Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl

Mach pou mande lapè nan Site a

Rankont ant chèf leta a Jean-Bertrand Aristide ak divès moun Site Solèy mèkredi 27 fevriye 2002 a, sanble pa t rive touche tout sektè anndan 34 katye Site a. Pandan rankont sa a, prezidan an te fè moun yo divès pwomès e li te envite yo pale tout sa yo te gen nan panse yo. Pifò moun ki te entèvni nan chita pale a te wè sèl wout pou ta gen lapè nan zòn lan, se ta redwi kantite chomaj la e mete kanpe divès estrikti ki ale nan sans devlopman zòn lan. Chèf leta a te envite moun yo fè jefò bò kote pa yo pou «pa kraponnen devan ti ponyen zenglendo», ki ap fè ravaj anndan Site a. Prezidan Aristide te fè konnen li ap kite se «lapolis ak lajistis» ki trete dosye a selon lalwa.

Poutan, nan jou jedi 28 fevriye a, plizyè manm yon òganizasyon ki rele Kolektif Notab Site a (CONOC) te bay yon konferans pou laprès, kote yo te fikse pozisyon yo sou sitiyasyon zòn lan, k ap sipòte depi plis pase 2 mwa anba men bandi yo. Reprezantan CONOC yo te fè yon bilan lou sou evènman sa yo anndan pi gwo katye popilè Pòtoprens lan. Jean Ronald Régistre ki se sekretè jeneral CONOC te di: «Prèske anviwon 2 mwa san pran souf, san konte lòt fwa yo, Site Solèy anba lagè, kote anviwon 40 moun mouri, 100 moun pran bal, mil kay piye epi boule, 80 a 90% moun yo fouye, yo pran bijou sou yo, lajan sou yo, plizyè fanmi lage 2 men balan, plizyè fanm sibi zak kadejak, ti fi yo ki sibi zak kadejak pa konte. Anba tout mizè, traka, kalamite, tray sa yo, moun Site a ap pase, pa gen okenn dirijan ki di anyen serye, ni ki fè yon bagay serye. Nan menm sans sa a, n ap mande pati politik, òganizasyon dwa moun, legliz, biwo pwoteksyon sivil, kominote entènasyonal la, kisa n pwopoze tout bon vre pou Site Solèy sòti nan katchouboumbe li tonbe jodi a...» te kesyone CONOC, ki pi devan pwopoze: «pou prezidan Titid, nan yon delè ki pa lontan, bay lòd selon lalwa, pou tout moun ki gen zam nan Site a, depoze yo nan komisarya ki pi pre a, paske zam nan tiye ni moun ki p ap fè lagè, ni moun k ap fè lagè. Depase delè sa a prezidan an bay la, yon moun yo jwenn zam nan men li, y ap pini li selon lalwa. An menm tan tou, nou mande pou prezidan an kreye lòt aktivite pou ti mesye sa yo. Tankou aktivite komèsyal, pou sa yo ki pa ta ka travay nan yon biwo, sant pwofesyonèl oswa bous pou sa yo ki poko gen laj pou travay..; akote tout pwojè prezidan an ta genyen pou Site a, pou l ta ba nou 2 komisarya ankò. Youn sou wout nèf, youn ant Boston e Belekou, san konte plizyè inite estab lapolis toutan nan zòn yo», te fini manm CONOC la, ki te lanse yon mach pasifik «jedi k ap 7 mas 2002 a a 10zè nan maten», kote pap gen ni tanbou ni chante e moun p ap vin «rele ni viv pèsonn moun, ni aba pèsonn moun», selon Jean Joël Corneille ki se yon lòt responsab CONOC.
 

Machin lanmò a reprann lari

Jedi 28 fevriye a, 2 endividi ame ki te nan yon pikòp gri, te louvri katouch sou moun nan Dèlma 62 a kèk pa dezyèm soukomisarya Petyonvil la. 2 moun pèdi lavi yo e divès lòt blese. Moun ki mouri yo se yon nèg anviwon trant lane, ki rele Raymond ak yon ti fi 6 zan ki pote non Tara Johnson. Pami blese yo gen yon sè Tara ki li gen 14 zan. Yon ti machann ki te la te rapòte: «M kanpe la a epi m wè yon machin ble sot anwo, pandan m voye je m, san moun yo poko desann m wè pòt yo ouvè, men mwen pa ka di ou si se pase nèg la yo t ap pase... Epi vole yo vole a m tande: bè w! bè w!, E menm lè a mwen menm, mwen kouri...» Manman Tara pa t ka siye dlo nan je li kote yon pitit li mouri yon lòt pran bal nan menm moman an.

Komisè Petyonvil la, Carlo Lochard ki te wè zak ensekirite a ap ogmante Petyonvil non sèlman te di «ankèt» deja louvri sou zak sa a, men tou te pwomèt lapolis pral pran responsabilite li pou frennen kantite zak sa yo. Yon lòt pale mete la?
 

Moun Okap bouke ak zenglendo

Moun ki abite nan Site Ewo Okap Ayisyen te pran lari mèkredi 27 fevriye a, pou te rele anmwe kont zak zenglendo ki ap fè yo monte lesyèl pa do nan Site Ewo, ki chita nan do Fondasyon Vincent an. Moun sa yo ki te plizyè dizèn, te fè konnen se chak swa zenglendo yo ap fè lapli e lebotan nan Site a, kote yo fin dechèpiye zòn lan. Manifestan yo te tou pwofite denonse pè Fondasyon Vincent an, Jacques Charles, ki te bare wout prensipal pou yo ta pase rantre nan Site a, kote pè a te mete etikèt dechoukè sou do yo.

Pwoblèm zenglendo k ap fè lalwa a pa sèlman nan Site Ewo, gen divès lòt katye tankou: Site Fò Sen Michèl, Blouyil, Sent Filomèn, ke komisè depatmantal lapolis la, Godson Orélus te pwomèt lapolis ap travay pou mete fen nan zak zenglendo yo. De tout fason pwomès sa yo pa monte mòn.
 

Einaudi tounen ankò

Sekretè adjwen òganizasyon eta ameriken yo (OEA), Luigi Einaudi, te rantre ann Ayiti mèkredi 27 fevriye a, kote menm jou a li te rankontre ak responsanb Fanmi Lavalas yo nan palè nasyonal. Einaudi te pwente nan peyi a, sou yon manifestasyon «kont boujwa yo», ki t ap fèt devan reprezantasyon OEA ki chita nan Petyonvil. Einaudi te tou rankontre tou byenantandi manm Konvèjans yo.
 

Y ap tounen 25 Ayisyen

Lajistis ak sèvis imigrasyon peyi meriken gen tan voye 13 Ayisyen sou 25 yo gen pou voye tounen nan peyi a. Depòtasyon sa yo, selon pòtpawòl lapolis la, Jean Dady Siméon, fèt dapre yon akò 2 peyi yo te siyen. Siméon te fè konnen ke se de moun ki te «enplike nan dwòg, vyòl ak zak kriminèl» e «yo te kondane pa lajistis meriken». Misye te fè konnen tou ke gen yon komisyon PNH la ki ap etidye dosye moun sa yo.
 

BRH pran kontwòl BHD

Bank repiblik Ayiti (BRH) te mete yon nòt deyò lendi 25 fevriye 2002 a, kote li te avize piblik la an jeneral e kilyan BHD an patikilye, ke li poze sele sou bank sa a, poutèt li fè fayit.

Selon nòt BRH la, desizyon fèmen BHD a pran paske bank sa a dwe plis pase sa li posede e li pa ka peye dèt li. Konsèy administrasyon BRH la te di yon desizyon parèy ale ann akò avèk atik 71 e 72 lwa sou fonksyonnman bank yo ann Ayiti. CIMO te vin okipe lokal BHD a, jou lendi sa a.
 

Senatè yo mande Bazin règleman

Plizyè senatè mande pou komisyon Finans sena a ta konvoke minis Planifikasyon an, ansyen defakto, Marc Louis Bazin, pou l ta vin bay kont konbyen ONG (Oganizasyon non gouvènmantal) ki ap feraye anndan peyi a e ki sa yo fè ak 70 milyon dola us «èd» entènasyonal, ki ta pase nan men yo. Senatè Gérald Gilles te di: «Nou konstate tou gen yon seri enstitisyon entènasyonal ki di yo bay Ayiti èd e gen menm yon diplomat entranje, ki site près 70 milyon dola èd a Ayiti ke yo pase atravè ONG... Eske komisyon Finans lan pa ta kab rantre an kontak pou mande yon seyans travay avèk minis Plan e Koperasyon ekstèn nan ki kwafe yo... kontwòl pou n konnen ki ONG sa yo,... e ki travay ki ap fèt tout bon avèk 70 milyon dola sa a.» Senatè Magloire pou bò pa li te monte kont manm ISC (Inisyativ sosyete sivil) la, ki pou li konplis nan plan lajan sa a: «Yon nèg kòm Rosny Desroches... se menm nèg sa a ki pral goumen di l ap negosye, epi l ap anpeche negosiyasyon an abouti», te akize senatè Magloire. Senatè Lans Clonès li menm te fè konnen ke òganis dwa moun sa yo tou, gen kòb kominote entènasyonal la pase nan men yo, menm pou yo ta fè fòmasyon pou yon seri jij, pou fè fòmasyon nan domèn lajistis lan; enben, nou tout nou konnen mwen pa kwè janm gen fòmasyon sa yo ki fèt.
 

Jèn Fò Nasyonal yo mande pa yo tou

Lendi 25 fevriye 2002 a nan maten, popilasyon zòn Fò Nasyonal, Avni Poupla, Pòs Machan, San Fil, elatriye te leve anba gaz lakrimojèn, bal ki t ap tire, wòch ak boutèy ki ak kawoutchou ki t ap boule tribò babò. jèn zòn sa yo t ap pwoteste pou otorite yo pataje «gato» a ak yo. Lapolis CIMO te entèvni. Mobilizasyon jèn sa yo ki te paralize zòn lan te jwenn apui 2 delege Fò Nasyonal, Jean-Marie Samedi ak Févry Jean-Baptiste.

Nan madi 26 la, kèk jèn nan Baz Sapatann ak yon òganizasyon ki rele KONOP te rele yon konferans pou laprès, kote yo te bay yon delè 72zèd tan pou prezidan Aristide ta vini nan zòn sa a, kote yo te kwè si sa pa ka fèt y ap «libere tout prizone nan prizon Fò Nasyonal» la. Delege yo ki te sou tab konferans lan tou, te mande pou otorite yo ta transfere prizon an yon lòt kote e pou yo ta fè yon sant pwofesyonèl nan ansyen kazèn prizon an ye a.

Divès jèn nan zòn lan te montre yo trè fache dèske «lè gen pou boule kawoutchou se nou yo itilize nan Pòtoprens, men lè sa a bon an, yo pa wè nou». Bourik koumanse pa kapab sipòte travay pou rete gade chwal galonnen? 

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm