Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
 

Kiba: Prezidan Castro resevwa medsen kiben ki sòt Ayiti

Prezidan kiben an, Fidel Castro te resevwa lendi 18 fevriye a yon gwoup medsen kiben, ki te sòti an Ayiti, kote misyon yo te fini. Chèf leta Kiba a te salye efò 63 entènasyonalis sa yo te sot fè ann Ayiti kote yo te fè 14 mwa nan 41 kominote nan pwovens ak lakanpay. Medsen sa yo ki te diplome depi nan lane 1999 te fini espesyalizasyon pratik yo nan medsin jeneral entegral nan peyi Dayiti, nan kad koperasyon Kiba mete sou pye pou yon asistans medikal toutbon lakay nou. «Jèn medsen sa yo se yon fòs avangad», te di Fidel. Medsen sa yo te bay lavi nan tan yo te pase ann Ayiti a a 4 mil bebe, yo te vaksinen pase 30 mil moun e pran swen plis pase 15 mil sa ki fè tansyon. Nan kad pwogram koperasyon Ayisyano-Kiben an nan domèn lasante, plizyè jèn ayisyen gentan al resevwa fòmasyon nan domèn lamedsin nan Sanntyago Kiba.
 

Nò: Manm OP yo ap mande kont

Yon reyinyon te fèt dimanch 17 fevriye a, nan lekòl nasyonal Faustin Michèl nan Okap, kote plizyè dizèn manm òganizasyon popilè pwòch Fanmi Lavalas, te chita reflechi sou sitiyasyon peyi a k ap fè bak chak de jou an jou. Yo te kritike sitiyasyon peyi a twouve l jounen jodi a. Youn nan yo, Fritz Delby nan Tèt ansanm òganizasyon Nò, te deklare: «Pèp la ap kritike otorite yo ki pa fè anyen anndan peyi a, yo pa jwenn sèvis, pa gen kouran, pa gen dlo, pa gen wout. Se tout revandikasyon yo ki ap pase anba pye jounen jodi a... Nou di ankò si gato a ap separe san pèp la?» Manm OP sa yo te site non anpil otorite nan Nò tankou delege depatmantal la doktè Jean Mirtho Julien, direktè Travo piblik la, Wood Toussaint, senatè Nò a, Rouseline A. Bell, ke yo te envite nan reyinyon sa a e ki pa t mete pwent pye yo. 
 

Fwontyè a fèmen sou travayè ayisyen yo

Plizyè milye Ayisyen, ki pral travay an Dominikani rete ap tann nan limit Ansapit depi kèk jou. Rezon an se ke otorite dominiken yo fèmen fwontye a. Moun sa yo ki prale lòt bò a al koupe kann e fè lòt travay ap fin manje dènye ti rès lajan pou yo te peye travèse a, fòk y ap tann «yo ranmase nou 70 pou mennen nou Sendomeng. Jiskounye a nou la a, nou poko ale. Koulye a nou rete ap tann si nou ka ale. N ap pase mizè», te fè konnen youn nan abitan yo, ki te soti nan divès kwen peyi a, pou y al koupe kann an Dominikani «Se kann pou nou koupe, paske nou pa konn li, nou p ap ka jwenn lòt djòb», te deklare yon lòt. Men malgre machin pa janm vin chache moun sa yo, se chak maten otorite yo mete yo sou ran bò fwontyè a, pou ba yo vaksen.
 

Kisa polisye yo gen ak palmantè yo? (PIX)

Responsab polis nasyonal (PNH) la pa t al reponn konvokasyon depite yo te vle pou poze yo jedi 21 fevriye a. Seyans sa a t ap gen pou chita sou zafè divès polisye sèvis sikilasyon ki sanble gen move konpòtman fas a yon seri palmantè. Depite twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, Simpson Libérus te rapòte laprès move zak li te sibi, samdi 16 la anba men 2 ajan lapolis sèvis sikilasyon ki te rive rale zam sou li nan boulva Lasalin lan. Depite a te di polisye sa yo te menm pa konsidere grad palmantè li a. Yon lòt ka te rive jou lendi 18 fevriye a, kote depite Ulrick Saint-Cyr te sibi agresyon yon polisye li te idantifye, nan riyèl Alèt. Kòm rezon absans yo, responsab PNH yo fè konnen ke se paske yo di pa t jwenn yon envitasyon fòmèl e yo te di yo prèt pou tout envitasyon.
 

Gonayiv: Atak kont yon komisè lapolis 

Sou wout Dat la nan Gonayiv, komisè polis Madsen Saint-Jacques di l te sibi yon atak dimanch ki te 17 fevriye a nan aswè. Komisè a ki pa t blese te fè konnen ke yon bann endividi te tire sou machin li, ak yon T-65. Moun sa yo ki te nan yon pikòp blan, selon komisè a, te pwente divès zam deyò. Nan moman sa a divès barikad te monte nan wout la, kote abitan yo t ap reyaji apre nouvèl lanmò depite Marc-André Dirogène. Komisè a te fè konnen tou ke «endividi ki te tire sou machin mwen te ye a, li pa enkoni». Men pouki li pa mete ak lajistis pou arete li?

Nan menm aswè a zenglendo te atake biznis kote yo te rive dezame ajan sekirite yon izin glas e yon estasyon gazolin. 
 

Nouvo anbasadè Kore di Sid

Anbasadè Kore di Sid ann Ayiti a, Chon Uck Kim te prezante lèt kreyans li, mèkredi 20 fevriye a bay prezidan Aristide, nan palè nasyonal. Diplomat la ki reprezante peyi l ni ann Ayiti ni an Dominikani tabli kò l an repiblik Dominikèn. Misye ki te sòti Sendomeng lendi 18 fevriye 2001 an pwomèt kolaborasyon sere peyi li ak peyi Dayiti.
 

IPI lonje dwèt sou Ayiti

Enstiti Entènasyonal Laprès (IPI) mete rapò anyèl li deyò, kote li akize peyi Dayiti ki peyi kote Laprès ap monte yon kalvè pa do. IPI ki wè sitiyasyon an kritik nan peyi a te fè eta divès menas ak zak jounalis ayisyen yo sibi. «Lamajorite ensidan ki te fèt yo se lapolis ak pwòch gouvènman Lavalas la ki te fè yo», selon rapò sa a ki te pran enpinite kòm prensipal koz miltiplikasyon agresyon kont jounalis yo. IPI te pran ka asasina Jean Dominique e Brignol Lindor kòm ekzanp.

Rapò sa a analize ka jounalis ak medya nan 176 peyi, kote se sitiyasyon kontinan Ameriken an ki pi mal. Sou 21 jounalis ki te mouri nan 9 peyi rejyon an, 3 asasina fèt ann Ayiti, 9 fèt nan peyi Kolonbi, lòt 9 la fèt nan 7 lòt peyi an kontinan an. Men IPI a pa fin yon òganism ki two serye, e se domaj, paske li twouve l ap fè gwo kritik kont gouvènman Chavez nan Venezuela, alòske laprès nan peyi sa a se près libètinaj tèlman yo lib e libè pou yo kritike ak fè move pwopagannnnn ak tapaj kont prezidan Chavez.
 

Yon fim sou vodou 

Dapre Haiti Support Group ki tabli kò l nan peyi Angletè, madi 8 mas 2002 a, nan Lond, kapital Angletè, yon fim sou vodou «Lineaments of the lwa» ap gen pou parèt, nan Charlotte Street Gallery. Fimm sa a ki te monte pa Leah Gordon, Ramu Mukherjee e Maggie Roberts, prezante ekzèsis vodou a selon reyalite Ayiti a. «Lineaments of the Lwa» make konvèsasyon chak jou espri yo e li transfòme lepri chak jou a, sa ki fòme konsyans vodou a, dapre nòt Haiti Support Group la.
 

Enstriksyon ta reprann nan dosye asasina Jean Dominique lan

Lendi 25, madi 26 ak mèkredi 27 fevriye 2002 a, madan Jean Dominique, Michelle Montas, Rudolph Boulos ak senatè Dany Toussaint ap gen pou prezante devan jij enstriksyon Josua Agrant. Komisè gouvènman nan tribinal sivil Pòtoprens lan, mèt Josué Pierre Louis, ki te bay enfòmasyon an te presize: «Lendi maten apati 9vè, 10zè, jij la envite pati sivil la, ki se madan Michelle Montas. E madi gen konvokasyon ki fèt, n ap tande Rudolph Boulos a dizè, e genyen senatè Dany Toussaint ki konvoke pou mèkredi maten a dizè.» 

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm