Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl Manda jij Gassant an toujou pa renouvle
Pou konyè a jij Claudy Gassant twouve l nan peyi Etazini, kote l ap tann si manda l ap renouvle ou non, atout dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, Lise Pierre-Pierre gentan pran tout kle kabinè enstriksyon an nan men li. Renouvèlman manda sa a toujou rete yon gwo pwoblèm. Lovinsky Pierre-Antoine nan Fondasyon 30 septanm mande prezidan Aristide, nan yon lèt, pou renouvle manda Gassant. E senatè sidès la Prince Sonson Pierre raple ke se sèl prezidan Aristide ki ka di yon mo final nan sa, selon lalwa.
Anbasadè dominiken an wè pou Philippe pati...
Anbasadè dominiken ann Ayiti a, Alberto Despradel Cabral di li pa konn ki rezon ki pouse gouvènman peyi l pa retounen ansyen komisè Guy Philippe ann Ayiti. Anbasadè a te sepandan ajoute «ke gouvènman ayisyen mande gouvènman dominiken sa yon fason fèm... Leta ayisyen gen dwa pou l mande leta dominiken fè sòti sou teritwa dominiken an yon tip konsa e leta dominiken an gen dwa pou l pa bay li bay leta ayisyen men voye Philippe ale nan yon lòt peyi».
Fon Vèrèt: 19 lanmò, 27 blese
Nan mòn Yaki tou pre Fon Vèrèt ki chita a 50 kilomèt Pòtoprens, madi 8 janvye 2002 a, nan yon aksidan kamyon, 19 moun mouri e 27 lòt blese. Kamyon sa a ki asire trajè Forè dè Pen/Pòtoprens te rive chavire 4 wou anlè. «Li te plis pase 100 moun», ki te abò kamyon an selon youn nan pasaje yo. E tout moun sa yo se te moun gouvènman ak lame dominiken te tounen ann Ayiti.
Premye minis wè yon vyolans ki pi di...
Premye Minis peyi a, Jean-Marie Chérestal pa aksepte ke se vyolans politik la ki kòm prensipal kòz degradasyon sitiyasyon peyi a. Chérestal plis fè konnen ke «pèp nou an anba yon lòt fòm vyolans, lamizè a, grangou an, analfabetis la, chomaj la...»
Leyogàn: 2zyèm zafra a pral kòmanse
Plizyè milye plantè te patisipe vandredi 4 janvye a nan yon rasanbleman nan izin Dabòn lan, kote asosiyasyon plantè leyogàn ak divès teknisyen Kiben te la. Rankont sa a te fèt nan okazyon zafra a k ap kòmanse 30 janvye ki ap vini la a. Se 2zyèm safra depi izin lan reouvri.
Senatè Neptune ap voye flè
Prezidan sena a Yvon Neptune drese yon bilan li wè ki pozitif pou enstitisyon li fè pati a. Palmantè a di bagay yo ap pi bon pou lane 2002 a «palmantè yo te vize wo, paske yo gen konsyans, gen anpil travay ki gen pou fèt nan palman an...» Poutan okenn akò entènasyonal ak pwojè lwa, pami 11 ekzekitif la te prezante bay sena a, poko vote. E nan 6 dènye mwa ki sot pase a pa t gen anpil seyans nan sena a akoz koròm ki pa t genyen.
Senatè Célestin ap tann bilan Premye minis la
Senatè Sidès la, Fourel Célestin ap tann prezantasyon bilan gouvènman Premye minis peyi a, Jean-Marie Chérestal. Li te di: «Anfen, 14 janvye 2002 a, bilan gouvènman an pral prezante devan asanble nasyonal la, kote depite yo, senatè yo, pral gen posibilite, selon pouvwa konstitisyon an ba yo, pou kesyone tout aspè...» E bilan pa senatè yo, ki lès ki ap fè li?
Lapolis dekouvri yon rezo fo viza
10 manm yon rezo k ap bay fo viza dominiken, jwenn arestasyon yo nan Petyonvil, selon pòtpawòl PNH la, Jean Dady Siméon. «Lapolis nasyonal Dayiti atravè aksyon ki menenn onivo komisarya Dèlma, te prezante Sylvain... Lucanes Marius, Chrisnel Jean, Dorcy (Doudou), Edner... Miguel, Enel Sidrien, Mercius Luc, Phélix Joslin e Dubois Désir. Mesye sa yo fè pati yon rezo ki konstitiye yon asosiyasyon fosè k ap fonksyonne onivo Petyonvil. Mesye sa yo te mete ansanm fo viza, pou pèmèt moun ale nan repiblik dominikèn».
*~