22 Mai  2002

May 22, 2002

22  Me  2002
Publicité / Abonnements
Advertising / Subscriptions
Vol.20,No.10 Piblisite / Abonment
Contactez nous:
editor@haitiprogres.com
Limyè sou deplasman pè Jude Berthomieux Frédéric«Moun ki fè laverite, la vin nan limyè» (Jan 3,21).

Wi an nou chèche verite a

Men sa y ap di deyò a

1. Nou chase yon pè ki ap preche kont koripsyon ak imoralite. Sa k prese nou konsa?

2. Nou mete deyò nan Pè a

3. Nou fè l pati.

Nan tout sa, ki sa ki laverite?

Dabò, nou pa chase pè a. Men sa lèt nou te ekri l la di: «Ou pa otorize pou w selebre lamès ni pran lapawòl an piblik kòm pè». Si l pati Pòtoprens, se pa nou ki fè l pati, se desizyon pa l li pran, san nou pa t menm okouran.

Deplasman li, se pa paske li ap preche kont pè, mè, frè, etsetera, men paske li ap repouse fidèl yo e li pa koute konsèy nou ba li.

Koute byen, Apre òdinasyon pè Jude, pòs li se te Leyon. Depi l te rive la, se yon sèl prèch li genyen, yon sèl prèch li t ap fè, lan atake tout moun, di tout vye pawòl san okenn konsiderasyon. Fidèl yo te vini an plizyè okazyon vin plenyen. Nou te ba li avètisman. Li te kontinye nan menm liy lan. Nou te jije pè a gen yon lide fiks. Gen moun ki konn gen yon maladi konsa. Nou te di li nou ap fè yon medsen wè li. Li te di nou ba li yon chans, sa va chanje, si l pa chanje na fè sa. Konsa nou te voye li Zabriko. Nou te di li fè atansyon. Nou te konte sou li pou l fè sa byen. Li te fè nou bèl pwomès.

Zabriko, li te mete preche sèlman an fransè, li di pou l pat deraye. Lè fidèl yo vin plenyen pou sa, nou rele li, nou di l sak fè li deraye lè se kreyòl la, se paske li pa prepare prèch li. Nou te mande l ekri sèmon l yo e kontante l bay sa l ekri a sèlman. Li te di nou Wi. Men anyen pat chanje si byen ke nou te oblije leve l vit vit e nou te pran l avèk nou nan Leveche a. La, prèske chak maten, li te di lamès avè nou e nou te vin wè li byen alèz nan mitan pè yo. Nou te konprann li vin anfòm e nou te ba l pòs nan Katedral Sen Lwi ak lekòl Frè Paulin. Si l tap travay lòt kote, m pa t menm konnen.

Nan plas sa a, li jwenn yon teren kote li te santi l alèz pou l di plis vye pawòl. Kòman nou konprann yon moun ki wè tout lòt moun pa bon, sòf limenm? Yon moun ki wè mal la toupatou, ki di sa l pa wè, nenpòt kote, devan nenpòt ki asistan li genyen devan l? Eske se pa yon moun malad?

Anpil doleyans t ap rive nan zòrèy mwen. Mwen te panse rele pè a, e vwala semenn anvan Kongrè Karismatik la, kòm li te vin nan ekonoma, li te pase wè m. Mwen te pwofite okazyon an pou mwen te pale ak li. Mwen te di l: li pa nòmal pou l ap atake tout moun konsa: ni fidèl, ni pè, ni mè, ni frè, jan l ap fè an piblik, san okenn kontwòl ak sa l ap di, san l pa konnen. Li te reponn mwen chak fwa li pran rezolisyon an pou l pa aji konsa, se te kòm pi fò pase l, sitou gen moun ki konn ap pouse l fè sa! Mwen te di l pa kite moun gen move enfliyans sou li. Li te di m: wi, li pwomèt mwen sa.

Pou Kongrè Karismatik la, nan mèkredi 24 avril yo voye pwogram lan ban mwen. Mwen wè non l kòm moun ki te gen yon ansèyman pou bay. M ta kapab anpeche l pale. Men mwen te konprann li t ap kenbe pwomès li te fè a. Men tout moun konnen sa k te pase.

Lè depi 1999, w ap dyaloge ak yon moun, ba l konsèy ak avètisman, pran pasyans avè l, eske nou kab rele sa yon desizyon «a la va vit»?

Yo ni nou mete l deyò nan pè. Lè moun prèt se pou letènite. Yo konn fè yo sispann fè sètenm sèvis ou byen tout sèvis. Sa nou te di l: «Li pa otorize pou l selebre lamès ni pran lapawòl an piblik kòm pè». Li gen dwa selebre nan mitan lòt pè ou byen an prive. Dayè, eske nou pa te wè l ap selebre avè nou mèkredi premye me a nan mès antèman an?

Yo di nou fè l pati. Ki bò nou fè l pati? Si l al Pòtoprens, se volonte pa l. Li mande pou yo ba l yon lèt pou al mande viza. Men se limenm ki vle sa. Moun ki ap sipòte l yo di defann yo fè l pati? Se yo ki konn afè yo avè li. Men sa nou menm nou konnen nou di l: «Ou a la dispozisyon otorite nan dyosèz la pou yo akonpaye w, pou yo ede w jwenn yon bon ekilib pou w ka rive bay yon bon sèvis nan pèp Bondye a».

Kòm responsab, sa nou te wè se te kite pè a fini ak ane lekòl dwa, answit fè l wè yon medsen pou ede l. Reskonsabilite se chay! Selon règleman legliz la, se pa moun yo ki pou dirije pè a, pè a se sou kont reskonsab legliz la li ye.

M swete ti mo sa sèvi n limyè! Moun ki fè laverite, li vin nan limyè. Se pou Bondye limyè a klere nou tout e beni nou tout!

Monseyè Willy Romélus

Evèk Dyosèz Jeremi an

Jeremi 4 me 2002