Toupatou nan lemonn chak 4 lne se chanpyona mondyal la k ap fè pale de li. Ann Ayiti sa pa diferan. E moun gen lenpresyon sa konn twò debòde kad la. Men, vle ou pa se yon tradisyon ki la depi nan lane 1930 e ki sou 17tyèm òganizasyon li.
Pi gwo chanpyona entènasyonal foutbol la reyini 32 ekip konyè a nan peyi Kore di Sid ak Japon. Se pou lapremye fwa sa reyalize nan 2 peyi ansanm. Peyi nan tout kontinan yo ki te kalifye nan faz eliminatwa vin pou rache koup la. Menm jan an tou ann Ayiti, sipòtè Brezil, Ajantin, Almay, Nijerya e menm Lawoland ki pa nan mondyal la, fin awoyo nan tout fòm manifestasyon kè kontan.
Konsa tou, Ayiti viv koup di mond la lannwit lè yo retransmèt yo, paske se lè sa yo nan peyi kote match yo ap fèt la li fè jou. Sa rive akoz yon diferans lè peyi Dayiti genyen ak 2 peyi Azi sa yo: Japon ak Kore di Sid.
Koup la kòm nou konnen gen anpil enpòtans ann Ayiti. Lè sezon sa a rive, moun tout kategori byen brande pou yo viv espektak la. Konsa, nan fasad pi fò kay ou nan tout rakwen ni zòn defavorize yo ni zòn plizoumwen yo, se bandwòl, dekorasyon, drapo Brezil ak Ajantin k ap flote. Anpil mak, grafiti ekri nan divès mi katye yo. Tout sa se pou make ladiferans ant sipòtè Brezil ak sipòte Ajantin yo ki pi an gran kantite nan peyi a. Apre sa se fanatik Almay, Lawoland ak Itali yo ki pa tèlman an kantite, men ki ekziste depi yon bon bout tan nan peyi a.
Chak lane, anpil nouvo fanatik fèt ann Ayiti. Swa pou yon ekip kite konn patisipe nan mondyal la deja, swa pou youn ki fèk ap patisipe ou ki patisipe raman, men ki bay yon bon pèfòmans.
Anpil gwo ekspè panse yon chanpyona enpòtan konsa ta sipoze fè bese delenkans nan peyi yo. Ann Ayiti, sa pa t montre valè zak briganday yo vreman diminye. Okontrè, pandan peryòd koup di mond lan, moun konstate divès ka moun ki mouri asasinen ou zenglendo ki rantre lakay moun, lè se pa lèse frape nan kèk katye ki kontinye, tankou nan Koridò Lakwa, Fò Nasyonal, nan Kokiyo, etc.
Menm jan an tou, lè gen espektak sa yo, koup di mond, gouvènman ayisyen konn pwofite moman tèt yo sa a, pou pase sou vijilans pèp la. Siyen move konvansyon malatchong, pran vye desizyon oubyen bastonnen moun, fè move montaj sou yo. Ka Sen Rafayèl la, kote grandon te mete ansanm ak kèk ajan pouvwa Lavalas la, pou te malmennen peyizan, militan ak jounalis la, se yon ekzanp klè. Konsa tou sa konn gen lòt enpak.
Depi kèk ane Ayisyen vin pi fanatik ekip li tradisyonèlman konn patisipe nan koup di mond la yo. Ekip kouwè Brezil, Ajantin gen anpil ti moun kou gran moun ki sipòte yo. Lòt tankou Almay, Itali gen plis granmoun ki sipòte yo.
Ogmantasyon fanatik ekip sa yo lakoz ekzijans vin plis tou. Moun k ap achte ekipman koulè nasyonal ekip sa yo, mayo ak nimewo ou foto jwè, drapo, mouchwa, bandwòl, elatriye. Moun k ap achte bagay pou dekore zòn yo ou kay yo, sa se laray. Men menm lè foutbòl pa nou an, pa iresponsabilite responsab yo, ap pèdi sou nivo li, men li nesesè pou nou plis renmen seleksyon nasyonal nou an pase tout lòt seleksyon. Enprime mayo ak foto jwè nou yo nimewo yo, koulè peyi a, elatriye, se ap yon ankourajman. Ba yo fè espò piblisitè, ankouraje yo tout lòt fason ap bay yo plis detèminasyon. Yon drapo ayisyen drapo yon sipòtè Brezil, Ajantin ou Lalmay t ap trè siyifikatif. Sa t ap montre malgre peyi pa nou pa kalifye, men nou ap travay nan sans pou ankouraje li tou.
Pou Mondyal 2002 a, ofisyèlman zotobre ayisyen yo te anonse EDH pral fè jefò pou gen kouran lè match yo. Anpil lajan depanse pou fasilite medya leta yo ak sa ki pwòch pouvwa a. Menm jan an tou, gouvènman fè yon similak, kote nan zòn popilè ki konn gen plis tansyon yo, li bay yon televizyon, jis pou tout moun ki nan zòn yo ka rasanble pou gade. Antouka, nan anpil zòn moun te konstate abitan yo aliyen devan pòt kay moun pou gade televizyon e divès rezon lakoz sa.
Annatandan, moun wè kòman pouvwa a montre li detèmine pou li bay kouran tout kote, e simaye televizyon (malgre kantite a trè lwen pou sifi) nan divès zòn Pòtoprens. Men, jès sa a li pa janm sonje fè li, ni lè elèv yo bezwen kouran pou yo etidye nan peryòd ekzamen ofisyèl yo, ni lè seleksyon nasyonal la ap jwe. EDH pa gen pwoblèm rasyonnman ankò? Moun mèt espere l ap toujou bay kouran an menm apre koud di mond lan? Se kesyon pou moun ta poze. Poutan, lè elèv yo bezwen kouran pou yo etidye, lè gen match seleksyon nasyonal la, pa janm fasil gen kouran. Sa pwouve yon lòt fwa ankò, EDH ka fè plis jefò pouli bay kouran an pi souvan e plis kote, men se politik blakawout li a ki konsa.
Malgre tout sakrifis divès sektè nan peyi a ap fè achak moman koup di mond, nan fè depans pasi pala, nan fè gwo ekzijans, sa pa rive mobilize majorite popilasyon yo. Konbyen moun nan zòn pwovens peyi a ki gen swa yon televizyon oswa yon aparèy radyo ki jwe sou FM? Ata nan Pòtoprens anpil moun toujou pa gen televizyon, kidire an pwovens kote aparèy sa a se yon veritab liks.
Vin jwenn, kondisyon ekonomik, kondisyon soayal moun yo ki mangonmen, pa vrèman ba yo tan pou yo panse ak koup di mond lan. Nou pa minimize gwo sakrifis kèk sektè ap fè, pou yon ekip yo sipòte. Akote depans pou leve koulè ekip la, batay ant fanatik, lanmò konn mete pye, bann sòti apre viktwa yon ekip, elatriye. Men, gwo pati nan popilasyon an pa touche pa evènman sila a a ki gen yon manman enpòtan, piske li reyini anpil nasyon. E, chak jou pi plis moun yo ap fenk kare santi yo pa konsène nan zafè koup di mond yo. Lè ekip yo, AYiti, pa kalifye, lè lamizè, grangou, lavichè, ensekirite ap pran plis pye, ki enterè moun ki nan pi ba echèl sosyete a pral genyen nan zafè òganizasyon koup di mond? Sinon, sa ap toujou fèt chak peryòd la rive...