Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl

Tansyon nan Fò Nasyonal

Gwo tansyon te tabli nan Fò Nasyonal madi 1ye janvye 2002 a, apre yon sèten Himmler te fin touye ak 4 katouch yon jenn gason yo rele Fanel. Moun nan zòn lan te sòti pou rache Himmler a ki te sove lavi li gras a entèvansyon polisye Simo yo, ki te voye anpil gaz lakrimojèn. Akòz gaz sa yo 2 lòt moun ta jwenn lanmò yo selon moun nan zòn la, yon granmoun ak yon ti bebe.
 

Kriswa:Asasina nan Kriswa

Madi 1ye janvye 2002 a, yon moun yo akize kòm vòlè te jwenn lanmò li boule tou vivan anba men kèk endividi nan Kriswa, toupre legliz la. 
 

Sosyete Sivil majoritè a di kaba «opsyon zewo» a

Doktè Carlisle Jean-Jacques, reponsab «Sosyete sivil majoritè» a, mande pou opozisyon an sispann pale nan sans fòmil «opsyon zewo» a, puiske selon li: «Opsyon zewo a, pou nou nan mouvman sosyete sivil majoritè a anti-negosiyatyon. Opsyon sewo a anti-nasyonal, opsyon zewo a se yon rèv danje e li montre yon anfantiyay politik», selon doktè Carlisle.
 

Aksidan nan Lenbe

Yon moun mouri ak plizyè lòt boule, 7 kay pran dife apre aksidan yon gwo kamyon sitèn ki t ap transpòte gaz sòti Okap, nan lannwit 1ye janvye a. 
 

Aksidan nan Mibalè

Nan dat 31 desanm 2001 an, vè 11 zè 30 nan aswè, 2 moun pèdi lavi yo nan aksidan yon machin ki ta pral Mibalè. Sa ki te mouri sou plas la se madmwazèl Lorlotte Lubin ak yon lòt ki te mouri apre nan lopital Sitimèd Mibalè a. Divès lòt moun te blese nan aksidan an.
 

Selebrasyon Endepandans nan Gonayiv

Prezidan repiblik la Jean Bertrand Aristide pa t fè deplasman pou te ale nan site Lendepandans lan, kòm sa konn fèt alòdinè. Se minis Agrikilti a Sebastian Hilaire ki te ale reprezante li nan seremoni ki te fèt nan okazyon an ak divès pèsonnalite rejyonal tankou depite Max André Durogène. 
 

Manus pran lapawól

Ansyen prezidan konsèy elektoral pwovizwa a, Léon Manus, te reparèt nan kómansman ane 2002 a pou rakonte: «18 mwa gouvènman lavalas la konstwi yon diktati ann Ayiti... piske n te refize antanke prezidan konsèy elektoral pwovizwa a ratifye e pibliye rezilta eleksyon fwòd yo. M deklare yon lòt fwa anplis eleksyon 21 me e 26 novanm 2000 yo te ilegal. M mande ayisyen yo e ayisyèn yo nan peyi mwen pou kontinye konba a», te di Manus ki toujou nan Etazini.
 

Minis lan mande libète lajistis

Minis Jistis la, Gary Lissade mande responsab lajistis yo pou yo aji nan tout endepandans lè y ap trete dosye evènman 17 desanm yo e li te deklare: «Se ke lajistis ka aji nan tout endepandans, se ke lajistis ka aji san patipri, se ke lajistis ka pran an chaj non sèlman leta ki viktim, men tout manm enstitisyon polisye a yo ki viktim tou, manm popilasyon sivil la ki viktim e manm pati politik yo. Nan ka sa a, lajistis dwe jwe wòl li, wòl san patipri li pou l ka kounye a idantifye tout veritab otè sa yo nan objektivite e pou l ka pran sanksyon selon lalwa...»
 

Vòl machin 

Jocelyn G. Privert ki se yon mekanisyen anonse li pèdi machin li bò minwi, nan dat 31 desanm 2001 an, bò zòn Hasco. Misye ki t ap fè taksi nan Dèlmas 18 te kontre ak 4 nèg ame ki te fòse l al bay machin li. Jocelyn mande nenpòt moun ki ta jwenn Nissan Sony koulè vèt, plak TJ-8730 sa a, pou yo ta enfòme l nan 245-8250 oubyen 246-3658. 
 

Prezidan Aristide pwomèt divès chanjman

Premye janvye 2002 a, prezidan Jean-Bertrand Aristide te delivre yon mesaj bay popilasyon an. Prezidan an ki te admèt peyi a an kriz te toujou pale de dyalòg ak antant pou debloke peyi a. Chèf leta a ki te pale kont koudeta a te pwomèt divès chanjman sou plan ekonomik pou peyi a: «... Yon anvlòp 1 milya 789 milyon goud pral konsakre pou enfrastrikti e yon montan 493 milyon pou lasante. Sektè edikatif la pral benefisye yon montan kredi ki totalize 684 milyon 7 san mil goud, kote plis pase 161 milyon goud pou pwogram eskolarizasyon inivèsèl la. 108 milyon pou demare pwogram alfabetizasyon an e 69 milyon pou kantin eskolè...» te di prezidan an ki te pwomèt divès lòt chanjman.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm