Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl

Zenglendo anvayi Kriswa

Nan lannwit jedi 14 pou bout vandredi 15 mas la, plizyè zenglendo te mennen yon atak nan ri Ajenò nan Kriswa, kote yo te pote plizyè milye dola ale e touye yon nèg. Zak sa yo te tèlman repete nan zòn sa a, kote 3 kay te rive kase, jenn yo te regwoupe yo nan yon brigad vijilans: «Depi jedi tout moun nan katye Kriswa, nou pa kapab viv ak ensekirite. Yo rantre lakay moun, yo tire moun, yo bat moun, yo pran kòb...» Fi kou gason, ti moun kou gran moun te kanpe king atravè brigad la. Poutan, yon jennonm te di: «Brigad vijilans ou pa, nou pa gen zam pou nou reponn ak yo menm, tout sa donk, se lapolis efektivman dapre mwen, ki pou ta fè entèvansyon pa li».
 

Etazini voye kaptenn Joanis tounen

Lendi 25 mas 2002 a, sèvis imigrasyon amerikèn (INS) voye tounen ann Ayiti, 20 ayisyen ki te annafè ak la jistis. Pami yo sepandan gen ansyen kapitèn Jakson Joanis ki te chèf sèvis Envestigasyon e anti-gang nan peryòd kou deta a ak komisarya Petyonvil la e ki limenm gen afè ak lajistis ann Ayti nan asasina ansyen minis lajistis la Guy Malary. Lòt moun yo, gen fi ak gason, se akizasyon vòl, vyòl, krim ak puchè dròg yo sanse te fè Etazini. Pòt pawòl lapolis la Dady Siméon, te di: «Nan 20 moun sa yo, nou te resevwa nan biwo ransèyman jidisyè... Gen youn la dan yo ki retni atansyon, se ka Joanis Jackson. Se yon ansyen kapitèn lame Dayiti. Li te travay kòm kòmandan anti-gang, li te travay tou kòm kòmandan Petyonvil. Nou vle atire atansyon tout moun sou li, paske se yon ka ki te fè objè rechèch pa lajistis Ayisyen nan zafè asasina Guy Malary... Nan ka sa a, la polis ki pran li ap genyen pou kapab remèt li bay atorite jidisyè yo, pou tout sa ki nesesè.»

Lajistis ann Ayiti ann efè te kondane pakontimas Joanis pou konplisite nan lanmò Guy Malary. Men se sibitman Etazini deklare yo refize Joanis azil e yo tounen li.
 

Ronald Camille fèmen nan Penitansye

Jij de pè tribinal seksyon Sid la Me Jean Gabriel Ambroise tande Ronald Camille alias Ronald Kadav mèkredi 27 mas la. Apre seyans lan, Jij Ambroise te deklare: «Aprè enfòmasyon preliminè a, mwen ap voye dosye a bay komisè gouvènman an...» Nan moman konparisyon Cadavre la, te gen plizyè inite lapolis, ki te anpeche moun ak machin pase. Plizyè patizan Cadavre ki te kòmanse rasanble nan zòn nan pat fouti pwoche prè pakè a.

N ap raple se nan dat 23 mas 2002 a lapolis te mete lapat sou Ronald nan zòn ayewopò entènasyonal Pòtoprens lan. Yon manda te dèyè Cadavre depi 8 mwa, kote yo te akize l kòm moun ki ta touye yon lòt militan pwòch Fanmi Lavalas devan palman an, ki te rele Fritzner Jean alias Bobo.
 

Neptune ap bay yon solisyon pou elektrisite a? (PIX)

Premye minis la Yvon Neptune te gen yon seyans travay ak yon komisyon Elektrisite Dayiti (EDH), nan primati a, ke li t ap eksplike konsa: «Pou te ankadre, fè yon seri rekòmandasyon sou kesyon restriktirasyon EDH... pou nou gade ansanm pwoblèm EDH la, pwoblèm kouran an ki depi kèk tan li vin yon kastèt pou popilasyon an... nou ka imajine ki nesesite gouvènman an genyen pou nou pa pèdi tan, e pou li rantre sou wout solisyon ak pwoblèm ki prezante a..»
 

Eko Vwa Jean Dominique ap kontinye batay pou jistis

Patrick Elie, nan Eko Vwa Jean Dominique, di nan memorandòm 6 pwen, li te bay prezidan repiblik la, Jean Bertrand Aristide la, li te deja mande arestasyon Ronald Camille (Ronald Cadavre). Elie te raple Fondasyon Eko Vwa Jean Dominique te rankontre prezidan Aristide, sou baz yon memorandòm 6 pwen. Yon memorandòm nou te rann piblik et memorandòm sa a te genyen, nan youn nan pwen enpòtan yo.. .Ekszekisyon divès manda arestasyon, pa Ronald camille lan tou. Se pa nan kad zafè Jean Dominique la, men pito, nan kad yon krim li te fè devan palman an, devan yon pakèt temwen», te raple Patrick Elie, ki te di batay pou jistis Jean Dominique lan fenk tanmen.
 

EU kontinye ap imite Bush (PIX)

Reprezantan Inyon ewopeyèn (EU) ann Ayiti a, anbasadè Espay, Rafael Matos, fè konnen, se sèl Konsèy Inyon Ewopeyèn la ki gen dwa leve sanksyon li mete sou peyi Dayiti yo, se pa peyi Afrik, Karaib, Pasifik (ACP) yo: «Inyon Ewopeyèn te fikse pozisyon sa a, li prèt pou bay yon èd 350 milyon dola US, si gen yon akò politik ki negosye sou lobedyans OEA.»

4 òganizasyon benefisye sipò Japon

Care Haïti, Caritas Sud, Fondasyon Durlan Dumerlin ak Lameri Petionvil, se non 4 enstitisyon ki benefisye don nan men gouvènman Japonè. Ed sila a ke anbasadè japonè ap bay la rantre nan kad pwojè APL lokal yo, ke anbasad japon an te mete ann Ayiti. «2 kamyon transpò pou leve fatra epi nou gen 24 motosiklèt, ki pral pou inite kominal pou sekirite wout ak lòt enstans nan minisipalite a...» te di yon benefisyè. Asistans sa a, gen divès lòt materyèl ke lòt òganis yo pral benefisye, pou ekzekisyon pwojè yo.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm