| Anlèvman
Jacky Cantave: kisa ki laverite pou dirijan Lavalas yo?
Li te nan zòn 10zè nan aswè madi 16 jiye a, lè sou antèn radyo Karayib FM, konfrè yo te anonse yo jwenn Israël Jacky Cantave ak Frantz Ambroise sou wout Ti Plas Kazo a byen vivan, e yo te transpòte yo nan lopital Kanapevè. Plizyè seri moun te gentan al pote solidarite yo nan lopital la, fanmi, zanmi, konfrè, etc.
Nan lajounen mèkredi 17 la, divès pèsonalite, swa nan gouvènman swa nan nivo laprès oswa nan òganizasyon defans dwa moun yo, te rann Cantave vizit nan lopital Kanapevè a.
Menm jou mèkredi sa a, Jacky Cantave te bay yon konferans pou laprès, kote li te eksplike sikonstans anlèvman li an. Dabò li te fè kwè li te remake gen yon machin ki t ap swiv yo depi nan limit Nazon yo, lè li te fin kite lokal radyo a vè 11 zè madi nan aswè. Li te rantre nan yon makèt, kòmkwa li te al achte, pou l te devye okipan pikòp ki t ap swiv yo a. Lè li ak Ambroise te resòti yo pat remake machin lan ankò. Se lè li te vin ap avanse, pou al rantre nan Dèlman 19 la, li te wè machin lan kanpe ap tann li. Men sa ki te rive apre: «Yo pran Frantz, yo pran m. Yo fè mwen jès la ak Frantz tou, mete pye sou kou m, mete m kouche fas atè. Epi erèzman pou nou, Bondye pou nou, se moman an gen yon limye machin k ap vini, k ap sòti Dèlma 19, epi limye machin nan klere sou sa k ap pase a. Nèg yo di: "Mesye, men yon machin k ap vini, nou pap gentan fè sa n ap fè a, an n ale ak yo"», te rapòte Cantave.
Jounalis la te rankonte andetay kouman evènman an te pase. Li te kontinye pou di ke kidnapè li yo te fè plizyè èd tan ap kouri ak yo fas anba nan machin lan, ki pase nan yon seri move wout. Lè yo te rive yon kote ki ta sanble pa tèlman abite, yo te voye yo nan yon kay vid, kote yo te kòmanse kestyone yo: «W ap fè konplo ak blan an pou w kraze peyi a? - Mwen d: mwenmenm? Mwen pa fè konplo non. Li di: Poukilès w ap travay? Pou CIA? - Mwen di non, mwen se jounalis, m ap travay pou radyo Karayib. Li di: blan an peye w. Ou pa gen chèk? - Mwen di non, se Patrick Moussignac ki peye m... Mwen pap travay pou pyès blan, m ap travay pou pèp la, pou peyi a. Li di: ou pap travay pou Konvèjns? Mwen di non, mwen pap travay pou Konvèjans. Li di ou pap travay pou Lavalas, mwen di non...», te rapòte Cantave.
Cantave te fè konnen tou ke genyen nan kidnapè yo ki te dakò touye li, kèk lòt pa t dakò. Jous yo te al konsète ant yo, anvan yo te resi al lage li menm ak Ambroise li an nan limit Ti Plas Kazo a, kote se yon seri pasan ki te rive idantifye yo. Kidonk, se pa jefò lapolis ki te rive sove jounalis la.
Si Premye minis Yvon Neptune te mande akonpaye gouvènman l lan, pou n «rive gen libète lapawòl la, libète asosiyasyon an», selon pwòp pawòl li, minis Lakilti ak kominikasyon an, Lilas Desquiron, te wè bagay yo tèt anba. Minis lan te wè deklarasyon konfrè a pa t klè ditou e li te di l gen «yon sipriz nan dosye a». Sipriz ki poko parèt jiskaprezan!
Pou bò pa li, sekretè deta kominikasyon an, Mario Dupuy te wè jounalis yo dwe benefisye tout pwoteksyon, nan kestyon libète yo pou yo ekzèse metye a. Mario Dupuy te fè konnen ke «gen yon seri moun y ap rele. Donk, mwen panse se yon pis lapolis kapab swiv pou pèmèt nou jwenn lotè zak sa yo, koupab yo, pou trennen yo devan lajistis e pini yo, jan lalwa vle sa», te deklare Dupuy, ki te ale nan menm sans ak pòt pawòl lapolis la, Dady Siméon. Enspektè Siméon te di: «Poko gen lòt arestasyon ki fèt... Sou 2 moun ki te arete, genyen youn ladan yo ki libere, piske yo pa t kenbe chay kont li...», selon pòtpawòl PNH la.
Sekretè Asosyasyon jounalis yo, Guyler C. Delva li, ki te remèsye tout sektè yo ki te kontribye pou rive jwenn jounalis la, pat fouti konprann deklarasyon minis Lakilti a, Lilas Desquiron. E li te di li «ap tann sipriz la», kidonk sipriz minis Desquiron an. Delva te di: «Nou ta byen renmen wè ankèt la rive bay rezilta, sa ta vrèman yon eksepsyon. E, sa pa t ap yon eleman negatif, yon fwa yo gentan rapidman jwenn eleman ki pèmèt yo rive a yon konklizyon, sa t ap bon.» Lòt asosiyasyon tankou ANNH, NCHR, UNNOH, POHDH te rejwi lefèt jounalis la ta retounen ak zanmi li san manke yon moso. Menm jan an, misyon espesyal OEA ann Ayiti a, anbasad meriken ann Ayiti montre yo kontan lefèt yo ta rejwenn viktim yo vivan. E, ipokritman ou pa, yo tout te swete sa pa refèt ankò.
Palmantè Lavalas yo pa t gentan antann yo, sou pozisyon yo te dwe genyen nan sikonstans lan. Sa te fè yo dwategòch nan pozisyon yo. Depite Rudy Hérriveaux te wè zafè Jacky Cantave la ta yon «montaj», kidonk yon sèn ki ta monte jis pou ta destabilize gouvènman an. Senatè Gérald Gilles te di bò pa li: «Nou konprann, nou fache, nou kondane sa ki fèt la a...», te deklare senatè a ki te al vizite jounalis la ak zanmi li an. Konfrè li Lans Clonès limenm te fè konnen ke «lè l tande nouvèl la, mwen te tris anpil». Se pou kòlè Gilles la ak tristès Lans lan sèvi kòm mwayen, pou yo ankouraje gouvènman yo a, sispann benyen nan ankouraje enpinite. E se okazyon pou moun ta wè nan ki eta depite Hériveaux ye, lè l toujou ap chache fè politik pa l nan tout dosye ki merite anpil konsiderasyon pou ta rive jwenn bandi yo.
Pandan depite Hériveaux ap pale de «montaj» la, jiskaprezan jounalis sal nouvèl radyo Karayib yo di y ap resevwa gwo menas enkoni nan telefòn e Jacky Cantave ak fanmi li ta deja al kache.
Lajounen jodi, li klè kou dlo kokoye kèk dirijan Lavalas kontinye ap sèvi ak pawòl nan bouch yo, pou yo sal tout kalte dosye. Lè se pa «konplo kont leta», se etikèt «teworis» ki sou do militan k ap batay kont grandon nan Gwasimal. Lè se pa pawòl destabilizasyon gouvènman an k ap sòti nan bouch gwo badin Lavalas yo, se de «montaj» y ap pale.
|