jiyè a devan ministè Lajistis pou te reklame swa arestasyon ak jijman kriminèl ki poko jije yo, oswa reparasyon. Nan moman sa a, viktim sa yo te panse a masak Jan Rabèl la. Yo te mande arestasyon e jijman asasen yo. «Aparèy lajistis Pòdpè a gen anpil pwoblèm otorite nan ministè Lajistis ta sipoze rezoud, e se sa ki pral lakoz yon gwo domaj pou relanse dosye Jean Rabèl la, paske jiska prezan, lè yo nonmen yon jij, Faustin Elibert sou dosye Jan Rabèl la, poko gen anyen ki fèt», te deklare Lovinsky Pierre Antoine nan Fondasyon 30 septanm.

Masak peyizan Jan Rabèl yo te fèt nan dat 23 jiyè 1987 la, kote anviwon 134 peyizan te pèdi lavi yo. Abitan nan komin sa yo te akize grandon, ansyen makout, atache ak militè sou rejim jeneral Henry Namphy) a, kòm lotè ak konpliz. Peyizan yo mande arestasyon plizyè gwo toryan ki kontinye ap paweze san kè sote, tankou arestasyon Orilien Délien, Lourdy Hérard, Prosper Gentilhomme ak divès lòt kòkòday yo. 15 ane apre masak Jan Rabèl la peyizan yo konstate ke «prezidan monte, prezidan desann, gouvènman monte, gouènman desann, palman monte, palman desann, revandikasyon peyizan yo rete menm jan an, kriminèl yo menm ap taye banda yo, nan tout bwat leta yo tankou aletranje...»



Kisa k ap regle nan Inivèsite a?

Se lendi 29 jiyè a, 6 etidyan grevis yo te gen pou leve grèv lafen yo te kòmanse nan mèkredi 24 la. Bi yo se te pou mande rektè inivèsite leta a, Pierre-Mary Paquiot, retire kò l nan tèt Inivèsite a e pa poze kandidati l ankò. «Wi, nou ap kenbe jiskaske misye Paquiot demisyone, epi pou yo fòme yon konsèy ki pou pran yon lwa ki pral garanti otonomi Inivèsite a...», te di youn nan grevis yo ki se manm Komisyon Entèfakilte (CIF), ki se yon «òganizasyon etidyan» pwòch Lavalas.

Grevis yo te kritike Paquiot yo di ki achte inivèsite a «lajan kontan», piske tout dwayen fakilte yo se ta moun pa li, toujou dapre etidyan sa yo. Akote ekzijans etidyan CIF yo te fè Paquiot pou l pa prezante nan eleksyon ki pral fèt yo, yon lis plizyè lòt etidyan te pote plent devan lajistis kont li. Tribinal refere te rann yon desizyon ki mande Paquiot kite rektora a, epi pou ministè Edikasyon nasyonal pran responsabilite li nan jestyon inivèsite a kòm ministè titèl. Touswit apre ministè a te anonse li pral nome yon komisyon nan rektora a, ki ta pral chaje pou fè eleksyon pou yon nouvo rektè piske manda Paquiot deja bout.

Pandan grevis yo t ap obsève grèv lafen an, divès lòt manm CIF t ap ekzèse divès lòt fòm mobilizasyon deyò a. Anpil deklarasyon te fèt pou te denonse eta inivèsite a ak fason Paquiot t ap mennen bak li. Marjorie Michel ki se yon etidyan ki sipòte grèv etidyan yo, te deklare: «Nou pa kont eleksyon, nou kont fason eleksyon an ap fèt la. Epi nou tande yo ap di nou gen yon pwoblèm espesyalman avèk misye Pierre-Mary Paquiot, pwoblèm nou gen avèk li, se jesyon li...», te deklare Marjorie ki te tou mande yon odit lakou dèkont nan rektora a.

Minis Edikasyon nasyonal la, Myrtho Célestin Saurel te rann etidyan grevis yo vizit, e li te di: «Mwen vini espesyalman pou m vizite etidyan ki ap fè grèv yo. Lè mwen te okouran gen yon seri etidyan inivèsite leta Dayiti ki ap fè yon grèv nan lokal la, kèlkeswa lokal la, mwen ta pral vizite yo kote yo ye a, senpman pou m konnen poukisa yo an grèv la, pou m tande yo e pou m wè nan ki sans mwen ka pran responsabilite m e evite grèv grangou a dejenere... Apre vizit mwen mwen tande yo. Mwen pa gen dwa kwaze bra m, mwen te tande yo. Donk, mwen pral etidye doleyans yo e doleyans yo klè. Mwen dwe konsidere doleyans yo a epi kouri rankontre responsab inivèsite Deta Dayiti», te deklare minis lan, ki te anonse ke yon komisyon pral ranplase ekip rektora a.

Pandan tout pawòl t ap pale, kriz la t ap pran jarèt nan divès lòt fakilte. Konsa, Federasyon etidyan inivèsitè Dayiti (FEUH) yo te kanpe kont mouvman etidyan CIF yo. Dabò, nan yon nòt pou laprès nan dat 26 jiyè 2002 a, FEUH te denonse mouvman grèv grangou etidyan CIF yo t ap fè a, pandan li te di se yon fo kriz ki gen nan inivèsite a. Federasyon sa a kwè se Lavalas ki fabrike de tout pyès tansyon anndan inivèsite a. FEUH te denonse kèk etidyan li di ke moun ame te akonpaye, te vin kraze ekzamen vandredi 26 jiyè a nan fakilte Syans lan. Pratik FEUH wè ki sanble tèt pou tèt ak «ratibwazay kòmando Duvalier yo te konn òganize nan ane 60 yo», selon nòt FEUH la. Konsa tou, FEUH kritike pozisyon etidyan yo ki «reklame entèvansyon pouvwa ekzekitif la, pou fini ak yon fo kriz...» ak atitid minis Edikasyon nasyonal la, ki sanble tou pwofite kriz la «pou l rantre nan zafè inivèsite deta Dayiti», tandiske konstitisyon 87 la defann sa. Konsa, federasuon sa a te mande pou tout «etidyan, pwofesè, entelektyèl tout plimay» mobilize pou «ansanm nou pouse vag totalitaris e fachis ki menase UEH la...»

Efektivman lendi 29 jiyè a, manm FEUH yo te reponn a apèl mobilizasyon an pou denonse etidyan CIF yo ke yo di ki pran lajan nan men pouvwa Lavalas la pou fè mòd grèv grangou sa a ki sanble yon gèv ofisyèl kote leswa li ta sispann ak bouyon ki fè kenken. Machin ofisyèl fè kenken nan rektora a, mete sou sekirite ki foul nan lokal la e zòn akote yo. Tout sa se pawòl, men lesansyèl gen omwens youn nan grevis yo, ki ta nan yon move zeta sante e ke yo te oblije transpòte lopital. Men antouka, tout grevis gen chans pa yo, paske sa pa fè lontan divès anplwaye EDH (Elektrisite Dayiti), ki te rantre nan yon grèv grangou tou nan katedral Pòtoprens la pou te denonse move jesyon direktè alepòk la, Syldor Jean-François, te rive jwenn gwo pwoblèm. Grevis sa yo alepòk ki t ap ekzije demisyon direktè a ke yo te akize nan koripsyon, pa t gen dwa fini grèv yo a, lè polisye CIMO te mete yo deyò pa lafòs nan katedral la. Kidonk tout grèv pa branche menm kote.

Li klè Paquiot se zafè pa l li t ap fè nan tèt Inivèsite a, nan enterè pa l. Li klè fòk gen lòt eleksyon pou ranplase ekip ki te la a, ki pa itil inivèsite a anyen, e ki pa janm travay nan enterè li. Si grevis CIF yo ale nan sans sa a, se byen! Men, lè non sèlman mouvman yo favorab pou bay otorite gouvènman yo pye pou kontinye sabote dwa granmoun inivèsite a ta dwe genyen, sa a se yon bagay grav.

Li korèk tou, se yon dwa pou etidyan FEUH konbat tout lide pou otorite yo ta rantre nan zafè inivèsite a. Ankò plis si yo ta denonse tout etidyan ki ap favorize yon enjerans konsa. Li klè tou pou yo ta sipòte yon dirijan swa nan rektora a oswa nan yon dekana yon fakilte leta, yo ta wè ki se yon modèl pou bon mach inivèsite a. Men, l ap inakseptab tou, pou etidyan ta sèvi ak lide kèk dirijan OPL ou Konvèjans nan inivèsite a, pou bloke pwosesis lit pou chanjan anndan ansanm lan. Antouka, li se yon obligasyon, pou etidyan ki pa ni gen akwentans ak Lavalas, ni ak Konvèjans yo parèt tèt yo anndan inivèsite a, jis pou remete kanpe sou 2 pye lit pou otonomi reyèl inivèsite a e fè de vre pwopozisyon ki pa sèvi senpman pour transpoze batay Lavalas ak Konvèjans nan inivèsite a.