Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Afwontman 2 katye nan Okap
2 katye popilè nan Okap, Baryè Boutèy ak Nan Bannann, retounen pou lapibèl nan gwo konfwontasyon, depi nan lannwit madi 5 fevriye a. Konfli sa a te mete Okap tèt anba, apre yon sèten Ti Tonton ki sòti nan katye Baryè Boutèy ke moun Nan Bannan te touye sou kòm vòlè. Yon gwoup ki soti nan Baryè Boutèy te debake lan Nan Bannann vin vanje lanmò Ti Tonton. E jis nan demen 6 fevriye batay la te fin dechennen ak kout zam ki t ap tire, wòch, etc. Polisye yo ki t ap eseye ramne lòd te gen omwens 4 ladan yo ki blese.
Senatè a bat tanbou l e li danse l
Senatè Dany Toussaint, ki te sòti sen e sof anba seyans vòt ki pou te retire iminite l nan sena a, te tou pwofite konsidere sa kòm yon viktwa. E li te montre li pi awogan ankò kont lòt senatè a ki te konsidere ke rapò komisyon an pat serye. Donk Toussaint te santi li anfòm pou li jete akizasyon kont kolèg li yo: «... Sousou, yon seri dechoukè, yon seri moun k ap boule kay pati politik...» E anplis li te pretann ke: «Se yon dosye klase. Li klase paske nan konklizyon rekòmandasyon an komisyon an mande pou yo voye yon seri pyès adisyonèl ba li, ki pyès yo ye? Pwosè vèbal konsta sou lye krim lan pa jij de pè...»
Prezidan Aristide pare pou li separe plis
Prezidan Jean-Bertrand Aristide, te bay yon konferans pou laprès, jou lendi 4 fevriye a nan palè nasyonal. Prezidan an ki te panche sou yon seri pwen k ap bwase bil peyi a, te mete aksan sou chwa nouvo gouvènman an ke li gen pou l fè pa twò lontan. Chèf leta a te fè kwè li gentan kòmanse kontakte kèk lidè nan Konvèjans lan, pou l ta foure nan pwochen kabinè ministeryèl la e li menm fè kwè li pap gen pwoblèm, pou se youn nan alatèt Konvèjans yo ki ta vin Premye minis. Aristide te montre li pa gen pwoblèm pou pwochenn eleksyon yo ta fèt swa nan lane 2002 a la a oswa an 2003. Li te deklare: «Volonte pa m se fè tout sa k posib, pou pwochen gouvènman an ta gen ladan l aktè politik ki sòti nan opozisyon an e sitwayen onèt oubyen ki pa nan Fanmi Lavalas, akote lòt sitwayen ki manm Fanmi Lavalas, kòm moun debyen e onèt, konpetan byen antandi... Sipoze konsèy elektoral la ta deside pou eleksyon yo fèt an jiyè 2003, jen 2003, me 2003, mas, avril, fevriye, janvye, m kite sa nan men yo, sa ki enpòtan pou mwen, se konpwomi apwouve, pou pita nan premye 6 mwa 2003 a, nou ta genyen eleksyon yo.»
Wi pa monte mòn...
Sou dosye, renouvèlman manda jij Claudy Gassant an, prezidan Aristide nan konferans pou laprès li te bay lendi nan palè nasyonal la, te konte plizyè rezon ki fè li poko pran yon desizyon sou kesyon an. Tankou li te di se paske minis Lajistis la, Gary Lissade, pa la, yon lòt bò se rapò ekri sou fason jij la te travay li poko jwenn e anfen li te montre tou absans jij Gassant ki Ozetazini, se yon lòt rezon. Men li te montre se pa yon pwoblèm pou l renouvle manda jij la. Sou afè leve iminite palmantè senatè Dany Toussaint an, chèf Leta a te di l ap respekte sa lalwa di, kidonk nan kad prensip separasyon 3 pouvwa yo, l ap kite sena a deside.
Paul Denis pa pran priyè
Sou kestyon prezidan Aristide ki te envite manm opozisyon an rantre nan gouvènman oubyen vin negosye a, sa pa t sanble fè pòt pawòl OPL/Konvèjan lan Paul Denis chanje pozisyon li. Denis te montre li pi anraje e li te deklare: «Se pawòl, se pawòl. Si misye Jean Bertrand Arsitide vle poze yon seri zak konkrè, ke l mande oubyen ke li kraze swadizan 47tyèm lejislati a...»
Gwo komèsan yo pa vle peye taks
Selon pòt pawòl direksyon jeneral enpo (DGI) a, Muray Lustin Junior, DGI a anrejistre yon bès onivo rezèt fiskal yo, ki plis pase 4 milyon goud. Dapre li se akòz gwo komèsan yo pa peye enpo ak taks, ki fè pèt sa a rive fèt.
*~