19 Juin  2002

June 19, 2002

19  Jen  2002
Publicité / Abonnements
Advertising / Subscriptions
Vol.20,No.14 Piblisite / Abonment
Contactez nous:
editor@haitiprogres.com
Nouvèl Kout Kreyòl

PNH ap fete

Gwo seremoni te make jounen mèkredi 12 jen 2002 a ki make 7 lane depi premye pwomosyon polis nasyonal Dayiti (PNH) la te soti. Okazyon sa a te tou make komemorasyon transpò estati Toussaint Bréda Louverture a sòti Ayiti pou ale nan Fò de Jou, kote gwo ewo ayisyen sa a te mouri a.

Prezidan Jean-Bertrand Aristide, plizyè ofisyèl ak direktè PNH la, Jean Nesly Lucien, te tou fè bilan lapolis tèt chaje yo a. «Ke polis nasyonal repiblik la fyè kote l sòti, fyè de lespri patriyotik sa a ki pase pa Toussaint Louverture e ki kontinye pwoteje e sèvi... Mwen ankouraje nou nan ane n ap selebre 200 zan drapo a, pou chak kote nou ye, pou yon drapo a nan konpòtman nou, nan aksyon nou, nan sa n ap di e nan sa n ap fè», selon chèf leta a. Konsa, chèf lapolis la, Lucien, te fè elòj bèl reyalizasyon PNH la nan yon elan trè ekzajere, pou pa di ekstraterè: «Nan 7 ane anpil pwogrè fèt...», tankou lè l site komisarya ki bati, inite PNH la ki ankadre, ekipman ki distribiye nan 9 depatman peyi a, preparasyon, karyè polisye yo ki asire ak yon plat manje cho yo jwenn chak jou. Poutan, li pa t pran pale de ensekirite a e sitou ekzaksyon polisye yo ap plede fè. Anplis, anpil zòn nan 9 depatman l ap pale yo poko janm gen prezans polisye, kidire yo ta gen komisarya.

Se te moman tou, pou divès inite lapolis la kouwè Apena, polisye administratif yo, Cimo, Swat Team, Cat Team, USGPN, elatriye te defile nan parad. 6 pami polisye ki te andikape nan pye travay yo, te jwenn omaj gouvènman an tou. Pandanstan, bèl ekspozisyon mayo, ak divès materyèl te ekspoze anba kyòs la, sou Channmas la.

Nan vandredi ki te 14 jen an, se te bèl sèn teyat divès ofisyèl PNH la te al fè anba lavil la. Plizyè dizèn machin ak polisye, enspektè, komisè ak lòt wo grade te siyonnen anba lavil la, pale ak komèsan yo, fè yo konnen pral gen sekirite agogo. Poutan, kèk minit pa t pase apre deplasman kòtèj bèl parad sa a, vòlè te reprann plas yo nan divès kwen anba lavil la.

Zenglendo fin pran chenn

Plizyè komèsan lavil la ak ti machann ap rele anmwe kont zak zenglendo k ap pran yon vitès moun pa konprann, nan dènye jou sa yo. Kase magazen, rantre pran kès lajan gwo lajounen, sove ak zafè ti machann, se sa ki pa manke nan divès kote sant komèsyal kapital la. Anpil magazen blije fèmen pòt yo. Divès ti machann gen kè yo sou biskèt yo. Sa ki pi grav, nan bab komisarya a menm, zenglendo konn ap opere sou komès machann yo.

Ki kote medsen grevis yo branche?

Aprè lopital jeneral, medsen nan plizyè lopital leta nan awondisman Pòtoprens deside kanpe travay, e yo di se pou reklame «materyèl ak bonjan kondisyon travay».

Nan HUEH (Lopital inivèsite leta), nan Sanatoryòm, nan matènite Esaïe Jeanty (Chansrèl) se menm penpenp lan, malad ap monte lesyèl pa do afòk y ap soufri, yo pa jwenn sekou doktè.

Pandanstan, nan jou jedi 13 jen 2002 a, doktè rezidan e entèn nan HUEH yo, te vote pou grèv la kontinye pou laplibèl, pou mande « retounen ak direksyon twazyèm sik fòmasyon an; jwenn yon minimòn materyèl pou chak sèvis yo ka fonksyonèl; diskite sou konvansyon lopital la ak fakilte medsin lan, pou pa gen sitiyasyon sa yo», selon youn nan grevis yo.

Se pa premye fwa grèv manch long sa yo tanmen nan lopital leta sa yo, toujou sou pretèks pou mande «materyèl ak pi bon kondisyon travay», lè medsen yo pa mande dirèkteman ogmantasyon sou lajan y ap touche. Lè konsa, veritab viktim yo se malad yo k ap mouri anba soufrans tout kalte.

Poutan, anplis mouvman grèv sa yo fasilite medsen sèvis yo ki pwofite pou pa mete pye lopital la, pou al regle zafè pèsonèl yo, nan klinik yo lè konsa, veritab pwoblèm lopital la yo pa janm rive ranmase. Pwoblèm vòl medikaman anndan sant sa yo pa yon seri travayè e menm medsen, pou y al bay vann pou yo. Pwoblèm pri sèvis nan lopital la yo ki twò chè pou kategori k ap frekante sant sa yo. Pwoblèm medsen movèz fwa ki ap fè magouy dèyè medsen Kiben yo, ki te toujou pote bon jan èd ak asistans pou malad k ap frekante sant leta sa yo. Tout se yon ansanm pwoblèm ki pa ta sipoze neglije e ki ta dwe soulve.

Eskandal liberasyon Coles Rameau

Si nan jou jedi 6 jen 2002 a koupab masak Kafou Fèy la yo, pami yo ansyen komisè Coles Rameau te jwenn liberasyon yo, paran 11 viktim yo fenk kare ap mande 800 milyon goud reparasyon an. 400 milyon ta sanse sòti nan pòch leta ayisyen, lòt 400 milyon an se masakrè yo ki t ap bay paran viktim yo li. Jiskaprezan, se nad marinad, anyen serye pa janm fèt. Nan dat 13 jen an, yon latriye paran ak pitit viktim yo te desann nan lari a, pou mande reparasyon sivil yo tribinal te deside, pou leta ak polsye koupab yo bay paran viktim yo. Timoun 8 a 15 zan te nan lari a, kote yo t ap fè eta mizè yo. Yo pa ka al lekòl, yo pa ka abiye, manje, jwenn kay pou yo dòmi, elatriye, se tout pwoblèm ki t ap soulve. «Wi, se sa ki eksplike prezans nou devan palè. Nou prale e ke tout papa yo Coles Rameau te touye nan masak Kafou Fèy la, 28 me 99 la», te di yon paran, ki te note se 26 timoun viktim yo te mouri kite.

Paran viktim yo ta dwe gen 2 pou 100 valè 800 milyon goud la pou yo ta bay direksyon jeneral enpo (DGI) kòm taks, anvan menm yo jwenn kòb la. Montan sa a ki reprezante 16 milyon goud, se yon lajan paran yo di yo pa posede.

Lantèman depite Clotaire Toussaint

Se jedi 13 jen an lantèman depite Savanèt la, ki te manm Tèt kole ti peyizan Savanèt nan Fanmi Lavalas, te chante. Seremoni an te fèt an prezan divès pèsonalite, pami yo, prezidan Lachanm depite a, Rudy Hériveaux, minis Afè sosyal la, madan Eude Saint-Preux Craan, ak Premye minis lan, Yvon Neptune.

Depite Clotaire Toussaint mouri kite 5 timoun, kè minis St-Preux di ministè a pral pran an chaj.

Laprès an danje

Komite pwoteksyon jounalis (CPJ) ki se yon òganizasyon jounalis, ki chita nan Nouyòk (Etazini) gen gwo kè sou biskèt, pou fason li wè sitiyasyon jounalis yo ap manniganse ann Ayiti, kote dwa laprès menase, selon responsab la yo.

Responsab komite a ki te pran ekzanp asasina jounalis Jean Dominique ak Brignol Lindor, pou montre danje ki sou tèt laprès nan peyi a, te fè sòti laperèz ak entimidasyon ki sou wout travay jounalis yo.

Menm jan an tou Platfòm pou yon devlopman altènativ (PAPDA) te denonse fason abitrè ajan gouvènman an te arete plizyè manm Batay Ouvriye ak 2 jounalis ayisyen, nan moman peyizan t ap pwoteste kont kèk grandon nan Sen Rayafèl, zòn Guasimal. E Papda te mande reparasyon pou jounalis yo ke otorite yo te britalize.

Jounalis sa yo ki se Darwin St Julien nan Ayiti Pwogrè ak Allan Deshommes nan radyo Altlantik, te jwenn liberasyon nan jou madi 11 jen 2002 a, apre plizyè jou prizon e apre yo te fin rèsevwa divès chòk anba men bandi ame grandon yo.