| Otorite ap bat sou pousantaj enflasyon: Pèp la ap sibi li
Sitiyasyon an rèd, plis pase sa pa gen non pou sa. Yon konsta moun fè depi kèk lane, kote pri pwodwi premye nesesite yo, ki pa janm sispann monte vle fini ak moun ki pa kapab yo.
Moun save yo rele sa «enflasyon», ki di donk ogmantasyon san rete pri lavi a. Sa gen kòm gwo konsekans imedyat an Ayiti, pa egzanp: goud la tounen zòrèy bourik.
Lajounen jodi, nan tout rakwen peyi a, se 2 men nan tèt. Pwodwi premye nesesite yo «pa drapo», donk yo pa monte pou yo desann. An gwo ou an detay, nan mache, lakay moun kou nan lari, se lavi chè k ap pale. Yon ogmantasyon pri ki prèske depase estad 2 a 3 san pou 100 pou kèk pwodui. Pou kèk lòt, etap 50% an, se pa anyen pou pri pwodwi yo pa depase. Pa egzanp, lane pase, pri yon ti mamit pwa te varye ant 12 goud a 14 goud. Jiska mwa avril lane 2002 a, yon ti mamit pwa sa a te ant 18 a 19 goud. Men, brid sou kou nan fen mwa avril la, li pase a 25 goud. Ant 13 a 11 goud an plis parapò ak pri li te ye lane 2001 an. Ant 6 a 7 goud parapò ak pri li te ye nan kòmansman lane 2002 a. Yon ogmantasyon ki trè siyifikatif.
Anpil lòt pwodui premye nesesite sibi menm ogmantasyon 50 a 60% sa a, nan mwens pase 1 nan. Yon sak pwa pèpè pa ekzanp ki te 750 goud ane pase rive ane sa a a 1450 goud. Sitiyasyon kritik sa a, ki make mechanste boujwa enpòtatè yo ak mank responsabilite rejim Lavalas la, mete gwo lapenn lakay ti detayan yo, ki gen relasyon vann dirèk ak ti konsomatè yo. Yon ti detayan te deklare: «Sak pwa a ou bay 1500 goud yo renmèt ou 50 goud. Sak sik la 600 goud... Pwa Mayami an ou achte ou bay 1500 goud, yo remèt ou 50 goud... Sa nou te konn peye li 750 goud) kounye a, li vin monte nan 1000 goud...», te eksplike ti detayan an. Konsa, pri divès lòt pwodui monte nan nivo moun pa t panse. Yon sak diri Mama's rive jiska 860 goud, lè yon moso yanm, ki te konn 3 ou 4 goud pase a plis pase 10 goud aktyèlman. Yon lo yanm ki te vann 45 goud pase a 150 goud. Ogmantasyon anviwon 300%.
Divès lòt pwodui ki pa sibi menm kantite ògmantasyon an. Sa varye. «Ou te konn achte sa 250 goud, kounye a la a yo mete 70 goud sou li. Bagay yo twò chè. Ti sak farin ap vann 500 goud, sak sik ap vann 600 goud.» Yon lòt ekzanp, galon lwil «Alberto» ki te koute 60 goud pase a 80 goud. Kès ki te «280 goud, kounye a li monte a 320 goud...» te endike yon lòt ti machann nan Ti Mache Peyan. Poutan, nan mwa mas la, li te vann 260 goud, lè sa a galon lwil la te 75 goud.
Anpil analiz fèt pou ta konnen vrè nannan fenomèn enflasyon sa a. Yon pri pwodui yo ki kontinye ap grenpe mòn Makaya, san janmè rete. Yon sitiyasyon kote lajan nasyonal la, goud la, pa bouke pèdi enpòtans li sou mache ekonomik la. Yon konsta kote plis moun ap viv pi pòv chak jou nan peyi a, lè leta kontinye chita sou blòk glas li, ap gade sitiyasyon an ki ap fin pouri.
Moun konprann «kriz» politik la, ki te anjandre blokaj ekonomik yo, pou bon moso. Konsa tou, leta aktyèl la, ki pa janm pran responsabilite li a, pou bon kou nan agravasyon sitiyasyon an. Atitid lese grennen pouvwa Lavalas la, fasilite komèsan boujwa yo, sitou enkonsyan yo, kontinye fè gwo kapital, sou do pòv malere detayan ak konsomatè.
Konsa, sekretè deta ameriken an, pou rezon pa li, Colin Powell, te konstate depi retou alòd demokratik la, enflasyon an pa janm sispann monte, selon deklarasyon li te fè. Kòm alòdinè, kolonn Konvèjans la, te defile youn dèyè lòt nan laprès, pou te vin bay dizon yo sou yon deklarsyon parèy. Kòm alòdinè, yo tout te apiye li san rezèv. Moun pa atann yo a lòt konpòtman de yo!
Youn nan pi enpòtan reyaksyon yo, se te pa minis, Gustave Faubert, ki te kesyone ki bò Powell jwenn ak enfòmasyon sa yo. Minis lan ki te montre li pa kontan te demanti Powell. Li te di se bese pito enflasyon an te bese. Sòti nan mwens 20% pou rive nan mwen 10%. Sa ki te rejwenn pozisyon anpil lòt gwo toryan Lavalas.
Anfen, Powell ki toujou gen yon konpòtman meprizan vizavi Ayiti, mal plase pou li ta fè yon jijman lojik sou sa k ap pase nan peyi a. Vin jwenn moun pa fouti jwenn sous kote Powell branche, pou l jwenn enfòmasyon li yo. Se yon bagay ki pa etonan tou, lè kolonn lidè nan Konvèjans la, kouri al apiye tèt bese, deklarasyon Powel yo. Piske, yo bwè dlo menm kote, yo branche nan menm rezo. Yo tout se lennmi Ayiti. Konsa tou, minis Finans Lavalas la k ap eseye defann tèt li, kouri pou lapli e l al tonbe nan gran rivyè. Li t ap pale de bès enflasyon, poutan moun konstate, youn nan bagay konkrè ki pou ta montre sa l di a se laverite se bès pri pwodwi yo, ak enpòtans goud la sou mache a, non sèlman pri pwodui fenk kare ap monte, men goud la tou, kòm monnen nasyonal prèt pou tounen zorèy bourik. An 1995, pa ekzanp, malgre bagay la te di, 12 goud te ka bay yon ti malerèz yon ti espageti ak aran, pou 2 ou 3 moun soutni kè yo, jounen jodi a, menm 25 goud pa fouti bay li. Poutan, minis lan ap pale de bès to enflasyon.
Li ta pi lojik, lè olye minis lan ap chache defann tèt li malman devan seri lennmi peyi a yo, pou l ta ansanm ak gouvènman Lavalas li fè pati a, pran responsabilite yo, devan monte san pran souf, pri lavi a. Poukisa gouvènman pa janm entèvni efikasman sou mache a? Kilès ki responsab fikse pri pwodwi yo? Anfen, èske pwogram otorite an plas yo, se wè mizè pèp la ap ogmante anba yon fenomèn lavi chè?
|