1 Mai  2002

May 1, 2002

1 Me  2002
Publicité / Abonnements
Advertising / Subscriptions
Vol.20,No.7 Piblisite / Abonment
Contactez nous:
editor@haitiprogres.com
Konfli gang nan Lasalin

Chirepit ant gwoup ame Fo Touwon ak patizan Frantz Camille yo nan Lasalin toujou ap bouyi. Jedi 25 pou bout vandredi 26 avril la, te gen plizyè dega nan zòn lan. Selon moun Lasalin, ekip Fòtouwon an te vini nan zòn lan, yo te touye yon jèn yo rele Tison ak bal e blese 2 lòt moun. «Nou menm, nou pèdi yon moun, nou viktim. Sa vle di se yon konfli ki te ant Lasalin ak Fò Touwon, pou kounye a konfli a toujou rete. Nèg yo ap leve chak jou, ap vin tire sou nou, ban nou katouch», te deklare yon abitan Lasalin. Sòti 2 novanm 2001 a jounen jodi a, konfli sa a ant patizan Ronald Cadavre ak Baz Fò Touzon nan Lasalin gentan lakoz anviwon yon ventèn moun pèdi lavi yo, ant 80 a 100 blese. Prensipal koz konfli sa a, se chache chak gwoup yo ap chache gen kontwòl mache a. Veritab viktimlan, rete pòv malere ki pa gen anyen awè lan rivalite bandi yo.

Viktim Avril yo ap tann jistis

Akote prizonye Latousen yo, pa ekzanp Marino Etienne ki kontinye ap mande jistis e ki di li prale nan tribinal kasasyon pou yo rive kase desizyon Kou dapèl la, ki te favorab pou liberasyon ansyen jeneral-prezidan Prosper Avril, divès peyizan Pyat akize Prosper Avril ak Olivier Nadal, kòm moun ki ta enplike nan masak sa a. Niclair Auguste ki t ap pale nan non peyizan Pyat to te mande konkou òganizasyon dwa moun yo, pou pa ta kite Avril chape anba sanksyon lajistis. Niclair deklare: «Apantaj 31 jiyè 1989 la, reyinyon 4 mas 1990 sou plaj Olivier Nadal la, jeneral/prezidan an, kolonèl Henry Robert Marc Charles, kolonèl Acédius Saint-Louis, Olivier Nadal, Gady Dmeza, ti fèmye Nadal yo nan Delije pa ka bliye dat sa a. Jounen 4 mas 1990 la, ki moun militè ki te nan baryè plaj Nadal la t ap bay sekirite? Tout moun te konnen gen gwo chabrak ki t ap monte desann, fè reyinyon, pou bay konsiy pou asasinen ti peyizan Pyat. Sou reyinyon 4 mas 1990 la, pou ki se sou rèy jeneral/prezidan Prosper Avril peyizan Pyat yo pa t ka monte sou tè yo a? Militè nan kazèn Sen Mak, nan avan pòs Monwi ki t ap tire dèyè ti peyizan Pyat yo tankou zwazo. Fòk jeneral la bay eksplikasyon sou reyinyon ki te fèt nan palè nasyonal la ak peyizan Pyat yo! E nou panse fòk kòd lajistis ta nan kou Acédius Saint-Louis tou, ki ta dwe reponn ak menm kesyon yo, petèt, se paske li se moun Sen Mak», te di Niclair Auguste ki te ajoute: «Konsènan kabinè k ap fè ankèt la, peyizan Pyat pa gen twòp konfyans nan jij la. Gen anpil mannigans, zanmitay, menm payis. Peyizan viktim Pyat yo ap mande òganizasyon dwa moun yo pou ede yo veye».

Nouvo dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, Jocelyne Pierre, te mande jij enstriksyon Sen Mak la, Kesnel, pou li pran responsabilite li, kidonk pou li mennen ankèt la nòmalman sou dosye a.

Pou bò pa l Marino Etienne ki se youn nan viktim Latousen yo, sou rèy Prosper Avril la, te pran abòt monseyè Hubert Constant, ki depi Pòdpè ki t ap defann liberasyon ak pi bon tretman pou Avril.

Okap: lapolis prezante 7 sispèk

Lapolis nan Okap, vandredi 26 avril la, prezante 7 moun ki ta sispèk kòm bandi ki ap opere nan rejyon Nò a, e ki se espesyalis nan vòlè machin, kidnape moun, elatriye. 7 mesye sa yo ki gen ant 17 a 23 zan, se: Garçon, Jean, Pierre Job, Dorvil, Robendon, Herby, Michel. Endividi sa yo tou souvan yo atake tou ti machann ak kanbis.

Pwoblèm dlo nan Jakmèl

Gen gwo pwoblèm dlo nan Sidès peyi a e sitou nan vilJakmèl, kote ata abòne Sèvis nasyonal dlo pwòp (SNEP) pa fouti jwenn yon ti gout dlo koule nan tiyo yo. «M ap pase mizè paske dlo a pa janm vini lakay mwen, mwen bouke bwote dlo», te di yon abòne. Responsab SNEP la, Alix Delva te di se kantite abòne yo ki ogmante parapò a kapasite konpayi leta a. Men, moun yo pa janm dlo menm! Omwens chak sektè ta jwenn ti gout dlo youn apre lòt.

Petyonvil: Anplwaye vwari yo mande 10 mwa travay yo

Divès anplwaye sèvis vwari lameri Petyonvil, pandan yon konferans pou laprès, mande pou responsab yo peye yo 10 mwa travay yo dwe yo. Anplwaye sa yo pa admèt pwoblèm administratif responsab lameri yo ap prezante ba yo, kòm prensipal rezon ki fè yo pa ta touche lajan yo a, e yo mande entèvansyon prezidan Aristide ak Premye minis Neptune, pou yo jwenn 10 mwa travay yo dwe yo a.

Paul Denis akeyi titèl la pou pèmèt li negosye

David Lee ki se chèf misyon teknik OEA ann Ayiti a, te rankontre ak responsab Konvèjans yo, nan maten mèkredi 24 avril la. Rankont sa a, selon youn nan responsab pati sa yo, ansyen senate OPL Paul Denis, te byen dewoule, kote yon bò misyon an te aprann Konvèjans lan ki travay li vin fè. Yon lòt bò, se Konvèjans lan ki te montre kote li pral kolabore ak manm misyon teknik la. Paul Denis te montre kòman Konvèjans lan trè sansib a aplikasyon rezolisyon 806 Oganizasyon Leta Ameriken (OEA) an. Li te di: «Li di nou se yon misyon ki gen 4 volè ladan li. Volè sekirite, jistis, dwa moun e gouvènman... Noumenm, nou pale avèk li sou sitiyasyon peyi a, pa ekzanp, sou plan sekirite, dwa moun. Nou ba li yon seri enfòmasyon sou sitiyasyon grav sou dwa moun nan peyi a... Noumenm, nou deja pare, se tann n ap tann gouvènman an li menm reyini kondisyon sa yo, pou noumenm, nou retounen sou tab negosiyasyon yo, epi pou nou debouche sou yon akò politik.»

Lise Dedin lan kanpe

Pwofesè ki ap travay nan lise Dedin nan Latibonit depi plizyè ane yo pa janm touche. Nan jounen madi 23 avril la, elèv lise nasyonal sa a te tanmen manifeste, anpeche biwo leta ak lekòl prive fonksyone nan zòn lan, pou fòse responsab yo peye pwofesè yo. «Depi nèg yo pa chache antant ak pwofesè yo, pou pwofesè yo kòmanse travay pou semenn sa a menm, se wout la nou pral koupe kounye a.» Yon lòt te ajoute: «Pwofesè yo kanpe travay depi menm moman lekòl la louvri a. Nan mwa sa a menm, nou pa janm jwenn yon kou menm, paske pwofesè yo pa janm touche.»

Rankont Lee/Bazin

Chèf misyon teknik OEA a, kanadyen David Lee, te rankontre ak sa yo rele minis ki chaje negosiyasyon an, Marc Bazin, nan biwo minis san pòt fèy sa a, ki chita nan otèl Montana. Chita pale a te rantre nan dak divès rankont Lee ap gen pou fè ann Ayiti e ki nan ajanda li. «Nou ap fè tout tou administrasyon yo avèk minis yo, e tou rankontre pati politik yo: Konvèjans demokratik la, sosyete sivil la, lòt reprezantan gwoup yo e lòt pati yo...», te di Lee.

Bazin te ale sou menm bit ak Lee, lè li te pwofite prezante ajanda pa li: «Ajanda pa m lan, se yon ajanda ki chita sou 3 pwen. Dabò, fasilite repriz negosiyasyon yo, pou solisyon konfli apre eleksyon an. Dezyèm pwen an, se tabli baz pou yon konsiltasyon soutni. E twazyèm pwen an, se ede defini pou peyi a toutantye yon ajanda pou lapè.» Enben Bazin pa manke distraksyon!

Lee te rankontre tou ak Premyer minis lan, Yvon Neptune, mèkredi 24 avril la, kote chèf gouvènman an te renouvle volonte pouvwa Lavalas la, pou kontinye pote apwi l a misyon an.

Kafou Fèy mande pou prezidan an respekte pwomès li

Jiska lè n ap ekri la a, tansyon an toujou ap monte desann nan Kafou Fèy. Manm Kowalisyon Kafou Fèy (KOKAF) yo te mete ak divès lòt moun nan zòn lan, pou te deklannche yon seri mobilizasyon, pou mande chèf leta a, Jean-Bertrand Aristide, respekte pwomès li te fè abitan Kafou Fèy yo. Pwomès wout, mache, elatriye. «Vrèman moun nou bezwen vin chita nan Sanatoryòm, vin pale avèk nou, se prezidan Aristide. Paske li panse ak tout kote, men nou menm li blije nou bò isit la. Nou ap fè mouvman sa a jiskaske wout la fèt. Chak jou, toutotan wout la pa fèt sa ap fèt la a, paske nou te vote prezidan an, se pa pou sa nou ap viv la a. Nou te vote, pou demen te ka miyò, e miyò sa a, nou wè nou pap janm jwenn li nan Kafou fèy...», selon youn nan manifestan yo.

Lafrans ap chache defann anbasadè li

Ministè Afè etranjè peyi Lafrans lan pran defans anbasadè li, Yves Gaudeuil, ke ministè Kilti ak kominikasyon te anonce chanselye ayisyen an te gen pou konvoke, paske li te foure bouch li byen long nan zafè peyi Dayiti. Ministè peyi Lafrans la wè inikman Gaudeuil te pale sou kontribisyon peyi l ap pote bay Ayiti. Lafrans te note tou, nan nòt ministè Kilti ak kominikasyon an ann AYiti, yo te montre jefò ki pral fèt, pou fini dezòd nan administrasyon piblik yo. Sa li te di li felisite.

Bò kote pa l, senatè Gérald Gilles, te aplodi desizyon ministè Afè etranjè peyi Dayiti a, ki te gen pou konvoke anbasadè a. Rankont ki te fèt ant Premye minis Yvon Neptune, ak Gaudeuil, an absans minis Afè etranjè ayisyen an, nan otèl Montana, vandredi 26 avril la.

René Julien limenm ki gen yon gwoup yo rele Aksyon demokratik pou bati Ayiti (ADHEBA) te aplodi kòm yon bon sousou pawòl anbasadè Gaudeuil yo. E li te mande pou tout lòt anbasadè etranje ann Ayiti yo, swiv diplomat franse a, nan tonbe kritike gouvènman ayisyen an tou.

Se vre gouvènman Lavalas la chaje ak kowonpi nan manmèl li, men anbasadè Gaudeuil vyole gravman prensip sou diplomasi ak relasyon entènasyonal yo, lè se konsa l ap foure bouch li, nan zafè peyi a. E sa pi rèd, lè se opòtinis kouwè René Julien k ap mande plis enjerans nan zafè peyi a.

Black Caucus la mande yon chans pou Ayiti

Kongresmann Black Caucus yo rele yon lòt fwa ankò nan zòrèy administrasyon ameriken an, pou mete fen ak blokaj èd la pou AYiti, kote 150 milyon dola ta dwe sòti nan Bank entèameriken devlopman (BID). Rezolisyon 36 manm Black Caucus yo ki te adopte nan jou vandredi 19 avril la te fè eta povrete peyi a, kantite maladi, kote li te wè anbago USA a, pa ta dwe kontinye sou do ti peyi pòv sa a. Madan Carrie Meek ki se depite Florid e kongressman Black Caucus te di «Ayisyen yo soufri anpil e Etazini gen obligasyon pou fè yon jès». Pou lane sa a, 50 milyon dola «èd» Etazini pou Ayiti, pase nan men Oganizasyon non gouvènmantal (ONG) yo. Ki moun yo al jenn an reyalite? Divès depite Fanmi Lavalas, kouwè Wilner Content, Nahoum Marcellus, pa janm sispann mande palman pran mezi, pou rive konnen kote lajan «èd» ki ale nan men ONG yo pase.

Inondasyon fè gwo dega

Anviwon 4 lanmò, youn moun disparèt, plizyè lòt blese, plis pase 150 fanmi lage nan lari a e gen otan ti kay ki detwi oubyen anvayi ak dlo, se bilan jiska prezan gwo lapli ki te tonbe nan zòn kapital la la. Nan Pòtoprens, Dèlma, Kafou, Petyonvil, gwo dega te fèt. Eboulman tè, inondasyon, etc. Abitan Peleren 1, Dezèmit, Vilaj Lapè, waf Jeremi, Matisan, Ofelen, Kanapevè, Dèlma 30, Lasalin, ak divès lòt ti zòn popilè ankò, tout te anba dlo a. Jeanine Déjoie ki se manman 4 timoun, jiska prezan moun Peleren 1, pa konn kote li pase. Claudane Baltazar mouri nan Dezèmit, anba yon kay ki tonbe sou li. Nan moman kalamite sa a - kote tout ri, twou egou fin plen ak dlo, fatra - majistra Pòtoprens lan Yves Médard (Rassoul Labuchin) te wè nesesite, pou lòt sektè nan Leta a mete lamen fòt ak lameri a pou pote konkou yo. Minis anviwonnman an, Webster Pierre, pou bò pa li, te anonse pwochen kanpay rebwazman zòn yo, ke ministè li ap pral tanmen. Menm jan an tou, Premye minis lan, Yvon Neptune, te chita nan biwo li nan primati a, kote li te voye «senpati» li bay sinistre yo.

Jij yo mande plis mwayen

Plizyè jij enstriksyon nan divès rejyon peyi a, tankou Sen Mak, Ti Gwav, Pòdpè, mande nan jou mèkredi 24 avril la, pou ministè Lajistis ta ba yo plis mwayen pou yo fè travay yo. Anpil nan jij sa yo estime mank mwayen an, se blokaj pou yo. Yo 5 sou 11 ki te envite, te reyini nan ministè Lajistis la, pou te fè demann yo bay minis la. Jij Pòtoprens yo ki pa te prezan, malgre envitasyon an.

Sispèk kidnapping yo pase devan jij

3 manm Konvansyon Inite Demokratik (KID) yo retounen nan prizon, madi 23 avril la, apre jij enstriksyon Bernard Sainvil, te fin tande yo. Se ansyen depite Jean Mandenave, Félix Charles ak Roosevelt Milien, ki te jwenn arestasyon yo nan mwa fevriye a sou akizasyon aktivite kidnaping yo t ap mennen. 6 lòt akize ap gen pou parèt devan jij Sainvil nan kad menm dosye kidnaping sa a.

Abitan yo mande sekou «Mèt Klèmèy»

Peyizan ki ap viv nan katye Pelig, nan vwazinaj baraj la, gen gwo tèt chaje akoz yo pè pou dlo a pa ta debòde pandan sezon lapli a. Yo sètoblije mande yon pwoteksyon espesyal yon lwa ki rele «Mèt Klèmèy», yon lwa vodou. Yo di se sa sèlman yo rete kòm pwoteksyon.