Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
 

Preparasyon nan Okay yon mach pou mande jistis pou Jean Dominique

Nan depatman Sid la, nan vil Okay, Fondasyon 30 septanm ap pare pou òganize divès aktivite pou dat 3 avril ki ap fè 2 zan depi yo te asasinen Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint, nan lakou radyo Ayiti Entè a. Nan okazyon an, Christophe Mésidor ki se reprezantan Fondsayon an nan Sid, di y ap tanmen yon mach pasifik ak yon konferans pou laprès pou jounen sa a, paske «fòk nou jwenn lotè krim nan sou Jean Dominique la», te deklare Mésidor ki te tou enfòme sou yon seminè òganizasyon an ap òganize 28 ak 29 mas 2002 a sou konstitisyon peyi a.
 

Manifestasyon devan Konvèjans lan

Devan lokal OPL la kote Konvèjans lan syeje, plizyè dizèn manm Komite inisyativ òganizasyon popilè yo (KIOP), te fè yon sitin pou mande jistis pou manm yo moun Konvèjans yo te touye ak blese ane pase. Sitin sa a ki te dire près 3zèd tan mèkredi 20 mas la, te jwenn sipò manm Fondasyon 30 septanm. «Nou mande e n ap kontinye miltipliye demach nou yo, pou lajistis kapab mete yon jij espesyal sou dosye sa a», selon deklarasyon youn nan manm KIOP yo, ki te akize Paul Denis, Sauveur Pierre-Etienne, Ernst Colon kòm moun ki te bay lòd pou patizan Konvèjans yo te tire sou «mach pasifik», ki te fèt nan dat 20 mas 2001 an.

Lovinsky Pierre Antoine ki se responsab Fondasyon 30 septanm te mande pou lajistis aji kont krim sa yo: «Konstitisyon an bay Konvèjans dwa pou li fè aktivite li anndan lokal li, aktivite san zam, pou pa tire sou moun, kouwè li te fè l ane pase. E nou mande lajistis aji! Paske lè lajistis pa aji, yo kapab tante pou tire sou moun yo a ankò.»
 

Anplwaye yo mande depa direktè APN nan Okap 

Jounen 20 mas la fè 3zyèm jou depi anplwaye Otorite pòtyè nasyonal (APN) yo ap manifeste, nan lakou sèvis sa a nan Okap, pou mande direktè a, Lou Alabré, pou bay talon li. Anplwaye yo akize direktè sa a kòm moun ki leve dòmi nan koripsyon, e yo menase rantre nan yon grèv manch long, jiskske Alabré kite APN lan. Manifestan yo te akize tou direktè a kòmkwa li te voye polisye ak sivil vin entimide yo nan lakou APN lan.
 

Ti machann ap sibi egzaksyon

Raymonde Moïse, Pierre Clerdange, Célestin Berline e Jean Télus Exilus, se 3 machann ki vann nan ang ri dè Seza ak ti Koud, ki te blese pa bal nan maten lendi 18 mas la. Machann sa yo ki ta pral pare yo pou ranje komès yo bò lari a, te parèt bab pou bab ak yon ekip nan Jenès pouvwa popilè (JPP) ak TKL/Sen Jan Bosko.

Pami moun ki viktim yo gen «yon fanm gwo vant. Li pran 5 katouch. Li pran bò vant, bò dèyè, nan janm, 2 nan men», te di yon temwen. Madanm sa a ki te nan yon eta kritik te rive pèdi pitit nan vant li a, nan sal operasyon.
 
 

Polisye Kwadèboukè maltrete yon jounalis Radyo Ayiti

Madi 19 mas la vè midi, yon enspektè lapolis nan komisarya Kwadèboukè, maspinen byen maspinen, korespondan radyo Ayiti Entè Gantye a, Ralph Siméon. Jounalis la di li te al chache «enfòmasyon konsènan yon operasyon polisye Kwadèboukè yo, te mennen nan zòn Lamadèl, sou komin Gantye, samdi ki sot pase 16 mas la». Enspektè polis komisarya sa a, poutèt, selon li, yon telefòn pòs la li te itilize, «misye banm 3 souflèt. Pandan m ap di misye m pa wè pouki rezon, misye banm kout pye, li sabote m anndan komisarya a. Donk se nan moman an youn nan enspektè Gantye yo, ki t ap parèt, ki rekonèt mwen, misye wè se pa pou anyen li ban mwen kou a, pandan misye di m, li pral fèmen mwen, donk enspektè a vin pran m nan men misye, ki pèmèt mwen chape anba britalite polisye sa a.» Siméon te ajoute ke se pa pou premye fwa polisye sa a ap atake jounalis. «Men, fò m di w, misye se yon nèg ki sanble te bezwen m anvan. Paske depi Aristide te vizite Kwadèboukè, nan moman dosye alfabetizasyon a, lè sa a Jean Robert Delciné ki te apenn viktim, anba men komisè avèk enspektè Site Solèy yo, donk misye, lè l te vin wè Jean Robert Delciné, li di ...ah! se misye ki rele Jean Robert Delciné a, li di an monchè, si se te mwen m t ap fè w pi mal...»
 

«Ou di ou vle 'ede', men gen limit»

Evèk Jeremi a, monseye Willy Romélus sòti nan silans li te fè bon bout tan an, pou li lanse yon mizangad bay misyon Oganizasyon leta ameriken an (OEA) e li fè konnen ke misyon sa a pa dwe rante nan pase otorite yo lòd: «Si moun sa yo vini, alòs pou ede nou jwenn solisyon, ede, men rete nan limit yo, pa depase limit yo...»
 

Lameri Grangwav la ap fè polemik

Kèk semenn deja depi Tèt Ansanm pou Sove komin Grangwav, ki reyini plizyè lòt òganizasyon, lage 2 gidon nan kò majistra komin lan, Rigaud Xavier ke yo akize kòm moun k ap vann byen leta. Oganizasyon sa a di l ap kontinye mobilize pou mande majistra Grangwav ale fè wout li. Men Jean Fedner nan Plan lyezon òganizasyon popilè nan vil Grangwav (PLOG) pa vle tande sa. Piske dirijan OP pwòch Lavalas sa a avanse se nan eleksyon majistra a te pran lameri a e ke li pa ka kite li nenpòt kòman. E Fedner te menm di: «Mwen prèt pou m mouri avèk majistra a mwen menm. Wi m ap prepare lagè, bon nou pap prepare lagè kont pèsonn, lagè se kont nenpòt atak, se yon lagè sizanka yon atak.»
 

Depite Candio fè yon lòt deblozay?

Yon lòt fwa ankò non depite Kavayon/Sen Lwi di Sid la, Jean Candio, site nan yon lòt eskandal. Fwa sa a se pa anndan legliz yo akize li ke li rantre ak gwo zam, men se pito Gérard Fleurimé yo akize li lakoz mouri anba bal. Dabò, depite Candio te eksplike: «Efektivman, dimanch ki te 17 mas la, nou te rann nou nan lokalite Lapwent Nikola, ki depann 3zyèm seksyon kominal Sen Lwi di Sid, lè nou ap rantre Lapwent, nou pa t jwenn okenn obstak sou wout la, nou pa t jwenn pèsonn moun, pa t gen ni moun ki t ap manifeste kont nou, ni moun ki t ap lanse okenn move pawòl. Apre lè n ap retounen, nou genyen yon senpatizan nou ki te envite nou nan yon resepsyon kominyon e menm la genyen yon gwoup moun ki se patizan nou ki te mete men ansam nan wout ki sòti nan Lapwent Nikola, pou rive nan yon lòt lokalite ki rele Kamadi. Se lè nou finn vizite wout la epi moun yo te mande patisipasyon nou. Nou te di yo nou pa gen pwoblèm n ap ede yo. Epi lè n ap retounen, nou rive nan wout nou jwenn yon anbiskad, lè nou jwenn yon premye barikad ki monte, nou mete men, sekirite mwen yo mete men ansanm avèk kèk moun ki t ap pase yo ede n debare wout la... Lè nou rive pi devan, nou jwenn yon dezyèm barikad, se lè n ap rive sou dezyèm a, nou tande gen yon vwa ki di: 'Men yo, atake!'. Epi se menm moman an yo resevwa nou. Se kout wòch, avèk katouch sèlman k ap tonbe sou machin nou...», te rakonte depite Candio ki di te gen echanj katouch ant «konplotè» yo ak sekirite l yo. «Bon nou aprann pami konplotè yo, gen youn ki te mouri».

Ansyen depite e kandida sena Gabriel Fortuné, ki aktyèlman se reprezantan Konvèjans lan nan Sid peyi a, te bay vèsyon pa li e li te rakonte: «Jean Candio sòt nan fèt nan zòn ki rele Lapwent, te genyen yon seri jèn ki te pase men nan wout la. Konsa, ti mesye yo mete 2 wòch, pou lè machin yo ap pase, pou yo ralanti, pou machin yo kapab ba yo kòb. Donk, Gérard Fleurmé ki se youn nan nèg ki t ap fè operazyon sa a, ki t ap mande machin yo kòb la, lè machin Jean Candio a vin ap pase, misye te nan blòk la, epi Jean Candio li menm li kanpe, epi li rele yo vin retire wòch yo, donk ti mesye yo pa t vle retire wòch yo, sekirite Jean Candio desann, yo kòmanse bat Gérard Fleurimé. Donk frè Gérard Fleurimé a ki te tou pre a vin parèt, li wè nèg yo ap bat frè li a, li menm li atake youn nan sekirite Jean Candio yo avèk kout pwen. Jean Candio desann, li di tire nèg la. Se la a youn nan sekirite Jean Candio yo tire Gérard Fleurimé. Kounye a, yon fwa krim lan fin fèt, Jean Candio di se nèg Konvèjans demokratik nan Sen Lwi di Sid/Kavayon, ki monte konplo, pou asasinen li. Se la a misye kòmanse fè arete yon seri militan... Nou mande pou yon ankèt serye mennen sou kesyon sa a, pou Jean Candio responsab zak li», dapre Fortuné ki te di tou ke Gérard Fleurimé pa manm Konvèjans lan.

Men anvan menm ankèt fèt, konpanyèl Candio nan Chanm depite a gentan sòti yon nòt ki pote dat 20 mas 2002 a, pou denonse zak sa a ke yo kalifye kòm yon asasina ki t ap fèt sou depite Candio. Nòt la te di tou ke te gen sekirite Candio ki te «blese» e ke se lajistis ki pou pran responsabilite li nan dosye sa a. Antouka, kit se pawòl konplo asasina ou pa k ap pale, non depite Cnadio ki toujou mache ak yon chay sekirite ak gwo zam dèyè li site nan twòp dosye! Anplis, manm Konvèjans yo ke «bonjou» yo pa laverite se okazyon sa yo y ap tann, pou yo fè kapital politik yo.
 

Lapolis rive sove madan Yolette Jacques

Madi 19 mas la nan lasware, plizyè nèg ame te kidnape administratris jounal Le Nouvellliste la, madan Yolette Jacques, ki t ap rantre lakay li.

«Kòm abitid, mwen toujou lakay mwen vè 5kè edmi nan apremidi, epi rive mwen rive nan wout pou antre lakay mwen, mwen jwenn kamyonèt la ap tann mwen... Yon pikòp, ki te gen 6 ou 8 gason ladan l. Yo vini, yo brake zam sou mwen, yo 6 desann. Yo chak brake zam, 2 nan pòch gòch mwen, 2 nan pòch dwat la, 2 kanpe devan m, yo fè mwen sòti sou volan an epi yo pran plas mwen, epi yo vire ak mwen», te eksplike madanm lan, ki te di kinapè yo te woule kont yo ak li nan zòn Santo. Bandi yo te bande je madan Jacques e yo te menen li nan yon kay Laplenn e yo te ekzije yon ranson 200 mil dola us, pou yo te libere l.

Konsa, mèkredi 20 mas la, lapolis ki te entèveni nan Lilavwa nan Laplenn e yo te rive libere madan Jacques nan men kidnapè yo. Youn nan zenglendo yo te mouri, youn te blese e 3 lòt te jwenn arestasyon yo epi youn gen lè te sove. Men dapre youn lan bandi yo, se te yo 9 ki te fè kou a. Donm lapolis reyisi fè yon kou, e popilasyon an espere la kontinye.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm