| «konbat ensekirite» sa sa vle di pou Lavalas?
Ensekirite pa lage, malgre mesye lapolis yo di yo gentan nan mitan dezyèm faz dezameman an. Nan divès zòn depatman Nò peyi a, Gonayiv ak depatman lwès la, anpil zak banditis ak asasina te fèt. Nan Pòtoprens e sitou nan sant vil la, se maswife komèsan yo ap monte. Zòn Nazon, Kokiyo ak Kriswa, se prèske chak swa zenglendo antre nan yon kay nan blòk sa yo.
Nan Petyonvil se menm kout baton an. Mèkredi 3 jiyè a, 3 nèg ame te atake yon kanbis e yo pote ale plis pase 4 mil dola. «Yon eleman ki t ap achte kòb, epi pandan l ap achte kòb, nèg yo derape ak kòb la, misye tire sou machin lan, epi vòlè yo tire misye», te di yon lòt kanbis.
Yon jou anvan aksyon Petyonvil la, nan madi 2 jiye a, 8 a 10 nèg ame selon komèsan yo, te fè dappiyanp sou yon mèt magazen ak sekirite li. Mèt magazen an ki rele Christian Cupa te blese grav ak yon bal bò kou li, e sekirite li a te mouri sou plas. «Se pandan nou la a, nou tande bri bal la,... epi tout moun pran kouri, lè nou parèt, nou jwenn se yon travayè madan Christian atè a epi madan Christian pran bal», dapre yon lòt mèt magazen. Sitiyasyon an ap vin pi malouk chak jou.
Nan jou jedi 4 jiyè a, komèsan anba lavil la sitou te fèmen pòt biznis yo, pou yo te pwoteste kont zak banditis yo. Byenke nan maten jedi a se pa tout biznis la ki te obsève jounen grèv la, men nan lapre midi, se sèl pòt bank yo ki te rete louvri. Yon okazyon pou Asosiyasyon endistri Ayiti (ADIH) a, kote prezidan li, Marie Claude Bayard, te mande otorite yo pou tire leson nan grèv sektè komès la. Madanm lan te denonse zak sa yo ki ap miltipliye. Li te chita sou ensekirite tout sòt k ap anrasinen nan peyi a epi espesyalman, sou kesyon komèsan yo k ap viktim lan. «Tout sektè prive a, tout popilasyon an ap mande mete yon fen nan sitiyasyon deplorab nou ap viv la a. Tout sa se konsekans kriz politik la ki pa kapab fin debloke a. Li lè li tan pou pati politik sa a debloke, nou genyen anpil travay pou nou fè, pou nou tabli lòd, pou nou tabli disiplin, pou nou tabli lapè sosyal. Donk, li lè li tan pou sa kapab rive. Komèsan yo about paske y ap sibi chak jou... Prezidan Aristide gen pou pran responsabilite li kòm chèf leta, pou li remete tout enstitisyon yo sou pye, pou tout enstitisyon yo ka jwe wòl yo.»
Poutan, 3 jou anvan grèv komèsan yo, yon elegasyon ki te gen nan tèt li divès chèf wo kòmandan lapolis nasyona la, te fè tout pakou anba lavil la, pou te esye jwenn konfyans komèsan yo. Konsa, sekretè deta sekirite piblik la Jean-Gérard Dubreuil te anonse ke pral gen plis sekirite nan sant vil la. Kidonk, plis polisye pral poste anba lavil la. Nan menm moman an, responsab sa a te di l ap gen pou rankontre ak komèsan yo nan yon dat ki pa lwen.
Anfen, pandan ensekirite a ap pran yon vitès siperyè nan peyi a, moun ap tande pawòl otorite yo ki di yo nan dezyèm faz kanpay dezameman an, ki vize sezi tout zam ilegal nan peyi a. Se vre moun konstate polisye tout inite nan lari a k ap fè fouy machin nan kèk zòn. Se vre machin lapolis yo toujou ap fè tande yo nan yon seri pwen nan Pòtoprens. Se vre wo kòmandan lapolis la te fè yon bèl espektak, kote li te fè tout anba lavil la prèske. Men tou, reyalite a pa ale nan sans pawòl anpil responsab yo ak sèn teyat sa yo. Plizyè ka moun yo kidnape lakay yo, tankou yon mèt dray nan Solino. Se pa lòt jou la a moun t ap tande sou radyo yon ti fi ki te al konpoze nan ekzamen ofsyèl, ki pa t janm tounen lakay li? Menm jan an tou, nan Ti Tanyen, Bwa Karade gen anpil ka moun yo vin rache ak manchèt apre yo fin tiye yo ak bal, yo vin lage yo la. Divès zòn Pòtoprens ak limit Dèlma gen anpil ka zenglendo k ap opere leswa. Nan anpil zòn katye popilè yo zenglendo retounen pi rèd. San konte ti biznisman ak komèsan k ap tonbe anba bal enkoni.
Alòske pouvwa Lavalas la ta ka konprann ke konbat ensekirite a se yon obligasyon pou li, li pito sèvi ak sa kòm jwèt politik li. Lè pou gouvènman an ta konbat reyèlman ensekirite a, li pito itilize mwayen pwopagann, espektak teyat, pou montre l ap travay, men an reyalite se chobiz, piske ensekirite a toujou la. Chak fwa «negosiyasyon pataj» la ap pale gouvènman an fè yon seri mizansèn pou l fè kominote entènasyonal la ak Konvèjans lan plezi. Arestasyon Ronald Cadavre, Amyot Métayer, lansman kanpay dezameman an, plis sanble ak yon dil pase pou se ta yon aksyon, kote gouvènman an bezwem met lapat sou moun malentansyone ki ame jis lan dan. Malgre tou, Reynold Georges nan branch neyodivalyeris Konvèjans lan, MPSN, te di arestasyon Amyot alias Kiben an, pa fè l ni cho ni frèt. Kidonk, sa pa siyifye anyen pou Konvèjans lan.
Afè konbat ensekirite nan peyi a, kesyon dezameman an, Lavalas pa sèvi ak sa kòm mwayen pou bay popilasyon an yon souf ak zak banditis ak vyolans tout kalte yo, li plis itilize yo pou l fè jwèt politik li, nan lojik negosiyasyon li yo ak Konvèjans lan. Men gen lè sa pa brennen Konvèjans lan ki poko wè se ase.
Negosyasyon: baton an chanje bout?
Avan menm dat 7 jiyè a ki te prevwa a, se vandredi 5 lan sekretè jeneral adjwen OEA a, Luigi Einaudi, te rantre nan peyi a. Kidonk, 4 jou apre piblikasyon rapò 87 paj ak 22 rekòmandasyon òganizasyon. Plizyè lòt reprezantan OEA t ap gen pou rejwenn Einaudi ann Ayiti.
Piblikasyon rapò sa a, kòm abitid, te mennen anpil pawòl anpil. Konsiderasyon ak reyaksyon te fè kenken ni bò kote Konvèjans lan, ni bò kote gouvènman, ni bò kote «kominote entènasyonal» la. Rapò a ki te rekonèt te gen atak reyèlman e 28 jiyè 2001 e 17 desanm 2001, pat rekonèt ke yo te vize asasinen chèf leta a. «Objektif atak kont palè a pa ale nan sans objektif pou ta fè yon koudeta», selon pwen A-6 nan dènye chapit rapò a. Tèks la di tou te gen konplisite kèk moun nan gouvènman an, nan lapolis, elatriye, pou te pèmèt atakan yo rive rantre nan palè a lendi 17 desanm lan.
Konsa, nan rapò sa a, OEA te fè gouvènman divès «rekòmandasyon», pou moun pa rele yo «dikte», ki te plis pote sou lapolis la ak aparèy jidisyè a. Prensipal «rekòmandasyon» OEA yo te pase sou ranfòsman e rewòganizasyon PNH la ak enstitisyon jidisyè yo. Menm jan an tou, OEA te wè nesesite pou gouvènman an ranfòse divès enstitisyon leta yo, yon mannyè pou plis garanti lavi, sekirite ak byennèt popilasyon yo. Yon rapò ki te fè Konvèjans lan vole anlè ak kontantman.
Hubert De Ronceray nan Konvèjans lan te kontan anpil rapò a li wè ki «se egalman yon akt akizasyon kont rejim Lavalas la. Nou panse yon dokiman konsa, li gen yon seri rekòmandasyon valab ladan li...» Poutan oparavan MPSN menm Deronceray sa a te di li pa nan negosiyasyon ak Lavalas. Victor Benoît nan Konakom/Konvèjans lan te toujou ap tann yon «akò politik», nan kad aplikasyon rezolisyon 806 la. Bò kote pa l, Evans Paul (K-Plim) nan KID/Espas/Konvèjans te sou yon jwèt 2 fasad. Yon pa li pa montre li kont negosiyasyon yo, yon lòt pa l ap fè ti dife volan pou Konvèjans lan ta kraze kite sa si Lavalas pa ta kreye sa li rele «kondisyon pou reprann negosiyasyon yo».
Rapò sa a te pwovoke yon batay anlè ant Lavalas ak Konvèjans ki ap chache sa ki favorab pou yo ladan li. Si Konvèjans lan di rapò a pa ta favorab a Lavalas, otorite sou pouvwa te wè li fason pa yo. Premye minis lan Yvon Neptune te wè rapò OEA te demanti tout pawòl anpil, ki te vle fè wè atak kont palè nasyonal la, se te yon kou monte. Premye minis lan te poutan remake ke «gen yon eleman ki enpòtan anpil rapò a endike, se ke sa k te rive 28 jiyè a e sa k te rive 17 desanm la, se te ak vrèman kont akademi lapolis la e atak efektivman kont palè nasyonal. Sa ki enpòtan kounye a, atak sa yo ki te mennen yo, se nan enterè kilès? Kilès ki te voye fè yo?» te mande Neptune. Yon kesyon limenm antan ke Premye minis, si l te responsab li te dwe reponn. Lè rapò OEA a di: te gen atak, se pat koudeta; ou mèt kwè yo, paske se yo menm ak patwon yo meriken k ap manniganse bagay yo. Donk se presyon, yon kè sote yo t ap bay Aristide pou l mache sou 13 pou pa pile 14, pwen final.
Jacques Maurice nan palè nasyonal te wè yon kote trè pozitif nan rapò a tou, ki rekonèt te gen atak kont palè a. Men li te wè rapò a «li manke, li pa konplè». Erezman li wè sa, men se pa sa sèlman.
Inisyatv sosyete sivil la (ISC) te salye rapò a, ki te mete toutouni enstitisyon nou yo, lapolis ak lajistis, ki nan move eta. Responsab ISC a, Rosny Desroches te mande pou gouvènman kreye kondisyon, pou yon akò rive pran pou fini ak «kriz» la. Samuel Madistin ki se yon ansyen senatè te wè dokiman pa t di tout laverite sou evènman 17 desanm yo. Pandanstan, li te wè rapò a te konstate te gen «teworis leta», selon pawòl Madistin, ki te plis wè yon kou monte nan evènman 17 desanm yo pase yon koudeta. Ti pati Jenerasyon 2004 pa Claude Roumain an, ki te nan Konvèjans la, retire kò l nan nan regwoupman politik sa a li wè ki pa t janm manyen vre pwoblèm popilasyon an. Roumain ki te fè wè Konvèjans lan pa reprezantab, pou l yon «opozisyon» reyèlman, te kritike tou Lavalas la li wè k ap benyen nan politik kou l cho li kwit ak koripsyon. Roumain te di pi devan: «Nou gen konsyans nou menn nan Jenerasyon 2004, opozisyon an pa konvenk popilasyon an... Li pa ka mete 10 mil moun nan lari, li pa ka mete 20 mil moun nan lari.» Se konyè a li fini pa wè sa, yon lòt fwa la mete linèt li pi bonè.
Lèzetazini tou pa t rete bouch fèmen devan rapò OEA li a. Reprezantan pèmanan peyi sa a nan OEA a, Roger Noriega te wè nan piblikasyon rapò sa a «moman laverite a». E li te pwofite mande gouvènman an travay pou mete fen a enpinite a e pou fè lalwa sèl kòk chante. Deklarasyon ki te ale nan menm sans ak panse asistan sekretè deta ameriken an pou Amerik la, Otto Reich, ki kwè se ayisyen yo ki pou jwenn pwòp solisyon ak kriz la. Pou kisa li pa kite yo jwenn li san li pa mele? Eske administrasyon Bush la li fè pati a konprann sa? Anbasadè ameriken an Ayiti a, Brian Dean Curran, te ankouraje aktè politik yo pou yo reprann diskisyon yo. E li te fè wè gen kèk akt gouvènman poze nan kestyon enpinite a. Arestasyon «Kiben» an siman ki ba li chenn? Antouka, anbasadè a te wè mwa jiyè a se yon «mwa akò politik». Menm lè, tout esperans pou chita pale ant Konvèjans lan ak rejim Lavalas la te tonbe atè plat. Sa vle di dat 7 jiyè a te pase san anyen pa t fèt. E dirijan Konvèjans yo ki te al rankontre divès responsab OEA nan Wachintonn, te fè wè negosiyasyon yo pap tanmen nan dat 7 jiyè ki t ap pale a.
Sou vizit Konvèjans lan nan Wachintonn lan, dirijan Pati popilè nasyonal la Benjamin Dupuy nan yon konferans pou laprès nan jou madi 9 jiyè 2002 a, te fè remake se «priye lidè Konvèjans yo te al priye nan pye responsab OEA yo, pou di yo, tanpri fè Einaudi poko rantre, piske gen yon seri bagay Aristide poko fè». Men OEA pa t dakò e pa koute mesye Konvèjans paske Einaudi te menm rantre anvan dat 7 la. Sekretè jeneral PPN lan te fè remake ke arestasyon Amiot Métayer alyas Kiben an, rantre nan kad politik Lavalas, pou fè Konvèjans lan ak «kominote entènasyonal» la plezi. Ben Dupuy te pwofite pou fè remake ke tèlman Lavalas ap fè mache prese, pou montre l ap respekte volonte OEA ak Konvèjans lan, li menm kontinye rantre nan yon seri bagay ilegal. Pa ekzanp, arestasyon san manda e nan move kondisyon «Kiben» an, ki poutan se te yon moun Lavalas te konn ap pwoteje.
Antouka, reyaksyon divès sektè nan rejim Lavalas la, fas a boulèt tout sòt Konvèjans lan ak «kominote entènasyonal» la, montre sektè politik sa, chak jou pi plis ap vin pi opòtinis. Lajounen jodi, pa gen pyès sakrifis Lavalas pa ka fè kont enterè popilasyon an ak ekzistans alye li yo. Pase pran pozisyon Lavalas ki te likide plas palmantè eleksyon 21 me a yo, rive nan arestasyon yon seri «chèf katye» ki poutan t ap sipòte li, sa montre rejim sa a pa gen ni manman, ni papa, ni frè, ni sè, ni paran, ni alye. E OP yo, ta pi fou si yo konprann Lavalas avèk yo jounen jodi a.
Alòs, jounen jodi a, baton an genlè chanje bout! Malgre gran nèg Konvèjans yo t al Wachintonn pou di blan an: fè yon kanpe sou afè siyen akò politik, enben Einaudi rantre kanmenm e sanble modòd Wachintonn, pou kounye a, se pou Konvèjans chita e siyen akò separe gato a ak Lavalas. Donk presyon an se sou do Konvèjans li ye, e yo koumanse voye pye. Li klè ke meriken se sèvi l ap sèvi ak Konvèjans pou Lavalas mache!
|