| Apre Premye Me a, mobilizasyon PPN ap kontinye
Nan lendi 6 mai 2002 a, ak prezans Patrick Elie kòm moun ki te wè ak je li mach pasifik PPN te fè jou mèkredi Premye Me a, sekretè jeneral Pati popilè nasyonal (PPN) la Benjamin Dupuy, te prezante yon bilan. Se te okazyon pou kèk près, ki t ap eseye simen konfizyon sou kantite peyizan ki te patisipe nan mach la, te jwenn yon demanti total. E bò kote temwen an, Patrik Elie ki pa manm PPN e bò kote direksyon PPN lan ki te pase kasèt videyo mach la devan jounalis diferan medya ki te la yo.
Plizyè remak te fèt nan konferans lan, sou divès pwen ki pa t parèt klè pou entèvenan yo. Tankou lapolis ki pa t prezan nan mach la, alòske òganizatè yo te ekri direktè jeneral lapolis la depi nan dat 26 avril la. Sou kestyon sa a, sekretè PPN lan te li kopi lèt li te voye bay direktè lapolis nasyonal la Jean Nesly Lucien, pou te avèti l òganizasyon mach la, pou li te kapab voye ajan PNH vin asire sekirite peyizan yo: «Rasanbleman patisipan yo pral fèt apati 8tè nanm aten nan Plas Itali sou Bisantnè. Mach la ap kòmanse ozanviwon vè 9vè nan maten e l ap pran ri Bònfwa, Boulva Jean Jacques Dessalines, ri dè Kazèn, pou l bout Channmas, an fas palè nasyonal. Manifestasyon an ap fini vè 2zè apremidi.»
Pati popilè nasyonal konte sou prezans PNH la, pou l asire dewoulman nan lòd mach sa a, pandan l bay patisipan yo sekirite...», sa te byen ekri nan lèt la.
Poutan, sa moun te konstate se ke yo pa t remake pyès prezans lapolis sou tout pakou mach la. Jis rive nan ri Dèkazèn (Avni Pòl VI) kote yon ti gwoup ki te gen yon 40tèn moun, pou pifo timoun, t ap pwovoke manifestan PPN yo. Gras ak bon sans politik dirijan ki te prezan yo, peyizan PPN yo pa t rive avanse rive devan palè a. Mach PPN lan te kanpe sou kote Direksyon jeneral Enpo (DGI) a, kote prèske 5 mil peyizan yo, ki te ak chapo pay nan tèt yo, mayo PPN ak tout revandikasyon sou yo, t ap chante: «Peyizan, peyizan oh! Peyizan, peyizan oh! se pa t konsa peyi nou te ye...» Anpil eslogan kont plan lanmò neyoliberal la t ap sòti nan bouch peyizan yo ki te mete e Lavalas e Konvèjans lan nan menm panye a.
Se nan moman sa a, responsab PPN nan konferans 6 me a, Benjamin Dupuy te di sa li te konstate: «Lè mwenmenm mwen rive sou teren an, mwen rann mwen kont gen yon pikòp lapolis ki parèt avèk kèk ajan Simo, kèk grenn ajan. E rapidman yo fè yon kout je, etsetera, epi nan kèk segond yo disparèt...» E Patrick Elie ki te di li pa la ni pou reprezante Eko Vwa Jan Dominik ni pou pale kòm manm PPN, te deklare: «Dapre dokiman mwen wè, PPN fè sa (ekri lapolis). Kounye a, si lòt gwoup la te fè sa tou nou sipoze, travay lapolis la se ta òganize okipasyon espas la, pou evite konfwontasyon. Yon bagay pou nou pa janm bliye, sè ke travay fòs piblik la anvan represyon, se prevansyon...», te temwaye Patrik Elie, ki te sou tab konferans lan kòm temwen, paske li te patisipe nan mach PPN lan tou, mèkredi premye me a.
Aksyon lapolis poze yon lòt fwa, ki montre kòman PNH la konplis nan yon seri move mannèv, ki sòti dwat dirèk bò kote kèk responsab nan gouvènman an, ki fè silans devan move konpòtman endividi pwòch Fanmi Lavalas yo. Kòm Ben Dupuy te fè remake li: «Nou te gen près 5 mil peyizan la, donk se pa 40 moun ki ta ka anpeche nou okipe plas la. Men nou pa t vin pou konfwontasyon e nou pa dakò pou yon gwoup ap agrese yon lòt gwoup», e li te fè konnen ke se rezon ki fè PPN pa t avanse devan Palè a. Yon zòn ki te deja bare ak gwo dwoum: «Nou konnen depi atak 17 desanm lan, leswa yo toujou met dwoum, men lematen yo leve yo. Men jou sa a, yo okipe teren an e kèk tan apre, nou vin aprann te gen yon gwoup ki t ap manifeste anndan espas sa a yo te barikade a...» E sekretè jeneral PPN lan te kontinye pou di: «Di demokrasi se youn, mete l an pratik se yon lòt. Sa vle di nou anfans yon pouvwa ki panse se li sèl ki gen dwa mobilize moun. E kòm tout moun ka remake, se pa t lajan, se pa t Gwo Lobo ke nou te mèt deyò, se pa koudjay nou fè, se pa lajan oubyen kleren nou fè peyizan met gòj yo an pant, pou yo koule... oubyen aransò. E n ap di tout mobilizasyon Pati popilè nasyonal la, l ap fèt sou yon baz prensip e non pa yon kanpay elektoral. Nou pa nan kanpay elektoral, se yon mobilizasyon pou defann enterè gran mas la.» Sa ki ap motive PPN, se ke li wè ke se sèl altènativ a pouvwa Lavalas la, ki menm jan ak Konvèjans lan, montre yo pa kapab e yo osèvis blan yo.
«Nou panse grann majorite peyi a, sa vle di peyizànri an alye ak tout fòs, tout travayè, tout moun k ap bat dlo pou fè bè. M panse se yo ki altènativ reyèl, pou sòti peyi a nan eta sa a...», te deklare Ben nan konferans lan, ki te drese yon bilan pozitif de mach la.
Sekretè jeneral PPN lan te reyafime pozisyon ak detèminasyon pati a, pou l kontinye mobilize san kanpe. «Nan semenn k ap vini yo, nan tout pwovens nan 365 komin yo, nou pral mobilize pèp la, mobilize peyizanri a. E nou sèten zafè kraponay, nou pap prann nan kraponay. Leta, otorite yo la pou fè travay yo, asire sekirite, asire libète lapawòl, reyinyon. Nou pa pral pran lòd nan men ti chèf, ti seyè lagè, pou konprann y ap rete travay Pati popilè nasyonal ap fè a. E mwen swete laprès la a vin pi objektiv», te fini pou di sekretè jeneral PPN lan, nan konferans deprès sa a.
|