Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Manifestan fèman 4 biwo leta nan Okay
Nan Okay, òganizasyon popilè tankou Konbit tèt kole nan Sid (KTKNS) ak Operasyon Lapè Sid te fèmen pòt reprezantasyon ministè Afè sosyal ak Direksyon ladwann lan. Malgre entèvansyon lapolis pòt biwo sa yo te toujou rete fèmen. Rezon OP yo bay se ke yo akize 2 direktè enstitisyon sa yo ke yo mande ki pou demisyone. Dabò, direktè Ladwann lan tankou Alfred Estaing ki te reyenstale samdi 9 mas la, dèske li ta fè chimen kwochi, lè premye fwa li te direktè biwo sa a, sa gen 2 zan, ak 35 mil sak diri. Nan ka direktè Afè sosyal Sid la, Dominique Espérant, OP yo akize misye kòmkwa li ta fè manti sou do yo. Direktè Afè sosyal la te denonse OP sa yo kòm raketè. E li te di li pa p ba yo espas pou yo fè sa yo vle nan vil la. Menm jan an, Kòdinasyon gwoupman ak òganizasyon kominotè yo (KOGOK), RSDDH ak òganizasyon ki di y ap defann dwa moun nan depatman Sid la te kondane zak 2 OP pwòch Lavalas yo ki te fèmen biwo piblik sa yo. 2 lòt biwo ki nan menm lokal Afè sosyal la, biwo ministè Kondisyon fanm ak OFATMA (Ofis asirans travay ak maladi) te rive fèmen pòt yo volontèman, akoz sekirite anploye yo.
25 arestasyon nan Podpè
Sòti 6 mas pou rive 12 mas 2002 a, 25 moun nan Pòdpè jwenn arestasyon yo akòz seri deblozay ki te pete nan vil la jou 6 mas la, kote yon ajan sekirite Otorite pòtyè nasyonal (APN) te mouri, plizyè lòt moun te blese e lokal enstitisyon leta sa a te piye. Lapolis pa t vle bay non moun sa yo jis pou pwoteje ankèt l ap mennen sou lanmò ajan an.
Meriken voye 65 bòtpipòl tounen
Gadkòt meriken retounen nan peyi a jou madi 12 mas la vè 4 trè 30 nan apremidi, sou baz Amiral Killick la nan Fontamara (Pòtoprens), 65 bòtpipòl ki t ap chache rantre nan kòt Florid la. Moun sa yo gadkòt yo te pran yo nan Kanal di Van samdi 9 mas 2002. Yo te pati kite sid peyi Dayiti, nan Ilavach jou 7 mas la. Te gen papa, manman pafwa ak tout fanmi pwòch yo ki te tounen nan yon sitiyasyon mizerab ak yon sachè nwa nan men yo chak, ki te sèvi yo kòm sak pou yo mete zafè yo. Youn nan bòtpipòl yo te di: «Monchè, byen lontan m ap pati m gen anpil pwoblèm. Pwoblèm mwen genyen, dife a boule nan chodyè yon sèl bò, m pa bezwen konnen, m pa ka jwenn, m gen metye, m fini lekòl, m pa ka jwenn anyen, savledi mwen sòti. Non, non, mwen pa pè pou sa, paske si m mouri, mwen byen mouri. Depi se la a pou m mouri, mwen ap pran chans mwen», te di youn nan moun yo te mennen tounen yo.
Pou bò pa l, responsab relasyon piblik anbasad meriken an nan Pòtoprens lan te di: «Men pou nou Etazini sa poze yon gwo pwoblèm, pyès peyi nan lemonn pa ka kite fwontyè li vyole pa yon seri moun...» Poutant, Etazini tèlman vyole fwontyè pa ti peyi, li rann yo toujou gen pwoblèm tout sòt, ki lakoz moun yo toujou ap pran kanntè. Nan mwens pase 3 mwa, gadkòt meriken mennen tounen nan peyi Dayiti 1246 bòtpipòl.
Plizyè lameri fèmen nan Nò
Plizyè lameri nan depatman Nò peyi a twouve pòt yo fèmen akoz difikilte tout sòt administrasyon kominal sa yo ap konfwonte. Pami lameri sa yo gen sa Plenn di Nò a ke ansyen minis Enteryè Henry-Claude Ménard te fèmen pou vòl ak koripsyon majistra yo. Lameri Ba Lenbe a ke moun nan zòn sa a rive fèmen pou pote kole ak kire pawas la, pè Jacques Henry Dubois, ki ta ap sibi menas anba men majistra prensipal la Pierre Techeller. Lameri Sen Rafayèl la li te fèmen akoz deblozay ki te pete ant majistra Fernand Sévère ki ta twouve lanmò l anba men depite zòn lan, Servan Saint-Louis ak ajan sekirite li. Lameri Grann Rivyè di Nò a twouve pòt li fèmen tou.
Sekretè jeneral Asosiyasyon majistra Nò yo (AMNO), Abel Moïse fè kwè fèmti meri yo ki fè bri konsa a, rantre nan kad plan kèk depite sikonskripsyon yo, pou rive mete moun pa yo nan plas majistra ki te la yo.
OP yo mande peye taks nan Okap
OP pwòch pouvwa Lavalas yo nan Okap ap swiv sa ki Pòtoprens yo pye pou pye lè yo kòmanse leve kanpe tou, pou mande komèsan vil la pou yo peye leta taks. OP sa yo, tankou Inyon fòs popilè mande Direksyon jeneral enpò (DGI) pou fòse biznismann yo peye leta taks. Youn nan manm OP sa yo, Félix Moïse ki wè komèsan yo ap fè richès nan zafè trafik dwòg, te di: «Si yo pa vle peye taks, n ap fèmen magazen yo. Nou la a pou nou defann peyi nou, yon fason pou peyi nou pa desann li devan peyi etranje.» Mande boujwa peye taks, se byen. Men, fòk OP yo sonje lite pou konbat vag koripsyon k ap layite kò anndan gouvènman Lavalas yo tou! Pou se pa lave men, siye atè!
Biwo eta sivil pa gen papyem nan Grantans:
Plizyè moun nan depatman Grantans lan ap plenyen akoz difikilte yo jwenn pou yo ta fè yon seri ak ofisyèl paske biwo eta sivil pa gen papye tenbre pou li fè dokiman tankou menm batistè depi 3 zan. Sanble ke apre dekrè gouvènman an te fin deklare ke tout ak ofisyèl sa yo ta garanti nan biwo eta sivil yo, prèske pa genyen yo nan divès biwo eta sivil depatman sa a. Pastè, pè, papa, manman ak jwenn anpil difikilte lè yo bezwen pyès ofisyèl sa yo. Popilasyon nan divès zòn rejyon Grandans lan mande entèvansyon responsab yo nan ministè Lajistis ak sekirite piblik, pou rezoud pwoblèm sa a.
Majistra Jakmèl la denonse vant tè leta
Majistra Hughes Paul nan komin Jakmèl denonse yon rezo k ap fonksyonnen nan vil la, kote travay moun sa yo se pran tè leta pou vann ak moun k ap bati. Majistra a di li dekouvri rezo sa a ki ta gen sipò kèk otorite lavil la. «Nou te dekourvi yon rezo malfektè ki pran tè leta pou yo vann. Nou deklare popilasyon an ke yo pa gen dwa vann tè leta. Menm lè ou anfèmen yon byen leta, lalwa di si ou ta renmen fè transfè tit bay yon moun, fòk ou ekri direktè rejyonal la, pou li ba w otorizasyon ki pou pèmèt ou fè tranzaksyon sa a», te deklare majistra a.
Yon dife sispèk nan Forèdèpen
Depi plizyè jou, yon dife ap ravaje Parc La Visite ki fè pati Forè dè Pen. Pak sa a ki te refij zenglendo nan forè a prèske fin boule nèt. Abitan yo akoz gwosè dife a ki t ap vale teren te fè apèl yon enyèm fwa kote otorite yo e an patikilye ministè Anviwonnman e sèvis resous forestyè ministè Agrikilti. Responsab sèvis sa a nan ministè Lagrikilti, Jean Serge Antoine, te konfime ke se moun nan zòn lan ki te mete dife pou kò yo nan Pak la, jis pou yo te kouri dèyè zenglendo ki ta kache ladan. Men sa pa ta anpeche ke yo pran mwayen pou yo touye dife a!
Ministè Agrikilti ki te fè yon evalyasyon Forè dè Pen fè konnen ke pifò pye bwa yo disparèt. Forè sa a ki te gen 32 mil ekta, pase a 15 mil lajounen jodia.
Lagonav: plenyen kont desisyon SEMANAH a
Pou sòti Ansagalè nan il Lagonav rive nan Karyès, pi souvan se ti bato a motè yo ki te konn fè trajè sa a, e sa te koute pi bon mache e pi rapid tou. Nan madi 12 mas la, otorite Sèvis maritim Navigasyon ann AYiti (SEMANAH) yo te pran yon desizyon pou sekirite pou entèdi ti bato a motè sa yo fè komès sa a. Men sa te bay gwo pleyen nan Lagonav kote yon moun t ap d: «Se okazyon ki pa rapid pou nou. Nou pa gen mwayen pou pran avyon, paske gouvènman an sa a pa janm bay travay Lagonav. Nou vle vwayaje kounye a, nou tande y ap bloke okazyon sa a... Nou mande SEMANAH pou l sispann pran desizyon gwo ponyèt...»
Baz 75 kwè nan Neptune
Baz 75 ki se yon òganizasyon pwòch Lavalas e ki pi fò manm li se ansyen anplwaye Sèvis imigrasyon ak ministè Enteryè nan Pòtoprens te bay yon konferans pou laprès nan jou mèkredi 13 mas la kote yo te di ke yo te bat chalbari dèyè gouvènman Jean-Marie Chérestal la paske li t ap naje nan «gagòt tribò babò, koripsuon, vòl nan tout bwat leta yo... E yo di ke yo «santi yon van chanjman k ap vini lè nou aprann prezidan Titid chwazi senatè Yvon Neptune pou Premye minis». Pandanstan Baz 75 ki mande «pou yo mete entèdiksyon depa kont tout vòlè ki t ap piye bwat leta yo, entèdiksyon tou pou tout kriminèl yo, pou yo pa kite peyi a», te rantre tèt li nan yon lòt mera lè l te vle fè «kwè ke Neptune pral travay ansanm ak tout ayisyen kèlkeswa sektè politik yo, yon fason pou retire peyi a anba grif kominote entènasyonal la, pou peyi nou an ka rale yon souf».
Delege Sidès la gen yon plan sekirite
Delege depatmantal Sidès la, Eric Danis di li gen tèt li lou, lè li wè fason zak bandi yo ap ogmante nan depatman an. Delege a, ki te nan yon rankont ak manm Kazèk yo nan zòn Pedoren, ki chita Bèlans, te bay nouvèl nesesite etid yon plan kont zak sa yo: «Moun yo gen yon seri pwoblèm vòlè k ap vòlè bèt yo, k ap vòlè kochon yo, jaden yo. Donk tout bagay sa yo, fòk nou etidye yo avèk fòs polis la, ki nan depatman Sidès la, pou n wè kòman nou pral pote sekou a moun yo...»
KOPK konte anpil sou Neptune
Kòdinasyon òganizasyon popilè Kalfou (KOPK) nan yon deklarasyon di li apiye chwa senatè YVon Neptune kòm nouvo Premye minis peyi a. Menm jan an, KOPK ap tann nouvo Premye minis lan travay pou konbat enpinite, batay kont lavi chè, konbat koripsyon, pran dispozisyon pou anpeche gaspiyay nan leta, kontinye batay kont ensekirite.
*~