Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Gonayiv: Seremoni pou depite Dirogène
Yon delagasyon palmantè dirije pa prezidan asanble a e pòtpawòl Fanmi Lavalas Yvon Neptune akonpaye ak divès senatè ak depite te ale nan Gonayiv nan lantèman depite Marc André Dirogène jou 26 fevriye 2002 a. Nan sikonstans lan katèl majistra vil Gonayiv te pran inisyativ pou li fè reparasyon sou plas dam vil Gonayiv lan pou ekspoze kadav depite a yon fason pou patizan ak senpatizan Marc André Dirogène te vin rann li yon dènye omaj. Premye sitwayen vil Gonayiv la mesye Joachin Stéphen Moïse te fè yon gran rale e li te pale kòmkwa depite Marc André se te yon depite ki pat janm danse kole ak enpinite e koripsyon. Li te toujou ap kritike aparèy jistis la nan peyi Dayiti. Defen an t ap travay nan komisyon ki ap pare selebrasyon 2004. Majistra a te kontinye pou li di «jistis, jistis, jistis» pou Marc André Dirogène e an menm tan premye sitwayen vil Gonayiv la pwofite mande responsab jistis yo nan peyi Dayiti pou kenbe 3 sekirite Marc André Dirogène yo pou yo bay ki lès ki lotè asasina a ki te fèt sou depite a. Majistra a fè konnen yo vann Marco, yo achte Marco.
Touswit aprè delege depatmental la madan Kenard Jean-Baptiste te rann yon gran omaj a defen an, ke l konsidere kòm yon gran gason vanyan. Delege a te kontinye pou kritike aparèy jistis la nan peyi Dayiti ki pa regle anyen pou frennen zak bandi ak ensekirite nan peyi a. Fòk lanmò ak enpinite a sispann lakay chak grenn Ayisyen. Fòk vyolans lan sispann fè wout nan kè chak Ayisyen. Madanm Kenard Jean Baptiste mande jistis ak reparasyon pou fanmi depite a. Jistis pou ti fi li an. Jistis pou madanm defen an.
Premye senatè Latibonit lan Médard Joseph mande palmantè yo pou vote bon jan lwa e pran mezi pou frenen zak enpinite a nan peyi Dayiti paske jodi a se pou Marc André demen kapab se pou yo. Selon delege sikonskripsyon Sen Michèl de Latalay la Joël, li fè konnen ke depite Marc André tonbe pou tèt 2 dosye. Men defen an pat gen tan jwenn chans li nan palman an pou deside 2 dosye yo. Devan palmantè yo defen an te toujou prezan nan seyans yo.
Yo di Marc André Dirogène koumanse fè politik li nan laj 25 an. Defen an te manm aktif nan Fanmi Lavalas. Aprè koudeta 30 sektanm 91 lan, defen an te blije pran azil politik akoz pèsekisyon li t ap pran anba men lame Dayiti ak manm Frap notaman kapitèn Castra Sénafils ki kondane a mò aktiyèlman nan prizon Toussaint Louverture nan vil Gonayiv. Nan retou prezidan Aristide la lane 94, Marc André Durogène te retounen nan peyi Dayiti pou kontinye batay politik la.
Jakmèl: Diskisyon ant AEJ ak direktè edikasyon Sidès la
Nan deklarasyon yo te fè senmenn pase an sou radyo Tele Eksprès Kontinantal, responsab AEJ (Asosyasyon Anseyan Jakmèl) pa vwa pòtpawòl li Herve Alix pat mete dlo nan bouch li pou te kritike nouvo direktè depatmantal Sidès lan mesye Kesner Posy ki daprè responsab AEJ la, pa regle anyen serye nan tèt depatman an, pou l pèmèt edikasyon pouse pi devan. Youn bagay AEJ repwoche Kesner Posy se lefèt li lage yon bann enspektè ap fè transfè tribò babò jan yo vle. Pi lwen responsab sa yo fè konnen y ap peye yon asirans depi anviwon 4 an. Sepandan yo pa janm benefisye de asirans sa a.
Sou bò pa li nan yon entèvyou li te bay Haïti-Progrès semenn pase an, direktè Kesner Posy ki t ap reyaji di li kalifye de malonèt deklarasyon AEJ la ki di li pap regle anyen serye. Direktè a di, li gen sèlman 6 mwa nan tèt edikasyon nan Sidès, li deja verifye tout lekòl ki genyen nan depatman an sòti Kotfè rive Ansapit. Li ranmase doleyans lekòl yo pou wè kouman yo ka pote yon ameliorasyon. Li kontinye pou li di ke tan pou mesye dam AEJ yo ap fè fo kritik, poukisa yo pa vinn chita ak li pliske lè ansyen direktè Menos te la, AEJ pat genyen lavwa ochapit. Antouka pandan tout bagay sa yo, pa twò lontan yo sòt inogire fon depatmantal nan Sidès la, yon fon yo di ki pral pèmèt edikasyon an mache pi byen.
Kotfè:Asasina 2 timoun
Nan komin Kotfè, yon komin nan Sidès la, nan mwa pase a, nan dat jedi 6 fevriye 2002 a, 2 frè yo rele Thovilis Norzil ak Moranvil Norzil te mete dife nan kay yon madanm ki rele Lorèze Morelis. Gen 3 moun ki te pèdi lavi yo, e pami yo 2 ti fi ki gen youn 8 an e lòt la 13 an, Fayka ak Géraldine Norzil, ak papa yo Dovilas Norzil. Daprè sa manman yo Lorèze Morelis ki se madanm Dovilas Norzil fè konnen, se yon pwoblèm ki genyen pou tè. Thovilis ak Moranvil Norzil se frè mari li ke yo ye. Sa ki pi grav la, antèman moun sa yo nan dènye moman sa yo poko ka rive chante akòz mòg Lopital Jeneral Pòtoprens ki pa vle leve kadav yo, kote yo reklame yon papye nan men responsab lajistis yo nan depatman Sidès lan. Nan sitiyasyon sa a, madanm Lorèze mande otorite yo nan depatman sidès lan pou ede li, yon fason pou l rive fè antèman viktim li yo. Pou kounye a 2 prezime koupab yo Thorvilis ak Moranvil Norzil te fènmen nan prizon nan komisaria Kotfè a anatandan yo voye yo desann Jakmèl.
Marigot: Sensè a pran lise a pou li
Elèv ki nan klas 9yèm ane fondamantal, sa yo rele 4triyèm lan ki nan lise Henry Christophe di y ap monte yon kalvè anba men sansè lekòl la ki rele Jean Reno Joseph. Nan moman n ap pale la twaka elèv nan 4tryèm yo deja deyò nan lekòl la. Pou kisa sitiyasyon sa a? Enbyen selon sa elèv yo di se aprè te genyen yon bri ki fèt ki fè y ap sibi konsa anba men Jean Reno. Elèv yo kontinye pou di sansè a pa tande yo, menm paran yo li pa vle tande, kant se yon sèl lise a k ap desèvi tout popilasyon an. Elèv yo mande pou responsab edikasyon nan Sidès entèvni pou vin mete yon lòd nan Jean Reno Joseph.
Preparatif pou nouvo Premye minis la
Lendi 4 mas la prezidan Aristide te fè chwa prezidan asanble nasyonal la, senatè Yvon Neptune, kòm nouvo Premye minis ki pral ranplase Jean-Marie Chérestal, ki te demisyone. Selon Jonas Petit ki se pòt pawòl pati Fanmi Lavalas la, ke Neptune se reprezantan nasyonal, chwa sa a ta rive fèt apre divès diskisyon ant palmantè e manm pati a ak prezidan peyi a. Neptune ki te aksepte pòs la ta pral gen pou demisyone kòm senatè.
Mèkredi 6 mas: Kòm sa te prevwa, mèkrèdi 6 mas 2002 a, senatè Yvon Neptune ki te fenk chwazi kòm nouvo Premye minis, te demisyone. Nan plas prezidan asanble nasyonal la. «Mwen kite biwo a, men m ap kontinye avèk kòlèg yo jiskaske seyans ratifikasyon an li fin fèt, gen yon desizyon ki pran... m ap toujou gen kontak avèk yo, kèlkeswa nan kad responsabilite nou nan leta, kèlkeswa nan kad travay nou gen pou n kontinye fè ansanm nan Fanmi Lavalas...», te di Neptune.
Deziyasyon sa a nan jou lendi 4 mas la te pwovoke divès reyaksyon. Nòmalman yon latriye palmantè te di yo dakò ak chwa sa a. Prezidan a.i biwo sena a, senatè Fourel Célestin te konplimante kòlèg li Neptune e te di: «Nou swete w yon bon karyè ak siksè imedya e kontinye nan ranpli nouvo misyon difisil ou a.» Pou senatè Prince Sonson Pierre ki «pa t gen pyès dosye konsènan seryezite e onètete Neptune», selon sa l te di, Premye minis chwazi a pral yon modèl alatèt gouvènman an. «Tout sa pou m di avèk ou menm alatèt peyi sa a nan primati a, nou ka anvizaje rekòmanse batay sa a kont koripsyon. Nou ka jere ti resous piti nou genyen yo..». Pouki sa yo pa tou pa kòmanse pini palmantè ki te mele nan gagòt diri «lapè» a?
Senatè Gérald Gilles limenm te wè nan Neptune, yon moun ki «gen kapasite pou tranche tout bagay... pou l vin tounen Premye minis tout Ayisyen...» Pandan senatè a te di sou keksyon nasyonalite etranje yo ta di Neptune genyen an ke « konstitisyon an pa penmèt pèsonn moun vin Premye minis si ou ta gen yon doub nasyonalite».
Bò kote pa yo René Civil nan JPP (Jenès pouvwa popilè) ak Paul Raymond nan TKL Saint Jean Bosco di yo pa gen pyès pwoblèm ak chwa Yvon Neptune kòm pwochen Premye minis peyi a, piske, dapre yo, «se prezidan an ki chwazi li».
Kèk lidè nan Konvèjans la e menm sa ki anfas Lavalas ki pa nan Konvèjans lan te reyaji sou deziyasyon sa a. Doktè Gérard Blot nan Altènativ pou chanjman (AC) ki te montre chwa Yvon Neptune kòm nouvo Premye minis peyi a pa t pote byen, te jwenn reyaksyon alatèt yon pati ki nan AC, ki se Patrick Brutus (Inyon Sant demokratik) ki te di deklarasyon oubyen pozisyon Blot genyen sou chwa Neptune lan, pa angaje Inyon Sant demokratik, pandan li pa t di si wi ou non li dakò ak chwa sa a. Lòt pozisyon se te pa Paul Denis nan OPL/Konvèjans lan ki te wè Aristide pa sou negosye e chwa sa a pwouve sa. Paul Denis te menm rive kalifye Neptune kòm «yon gèrye, yon ekstremis...» Li te swiv pa Serge Gilles ki reprezante Panpra nan Konvèjans lan ki te deklare: «Yvon Neptune toujou gen yon diskou ekstremis, gen yon diskou ireyalis, gen yon diskou ki pa koresponn ak sa sitiyasyon an mande a» te di Gilles ki pa kapab rete san li pa di anyen.
Sèvis Plis fè yon kanpe lan Gonayiv
Selon direktè konpayi transpò Sèvis Plis la, Duclos Bénissoit, antrepriz koperativ sa a rive fèmen pòt li nan Site lendepandans lan, akoz divès difikilte l ap konfwonte. Direktè a ki ap tann 2 gwoup ki t ap batay nan vil la fè lapè pou l relouvri pòt konpayi a fè konnen divès zak briganday yo sibi nan zòn lan kote «yo boule youn nan machin yo k ap sòti Lestè. E sa ki pi dwòl nan kesyon an se lè kounye a yo atake nou anndan biwo a. Yo koupe telefòn, kraze biwo, vòlò tout sa nou te genyen, yo mete dife nan youn nan lòt machin ki te kanpe nan lakou a». Benissoit te akize kèk pwopriyetè kamyon, bis ki fè sikwi Pòtoprens/Gonayiv, Lestè, kòm prensipal lòtè zak briganday sa yo, piske «yo vle fè yon seri bagay nou konnen yo pap ka fè l toutotan Sèvis Plis ekziste». Li te fè konnen tou: «Nou gen 176 otobis antou pou tout konpayi a, an pwovens kòm Pòtoprens. Nou pèdi 4 ladan yo ke yo boule. Nou rete 172 e 172 la pou Pòtoprens genyen anviwon ant 50 ak 60 otobis k ap mache», te eksplike direktè a, ki te eksplike ke pyès machin sa yo se lòt bò dlo pou yo al achte yo pou yon bon kantite lajan.
Nouvo Anbasadè Guatemala
Jedi 7 mas la nan palè nasyona, nouvo anbasadè Guatemala ann Ayiti a, Bernardo Rolando Mendez Mora, te renmèt lèt kreyans li bay prezidan Jean-Bertrand Aristide. Nan moman sa a, ambasadè a te di: «Antanke anbasadè repiblik Guatemala ann Ayiti, mwen kwè li nan misyon nou e nan devwa nou, pou n travay nan enterè ekonomik Ayiti e bay koperasyon ekonomik sa a manm ant 2 pèp yo.»
Moun Pòdepè pran lari
Gwo kliman tansyon te tabli nan Pòdpè nan depatman Nòdwès la, nan maten madi 5 mas la, kote yon moun te mouri, plizyè lòt blese.
Aktivite tankou lekòl, komès, te paralize apre yon ajan sekirite Otorite Pòtyè Nasyonal (APN), te fin tire yon ti bouwetye ant 12 a 14 zan apre yon diskisyon nan limit pò APN lan. Popilasyon an te fè va sou sekirite sa a, kote yo te rive touye li. Menm lè a, vè zòn 9vè konsa, gwo panik te simaye, kote kawoutchou t ap boule, wout te bloke, wòch t ap voye. Lapolis te rive, kote plizyè moun nan foul la te blese pa bal e 4 polisye te blese anba kout wòch. Divès machin nan APN te andomaje. Nan jounen mèkredi 6 mas la, vil la te leve plizoumwen kalm.
*~