Enstiti Kiltirèl Kal Levèk ap swiv avèk anpil atansyon devlòpman evènman k ap pase nan Gwasimal seksyon Sen Rafayèl depi 27 me 2002 a. Evènman sa yo deja fè 2 mò bò kote ti peyizan yo, anpil blese, 11 arestasyon. Nan moman n ap ekri nòt sa a, 2 jounalis yo deja jwenn liberasyon yo apre 13 jou prizon, anpil maspinay. Je younn ladan yo Darwin St-Julien (jounal Ayiti Pwogrè) nan eta ki grav anpil. Divès moun montre pozisyon yo aklè sou evènman sa yo: gouvènman, peyizan viktim yo, Batay Ouvriye, Platfòm dwa moun, Asosyasyon jounalis... elatriye. Eske evènmnan ki pase Gwasimal yo se yon aza, oubyen menm ak gouvènman an se moun ki pa dakò ak pwopriyete prive ou byen ki kont zòn franch. Pou nou menm nan ICKL, nou kwè reyalite a plis ke sa.
Kisa ki Gwasimal la?
Gwasimal se yon seksyon kominal ki tabli nan komin Sen Rafayèl depatman Nò. Menm jan ak anpil zòn nan peyi a, kominote Gwasimal la ap viv tout kalite move lavi: pa gen bon jan dlo potab, sant sante, lekòl, bon jan wout... tankou tout pwovens. Aktivite ekonomik nan zòn sa a chita sou agrikilti. Anplis pi fò tè yo nan men grandon, leta pa fè anyen pou irige tè sa yo, menm lè gen yon gwo rivyè ki pase nan zòn lan. Nan kominote sa a kote lamizè kwaze pye li sou lestomak ti peyizan yo, gen yon ti ponyen avèk yon kantite tè yo genyen, kote yo mete plis pase 400 fanmi ap bourike, rive reyalize plis pase 10 milyond ola chak ane. Devan sitiyasyon sa a, peyizan k ap sibi gwo eksplwatasyon sa a deside òganize an sendika ak asosiyasyon yon manyè pou chanje kondisyon lavi yo, depi lè sa a, yo kòmanse monte mòn pa do fas ak patwon yo.
Kijan eksplwatasyon ti peyizan yo òganize?
Sou plantasyon sa a ki plis pase 300 kawo tè, yo kiltive sèlman zoranj si. Zoranj sa a, lè li fin keyi desann nan vil Okap nan izin Novella pou trete li anvan li rive an Frans jwenn Cointreau yon konpayi miltinasyonal fransè ki espesyalize nan fè likè, diven... Pou pèmèt pwopwiyete plantasyon Gwasimal SA a reyalize plis pase 10 milyon dola benefis chak ane, ouvriye travay nan kondisyon bèt: pa gen masak pou pwoteje figi yo ak gèp, pa gen gan ni bòt pou pikan pa pike yo, pa gen nechèl pou monte pou keyi zoranj yo... Anplis kantite kès yo mande twòp ki fè ouvriye pi souvan pa janm reyalize salè minimòm lan, menm lè li blije madanm, pitit pote kole nan travay la. Pou veye sou privilèj, Nonce Zéphir ki se pwopriyetè plantasyon blije angaje yon seri jeran ki rele wachmann pou veye sou tè yo, fè ouvriye bourike, siveye aktivite sendika a, ransone ti peyizan yo nan egzije yo mwatye nan rekòt yo fè lè se pa sezon zoranj lan. Anplis pifò otorite lokal yo, anba kontwòl grandon yo.
Eske 27 me a se yon kout zeklè ki kale li?
Tout eleman nou prezante pi wo a montre aklè sitiyasyon k ap devlope nan lokalite Gwasimal pa yon aza, te gen anpil siy ki te montre, si otorite yo pa pran dispozisyon ki nesesè nan bon moman, te kapab gen yon beny san. Nou di siy daprè enfòmasyon nou genyen bò kote sendika travayè Gwasimal yo ak Batay Ouvriye sou divès demach ki fèt bò kote otorite pou mande yo aji vit. Otorite yo toujou vag, oubyen yo aji nan enterè grandon yo. Devan detèminasyon travayè yo pou chanje kondisyon travay yo ak amelyore kondisyon lavi yo, grandon yo reyaji ak lafòs brital. Kidonk 27 me se dènye gout dlo ki ranvèse vè a. Jounal Ayiti an mach nan nimewo mèkredi 20 jen 2001 reyalize yon ankèt sou reyalite Gwasimal, li te lonje dwèt sou malè pandye sa a si otorite yo pa aji vit. N ap mande ki wòl sèvis près divès enstitisyon leta yo.
Nan dosye Gwasimal la, pouvwa a montre aklè sou ki bò li panche
premye responsab sitiyasyon k ap devlope nan Gwasimal la se otorite an plas yo, akoz konpòtman manfouben oubyen mounpayis yo genyen fas ak yon tòchon k ap bouyi depi prèske 2 lane. Jan jou siyale li dejan te gen anpil kout lanbi ki te fèt pou alète otorite yo. Ti mari pa monte ti mari pa desann.
Byen vit apre evènman 27 me yo, pouvwa a pran yon seri inisyativ ki montre aklè panchan li. Mario Dupuy sekretè deta pou kominikasyon deklare nan laprès: «Gen yon gwoup teworis ki debake abò 2 pikòp chaje zam fann fwa pou pran tè... se yon seri moun ki kont zòn franch, ki pa vle negosiyasyon...» N ap tann pòt pawòl lapolis la prezan bay nasyon an 2 pikòp zam sa yo.
1 jou aprè yon fin asasinen 2 ti peyizan, blese anpil lòt, pouvwa depeche yon elikoptè pou al chèche 11 moun otorite lokal yo arete nan menm zafè sa a.
Televizyon nasyonal debake nan zòn lan pou fè yon seri repòtaj pou montre ravaj «asayan» yo t al fè nan zòn lan. Menm televizyon nasyonal sa a pa janm ale nan Site Solèy, Lasalin, ki tou prè a pou montre ravaj gang kriminèl yo ap fè.
Anplis moun sa yo yo mete yo ap mancje prizon san yo pa ba yo posibilite wè doktè pou sa ki malad yo, ak parèt devan jij natirèl yo.
Ki pozisyon nou nan ICKL
Nou ranfòse pozisyon platfòm nan te eksprime sou dosye sa a deja.
1. Liberasyon san kondisyon 11 moun ki te arete nan kad dosye sa a. Nou pa rive konprann desizyon pouvwa a pou libere 2 moun sou pretèks yo se jounalis epi kenbe rès yo. Tout arestasyon yo te fèt nan kad yon sèl dosye, kidonk se tout moun yo ki pou libere ansanm.
2. Nou mande arestasyon tout moun ki enplike nan asasina 2 peyizan yo ak reparasyon pou fanmi yo.
3. Nou mande pou ta fè yon komisyon ankèt endepandan (nou swete li ta fòme ak òganizasyon dwa moun yo) pou fè limyè sou dosye sa a.
4. Nou mande pwotektè sitwayen an pou prese prese entèvni an favè 9 moun k ap manje prizon ilegalman nan penitansye ak fò nasyonal.
5. Nou denonse konpòtman otorite yo kòm atent ak libète reyinyon, libète asosyasyon ak libète lapawòl.
Marc-Arthur Fils-Aimé
Direktè jeneral ICKL
Pòtoprens 17 jen 2002
Deklarasyon pou laprès
Lè nou konsidere apre plis pase 48 tè, pa gen chaj ni chèf dakizasyon kont peyizan yo te arete lendi 27 me 2002 nan Guacimal (Sen Rafayèl) e ki nan prizon nan Pòtoprens;
Lè nou konsidere peyizan yo arete yo, lapolis bwote yo san dosye, san lòd depo, san lòd transf; Lè nou konsidere se nan tribinal Grann Rivyè di Nò a menm, lapolis te rantre epi rache moun yo nan men lajistis, dapre pwòp pawòl Komisè gouvènman Grann Rivyè di Nò a, misye Smith Bertrand; Lè nou konsidere, dapre la lwa, moun yo mete nan prizon, se moun ki kondane ou byen se moun lajistis deja tande, lè n konsidere jounalis yo te arete an menm tan avèk peyizan yo, libere, aksyon sa a, se yon politik diskriminasyon, alòske gouvènman sa a toujou ap kleronnen «Tout moun se moun»;
Lè nou konsidere, peyizan ki nan prizon yo poko jwenn swen, pandan eta sante yo ap anpire chak jou piplis; Lè nou konsidere bon jan enfòmasyon ki soti nan rapò ankèt Platfòm Dwa Moun ak NCHR, te mennen sou dosye a ki demonte pak an pak kanpay dezenfòmasyon otorite yo, medya leta yo ak sèten lòt medya ki te vle fè peyizan yo pase pou de asayan, oswa teworis; Lè nou konsidere temwayaj jounalis ki lage yo e ki te akonpaye sendikalis yo ak peyizan yo nam egzèsis dwa demokratik yo,
Noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou deklare: Arestasyon ak detansyon peyizan yo, se yon zak abitrè, ilegal, ki vyole ni Konstitisyon peyi a, ni konvansyon entènasyonal leta Ayisyen siyen e ratifye. Kidonk, nou mande liberasyon prese prese e san kondisyon prizonye peyizan Guacimal yo, nan kad dwa konstitisyonèl tout sitwayen dwe kapab jwi e viv nan peyi a.
Li lè, li tan pou leta Ayisyen sispann pilonnen dwa travayè.
Òganizasyon ki siyen nòt sa a se :
SHKS
Antèn ouvrye,
Ayiti-Pwogrès,
Batay Ouvrye,
NCHR, Kozepèp,
Radyo Atlantik,
Fondasyon Eko vwa Jean Dominique,
PAPDA,
POHDH,
Batay Nò.