Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl

Chita pale IRI, Konvèjans ak 3 jounalis

2 chèf Enstiti entènasyonal repibliken (IRI) an, Georges Fouriol ki se vis prezidan pou planifikasyon ak Stanley Lucas ki se responsab rejyon Karayib la te mete ansanm pou rankontre dirijan Konakom/Konvèjans yo tankou Victor Benoit e Micha Gaillard, kèk chèf Mokrena/Konvèjans tankou pastè Sylvio Dieudonné, e kèk jounalis ki te tou pwofite kite peyi a apre evènman 17 desanm yo, Gary Bélizaire, Francine Léonard ak Pharès Duverné. Pwofesè Benoit te fè kwè: «Nou an prezans yon rejim totalitè ki pa aksepte lide opozisyon... Nou te tande patizan Aristide yo ki t ap di jou sa a devan laprès, nou pa bezwen opozisyon, opozisyon dwe disparèt, opozisyon jwe jwèt kominote entènasyonal la...» Pastè Dieudonné te deklare limenm: «Moman an kritik, legliz boule, lekòl, kay boule, kay e legliz mwen, lekòl mwen e 3 lòt kay ki sèvi kay lòt fanmi ki abite sou yon gwo teren. Nou tout te boule.»

Jounalis Pharès Duverné te rakonte: «Nan jounen 17 desanm sa a, près yon karantèn jounalis te swa pran baton, swa menas lanmò e yon dizèn jounalis anviwon te erèzman gras a konkou diplomat etranje, kite peyi a. Nou anviwon youn dizèn jounalis ki te ekzile tèt nou Ozetazini.» Pou bò pa l Stanley Lucas t ap jwe jwèt li: «Bon se sèten, nou pa ka envite Lavalas la pou yon rezon byen senp. Youn nan kritè pou nou travay avèk òganizasyon, kit li politik kit li ekonomik, fòk ou se yon òganizasyon ki pa sipòte vyolans. Oganizasyon Lavalas la se yon òganizasyon ki sipòte vyolans...» Lucas sanble se yon mèt nan kesyon vyolans lan, konyè a se limenm ki ap bay diplóm nan domenn sa a? 
 

Chérestal ta remèt demisyon li

Premye minis Jean-Marie Chérestal ta renmèt prezidan Aristide demisyòn l mèkredi 16 janvye a. Lèt demisyon an te chita ap tann prezidan repiblik la ki te menm jou a te pati an vwayaj an Dominikani. Nan sena a, gen 11 senatè sou 13 ki te voye lèt pou entèpele Premye minis lan pou jou madi 22 janvye a. 2 senatè ki te vote kont entèpelasyon an se ansyen majò/komandan Dany Toussaint ak ansyen majò Fourel Célestin.
 

15 manda nan afè asasina majistra a

Asosiyasyon majistra Nò (AMNO) a anonse ke gen «15 manda ki mete deyò nan Gran Rivyè, Dondon, Sen Rafayèl, etc., e pami yo, non depite a nan manda sa yo...», selon youn nan responsab AMNO yo, majistra Plezans lan. Minis Enteryè a, Henry Claude Ménard kwè gen anpil travay ki kòmanse fèt pou mete men sou koupab asasina sa a e li te di: «Gen anpil aksyon ki fèt, men li poko abouti a arestasyon.» E li te di yon fwa ankò ke gen yon komisyon ankèt ki fóme e ki kòmanse travay. Menm jan ak dirijan AMNO yo, Asosiyasyon majistra Grandans yo (AMAGA) te denonse krim sa a e mande «fòk limyè fèt sou asasina sa yo, fòk lajistis triyonfe...», te deklare sekretè jeneral AMAGA a, Wilbert Louis Jean.
 
 

Kote Sèvis Dijyèn pral mete ti machann yo viv?

Divès ti machann ki t ap vann liv, radyo, materyèl elektwonik ak tout kalte materyèl pèpè sou plas anfas Sèvis dijyèn lan (anba katedral Pòtoprens lan) leve kanpe kont desizyon responsab lameri Pòtoprens yo pran, pou leve yo san yo pa ba yo yon lòt plas fiks pou yo enstale yo. Machann sa yo di yo pa gen pyès pwoblèm ak pwojè rekonstriksyon sant sante sèvis dijyèn lan, ki te boule rapyetè depi an 1996, men tankou youn nan yo t ap di: «Sa k ap fèt la a fòk nou menm yo ban nou yon ti kote pou nou viv, paske mwen menm gen 2 timoun, se la mwen manje.» Yon lòt ki te deklare: «Wi fòk yo ta ba nou yon ti plas pou viv, paske nou menm nou ede prezidan an anpil...Prezidan an li menm li gen pouvwa pou li kraze, fòk li gen pouvwa pou li bay tou pèp la k ap pase mizè nan lari a.» Poutan, plas bò kote machann liv yo nan ri Bònfwa ke responsab yo te di pou machann sa yo al konble kò yo a deja twò piti ata menm pou machann ki te la deja yo e sa riske kreye gwo konfli. 
 

Mibalè: Lapolis kraze yon rèzo vòlè machin 

Lapolis kraze yon rezo vòlè machin nan lokalite Sarazen ki sou Mibalè (Plato Santral), kote yo arête 6 moun e reprann 5 machin. Rezo sa a ki gen branch li nan Pòtoprens ta sanble byen solid, selon komisè polis Mibalè a, Joseph Enel ki te di lapolis kontinye ap mennen ankèt nan tèt kole ak otorite lajistis depatman an, pou l jwenn moun ki sove yo e lòt machin yo ta sanble gen nan men yo.
 

Nò: Okap mande arestasyon depite a

Divès manm òganizasyon popilè pwòch pouvwa Lavalas la te mobilize nan Okap, jedi 17 janvye 2002 a, pou mande lajistis mete kòd nan kou depite Jocelyn St Louis ki mele nan asasina majistra Fernand Sévère la. Kawoutchou t ap boule, barikad te drese kote rantre vil la te bloke; e machin ki fè trajè Pon Nèf/Madlin te blije pa travay.

Laskawobas: Popilasyon an mande pou tout katèl la bay talon li

Plizyè dizèn manm OP manifeste jedi 17 janvye a, pou mande prezidan Jean-Bertrand Aristide ak minis Enteryè a, Henry-Claude Ménard, pou yo di yon mo pou kraze katèl lameri vil sa a, apre demisyon dezyèm manm lan, Raphaël Sanon, pou kòz malvèsasyon. Manm OP sa yo di yo prèt pou pran lòt dispozisyon, e yo akize majistra prensipal la, Annette Francisque kòm moun ki te vann yo gwo pòsyon tè leta, ki te la pou rekonstriksyon mache kominal Laskawobas la.
 

Sa Mgr Poulard vle ojis?

Evèk Jakmèl la, monseyè Guire Poulard kwè OEA pran yon gwo echèk nan chache rezoud «kriz» Ayiti a ki dire twò lontan. Monseyè a ki t ap reyaji apre rezolison òganizasyon sa a te pran an, te di: «Mwen kwè OEA pèdi lafas, OEA pa konpetan pou l regle pwoblèm Ayiti a. Dayè se pa okenn òganizasyon entènasyonal k ap regle anyen pou nou, nou menm nou se premye aktè a», pawòl monseyè Poulkard ki poutan te lage tèt li nan yon konfizyon total lè li te di: «Mwen kwè òganizasyon entènasyonal ki serye, ki konsekan, avèk yo menm dwe pran pwoblèm Dayiti a akè, pou ede nou sòti nan sitiyasyon malouk sa a ke nou ye a.» Sa l vle di ojis? Monseyè Poulard te fin di òganizasyon entènasyonal yo pa ka ede nou regle zafè nou?
 

Minis Lissade lopital

Minis lajistis la, Gary Lissade te antre lopital jou jedi 10 janvye a sou konsèy doktè li. Pa gen pèson ki fè konnen ki maladi e ki enpòtans maladi minis lan ap soufri ki ta ba li pwoblèm sante sa a.
 

Petit bat men pou rezolisyon OEA 

Pòt pawòl Fanmi Lavalas la, M. Jonas Petit bat bravo lakontantman pou rapò rezolisyon òganizasyon eta ameriken yo (OEA) pran sou zafè kriz elektoral k ap brase bil peyi Dayiti a: «Nou wè rezolisyon an an grann pati li reprann yon pakèt eleman nou te konnen deja...», te deklare responsab la, ki wè Fanmi Lavalas toujou sou dyalòg ak «opozisyon» an.
 

Paul Denis santi OEA vle lage l

Youn nan pòtpawòl Konvèjans lan, Paul Denis nan OPL te espere OEA t ap pran yon pozisyon ki «pi fèm» fas a pouvwa Lavalas la. Denis ki pretann ke rezolisyon OEA a pa ale nan sans li te deklare: «Nou menm nan lopozisyon demokratik ayisyen lan, nou santi gen yon nesesite pou kominote entènasyonal la pran yon pozisyon klè e nèt, afè woule de bò a se yon bagay ki pa ede avansman, ak ranfòsman pwosesis negosiyasyon an...»

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm