Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl

Dominikani reakeyi Guy Philippe

Prezidan dominiken Hipolito Mejia te di, lè li t ap resevwa nouvo anbasadè Ekwatè an Dominikani an, ke li «pa pral aksepte Guy Philippe isit, paske mwen pa aksepte okenn konplo ki kapab mete an danje bon jan relasyon nou genyen avèk peyi Dayiti». Poutan nan fen ane 2000 la , lè gouvènman ayisyen te akize pou premye fwa divès komisè yo pou premye fwa nan zafè koudeta, se menm prezidan dominiken sa a, Mejia, ki te akeyi e fasilite komisè yo, pami yo Guy Philippe, depa yo pou peyi Lekwatè.

Papda kondane bò pa li
Nan yon nòt pou laprès Platfòm ayisyen pledwaye pou yon devlopman altènativ (Papda) kondane divès dega ki te fèt ann AYiti, nan jou 17 desanm 2001 an. Papda akize moun ki te boule lokal divès pati politik kan Konvèjans lan, Enstiti fransè ann AYiti, kay prive kèk dirijan Konvèjans, elatriye. Papada akize patizan Lafanmi Lavalas ki ta poze sak sa yo, kòm «bann fachis». Men Padpa bliye montre li osi di kont konplotè ki te vini pou asasine prezidan peyi a.
 

Ti Gwav: Komisè ap tann lapolis fè travay li

Pakè tribinal sivil Ti-Gwav la kontinye ap tande yon seri temwen nan ankèt sou asasina jounalis Brignol Lindor a. Dapre komisè gouvènman a, mèt Dumerzier Bellande, temwayaj pakè a jwenn yo poko ka pèmèt li monte dosye a, e li di li ap tann lapolis arete moun ki te gen manda dèyè yo, nan zafè asasina sa a.
 

Inondasyon nan Pòdpè 

Divès ri nan Pòdpè, kouwè ri Jefra, ri Benito, ri Silven, ri Dikè, ri Dimasè Estime, ap anba dlo depi plis pase 5 jou apre pil lapli ki te tonbe nan Nódwès la. Men pil dlo ki anvayi vil la se ta rezilta debwazman ak move travay konpayi wout HL Salutation nan zafè adokinaj plizyè ri nan vil la. Anpil moun plenyen dèske rivyè yo pa drene e fatra ap fin anvayi kannal yo. Lapli a fè anpil dega materyèl e prèske paralize yon latriye aktivite.
 

Vólè pran chè nan Ilavach

Yon seri etranje kouwè ameriken, franse, swis, kanadyen, ki se mè, pè, sè, misyonnè, manifeste vandredi 21 desanm lan nan Okay, pou mande sekirite nan Lilavach kote yo gen aktivite yo. Mach sa a ki te sòti devan pakè tribinal sivil Okay la pou te al estannbay devan komisarya lapolis la, te fèt pou pwoteste kont yon seri vòlè ki fin pran zile sa a. Dirijan lapolis yo te pwomèt yo 3 polisye pou fen ane a. 
 

Dodard mande jistis pou Jean Dominique

Nan yon deklarasyon eskiltè ayisyen an Philippe Dodard mande jistis pou jounalis e direktè Radyo Ayiti Entè a, Jean Dominique ki te mouri asasinen nan dat 3 avril 2000. Dodard kwè ke lajistis ta dwe sispann make lepa sou plas nan peyi a.
 

Arestasyon Jean Dumesle

Toujou nan kad ankèt sou atak kont palè nasyonal la jou lendi 17 desanm lan, pòtpawòl PNH la, Jean Dady Siméon te prezante Jean Dumesle ki se gadyen kay Albert Dorélien, kote konspiratè yo te konnen reyini yo. Albert Dorélien se frè eks-kolonèl Car Dorélien ki sanse nan prizon nan Miami pou trafik dróg.
 

Deklarasyon CNEH 

Konfederasyon nasyonal edikatè ayisyen yo (CNEH) kondane sèn vyolans ki te anrejistre nan kapital la, nan dat 17 desanm lan. CNEH ki kondane atak kont palè a te kritike penyen lage lapolis devan distribisyon zam li wè ki t ap fèt nan tout lari a, bay yon seri timoun.
 

Deklarasyon senatè Gérald Gilles

Senatè Fanmi Lavalas Grandans lan, Gérald Gilles denonse lefèt divès timoun te gen zam nan men yo, nan jou lendi 17 desanm lan. Senatè a ki kondane keksyon lokal pati politik «lopozisyon» an yo ki te boule a, fè konnen te gen konplisite kèk moun anndan pouvwa a tou nan kou kont palè a.
 

Guy Philippe retounen an Dominikani

Guy Philippe te retounen madi 26 la abò vòl konpayi ekwatoryen ACES an Dominikani e depi lè sa a yo te fè kwè ke li te disparèt. Gouvènman dominiken an te di li lage tout lapolis li dèyè ansyen komisè a pou yo ta mete kòd nan kou li, puiske dapre Mejia, li pap aksepte pyès konplotè sou teritwa dominiken an. 
 

Rankont prezidan Aristide ak diplomat yo (PIX)

Jedi 28 desanm 2001 an, prezidan ayisyen an, Jean Bertrand Aristide te resevwa nan palè nasyonal divès manm kò diplomatik la. Nons apostolik la Monseyè Luigi Bonazzi te pwofite rankont sa a pou te kondane zak vyolans ki te fèt nan peyi a.
 

2 manm Konvèjans lan devan tribinal

Orlando ak Dady Ostiné ki se 2 manm Konvèjans la, te parèt jedi 28 la, devan komisè Dumersier Bellande nan pakè tribinal sivil Ti Gwav la sou akizasyon ke se 2 nèg sa yo ki te fè tantativ pou asasine Céus Duverger ki se yon anploye sekirite APN (Otorite potyè nasyonal) Ti Gwav e manm òganizasyon «Dòmi nan bwa».
 

Premye minis la reprann lapawól (PIX)

Apre rankont ak kò diplomatik la, jou 27 desanm lan, nan jou apre a prezidan Aristide te rankontre ak gwo fonksyonnè leta yo e li te di: «Nou menm nan gouvènman an, nou menm nan leta e chè konpatriyòt nou yo nan lopozisyon an, ki fè pati tou de klas politik la, mwen fomile ve pou konpreyansyon sa a, inite sa a, solidarite ayisyen sa a pase pa tout pati politik yo. Ann nou pwoche youn kot lòt pandan tout ane k ap vini a, pou ke pi lwen chire pit politik e ideyolojik nou yo, lafòs, inite ki te mete ansanm ewo nou yo, pèmèt nou pwoche, pou yon jou nou ka wè ak pwòp je nou bonnè nou vle pou pwòp peyi nou an, AYiti nou an...»

Pou bò pa li, Premye minis Jean-Marie Chérestal ki te akonpaye ak madanm li te vin swete fonksyonnè yo meyè ve tou e te tou bay kèk eksplikasyon sou absans li depi kèk jou: «Mwen te prefere rete an silans pou m trete yon fason anndan kay keksyon ke mwen toujou konsidere kòm keksyon anndan kay.» Li te pwomèt yon bilan pou sal fè nan ane ki ap fini a. 
 

Yo mande OEA pou remèt Guy Philippe

Divès òganizasyon popilè, pami yo Fondasyon 30 septanm ak Komite inisyativ òganizasyon popilè yo (KIOP) te òganize yon sitin devan lokal OEA a, pou mande entèvansyon òganizasyon rejyonal sa a pou fè gouvènman dominiken voye Guy Philippe tounen vin jije ann Ayiti.

Se nan apremidi jedi 27 desanm ke lapolis dominiken, apre 2 jou «rechèch», te jwenn nan lokalite Bonao kote Guy Philippe te ale loje kay zanmi li yo depi retou li nan aswè madi 25 desanm an Dominikani. 
 

Inondasyon nan Nódwès

5 moun mouri, 2 timoun nan lopital, plizyè kay ale nan dlo, se gwo dega lapli a fè pandan plizyè jou nan depatman Nòdwès la. Akote sa, gen divès lót moun ki blese. Nan lokalite Bann di Nò, 2 lòt moun ta pèdi lavi yo. Sa vin fè yon total 7 moun omwens ki peri nan inondasyon lapli sa yo. Abitan yo nan grav difikilte e yo mande konkou otorite peyi yo.
 

OEA toujou detèmine

Oganizasyon eta ameriken (OEA) an pa entèmedyè reprezantan li ann Ayiti, Sergio Romero Cuevas, reyafime jedi 27 desanm lan, ke malgre tout sa ki pase ann Ayiti depi 17 desanm lan, li detèmine pou kontinye jwe wòl medyatè li nan negosyasyon ki pou ta kontinye. Romero Cuevas wè se sèl wout pou yon solisyon.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm