17 Juillet, 2002

July   17   2002

17   Jiyè,  2002

Vol. 20 No. 18
Lavalas pa di yon mo nan komès sou fwontyè a

Depi preske 3 semenn, gen yon kriz ki eklate sou fwontyè Ayisyano-dominiken an nan kestyon komès ant de peyi sa yo. Jou lendi ak vandredi, se 2 jou nan yon semenn, komèsan yo gen dwa rantre an Dominikani pou al achte ou byen vann. Kòmès ki fèt sou fwontyè de peyi yo, rapòte gwozouzoun dominiken yo anpil pwofi, paske, depi koumanse nan pwodui agrikòl: bannann, kokoye, konkonm, diri, mayi, ak lòt pwodui, se sou fwontyè a, patikilyèman nan Wanament yo pase pou antre nan peyi Dayiti. Dabò, peyi Dayiti, pa gen yon pwodiksyon reyèl ki ka rantre an konpetisyon ak Dominikani. Anplis, fonksyonè dominiken, k ap kontwole sèvis ladwann ap pote siveyans fwontyè a, pa pèmèt ankenn kòmèsan ayisyen rantre pou al vann sou mache dominiken yo ak ankenn pwodui ki soti an Ayiti, eksepte pèpè. Yon aktivite ke anpil ti kòmèsan ayisyen te pwofite mennen pou rache yon ti tchotcho nan men dominiken yo ki pratikman ranmase gwo moso nan kòmès sou fwontyè a. Depi premye avril 2002, gouvènman Hipolito Mejia, ti komèsan ayisyen antre ak pèpè an Dominikani. Yon desizyon ki leve endiyasyon ak pwotestasyon ti komèsan ayisyen. Nan yon lòt kote, otorite dominiken yo ranfòse prezans lame yo sou fwontyè a, sitou nan zòn kote moun pase pou rantre fè kòmès. Sa ki lakòz yon sityasyon tansyon kote milye ti komèsan, ki depi lendi premye jiyè 2002, gonfle sou fwontyè a, ki pa ka pase pou ale vann e lòt ki pa ka ale achte, paske se ak lajan pèpè a yo konnen sèvi pou achte manje. Desizyon Hipolito Mejia donk frape non sèlman Ayisyen yo men li fè komèsan dominiken yo pèdi lavant. Malerezman, depi kriz sa a eklate, pa gen ankenn otorite lokal nan Wanament, reprezantan pouvwa ekzekitif la nan Nòdès, minis kòmès, minis enteryè, afè etranjè, ki leve ti dwèt yo pou di yon mo.

Vandredi 12 jiyè a, divès militan Komite Defans Pitobè, yon òganizasyon k ap lite kont desizyon gouvènman Lavalas la pran pou vann tè sou fwontyè peyi Dayiti pou mete zòn franch, te tanmen yon gwo mobilizasyon nan Wanament, pou fè solidarite ak ti kòmèsan yo e, pou reklame refòm agrè pwodiksyon nasyonal ak refòm nan fason kòmès ap fèt ant de peyi yo. Yon lòt bò, dimanch 7 jiyè a, yon delegasyon dominiken ki te gen alatèt yo pè Rejino Breton Martinez, te fè yon kout pye Wanament pou chita pale ak reprezantan divès sektè ke desizyon sa a frape. Pè Rejino ki t ap fè demach sa a te vle fè yon siy solidarite pandan li t ap chache konvenk reprezantan òganizasyon de baz Ayisyen yo, pou louvri fwontyè a bay tout lòt komès yo, annatandan genyen yon lòt desizyon tou nèf ki vini pou rezoud zafè kòmès pèpè a. Mouvman pwotestasyon pou bòykote trafik komès ayisyen yo pou ale achte sou mache dominiken an, fèt ak konkou yon gwoup aksyon militan de baz, ki kanpe sou fwontyè a, e, san prezans lapolis, e ki bloke tout aktivite, yon demach ki sanble genyen benediksyon otorite pouvwa lavalas la nan Nòdès, ki prefere kache dèyè, pou pa pran ankenn angajman nan yon dosye ki tèlman frajil ak kantite konsekans ke li ka anjandre. Selon sa Ernest Laveaux, yon militan komite defans Pitobè, te deklare bay jounalis Ayiti Pwogrè, ki te prezan sou fwontyè a, «Nou pa ka genyen vant nou pou nou lage l nan men yon lòt nasyon... Nou vle mande otorite konsène yo pou yo travay, pou mete pwodiksyon nasyonal nou yo an mach... Tout sa nou pral achte nan Dominikani, pou Ayiti kapab pwodwi yo. Kisa nou pral fè jou diri Miyami a bloke? Eske peyi a pral mouri grangou? Nou dwe mennen yon batay pou prevni demen». Gaston Etienne, yon lòt militan komite defans nan Pitobè eksplike kouman gen yon bon valè nan gwo kòmèsan dominiken tankou ayisyen ki pa afekte nan kriz sa a ki deja sou pliske twa senmenn. «Veritab objektif pwojè sa a, se anpeche tout sa ti machann Ayisyen yo te konn ale vann, tankou pèpè, men li pa gen anyen pou wè ak anpeche gwo kòmèsan dominiken ki genyen gwo kòmès Okap, Wanament, Gonayiv, li pa efekte yo. Apati samdi 13 jiyè a, tout bagay k ap soti nan dominikani ap rantre san pwoblèm. Otorite lokal yo poko janm reyaji devan bagay sa a ki ka kreye yon gwo tansyon nan zòn nan. Si dominiken yo kontinye kanpe pou pa kite komèsan ayisyen yo rantre pou al vann, e, pou bagay la kontinye ap fèt a sans inik, sa ka kreye yon replik». Yon reyalite ke Ayiti Pwogrè te viv, jou dimanch 14 jiyè a, te genyen yon gwo volim aktivite nan Wanament, gwo kontenè, gwo kamyon, chofè dominiken t ap kondi, t ap fofile tankou koulèv sou wout Kap Wanament la, an atandan sou tout liy fwontyè a, genyen anpil santinèl dominiken ki kanpe, tout devan sèvis dwann Dayabonn, efektif sèvis militè yo te ogmante. Joseph Poisson, yon manm Komite Defans Pitobè, moutre danje ki genyen nan zafè zòn franch lan sitou ak yon gouvènman ireskonsab, ki, jodi a, prefere pa di yon mo nan kriz kòmès la. «Lè gen manifestasyon k ap fèt isit, kont zòn franch, nou jwenn moun ki sòti Fò Libète ki vini fè represyon isit. Majistra a, ki di, moun pa gen dwa reyini nan zòn franch (Pitobè), minis enteryè ki bay majistra a lòd pou pa kite moun ale sou zòn franch, alòske, yo bliye atik 1 konstitisyon an ki di (Moun gen dwa rasanble depi pa genyen tèt kase, voye wòch) men, jodi a, pwoblèm nan ka pase, (kriz fwontyè a), yo pa janm di anyen, yo pa bay repons, si se te zòn franch, yo t ap vini, yo t ap bay konbyen minit pou nou pale.» Antouka atitid otorite lavalas yo sou kriz komès sou fwontyè a, moutre plis aklè toujou konsesyon yo fè sou pòsyon tè sou tout liy fwontyè a deja rantre an aplikasyon. Otorite dominiken sèl kòk chante, enterè peyi Dayiti pase anba pye, san ankenn eksplikasyon, se tankou se pèp ayisyen an, ki te bay otorite lavalas yo dwa pou fè sa. Devan atitid trayizon ak awogans otorite ki nan pouvwa yo, fòs pwogresis ayisyen yo dwe kanpe yon rezistans djanm pou reprann dwa gran moun peyi a, ak diyite pèp ayisyen, pou yon veritab demokrasi.