| Nouvèl
Kout Kreyòl
Grèv «sektè
sendikal»la pa mache
Grèv «sektè sendikal» la te lanse pou vandredi
29 novanm 2001 an pa t rive pran nan peyi a. Apa nan Sen Mak aktivite yo
te fè yon ti ralanti, nan lòt vil yo, tankou Pòtoprens:
lekòl, biznis, enstitisyon leta, transpò piblik elatriye
te fonksyonne kòm alòdinè. Men atout sa, reprezantan
CTH la Marc Antoine Destin te sòt pou bay moun zannana pou tizann
lè li te pouse odas li pou li rakonte: «Nou menm nou anonse
pou tout moun ki te respekte modòd grèv la, tout antrepriz
ki te fèmen e tout kote modòd grèv la te respekte
ke apati 5 kè aprè midi, nou leve grèv la. E nan nivo
sektè piblik la nou pa t kontakte diferan sendika chofè yo...»
Yon lòt fwa ankò pèp la montre klèman ke li
pap kite sendika pwofitè vin pran woulib sou do l. E sa dezapwouve
kèk sondaj malatchong seri radyo boujwa nan kapital la ki t ap fè
pwomosyon pou grèv sa a nan fè kwè pi fò moun
te apiye li. Men dan lareyalite, Marc Antoine Destin pa t bezwen leve grèv
li a paske sa pa t mache!
Bò kote pa li, René Civil (JPP), ki nan «operasyon
boukliye popilè» te denonse grèv «sendikalis»
yo e li te di ke: «Plan an se yon plan ki kont chanjman e sa, pou
destabilize peyi a, destabilize Lavalas...», te lanse Civil ki pa
vle wè si Lavalas te pran men l, e trete byen revandikasyon popilè
yo, gen anpil lòt pwofitè ki pa ta ka vle ap pwofite.
Grèv chofè nan Malpas
Chofè ki fè trajè Ayiti/Sendomeng yo te obsève
2 jou grèv 5 ak 6 desanm pase a pou te denonse: abi otorite dominiken
yo ap fè lè yo enpoze yon taks 5 dola us an plis a tout Ayisyen
k ap janbe fwontyè a; fason y ap bay yon seri fo viza nan
konsila dominken Petyonvil la; e tou pou chofè yo pote api yo ak
paran ayisyen ki te viktim nan masak militè Monte Christi a, piske
akize asasen yo te gen pou parèt devan tribinal jounen mèkredi
5 desanm lan.
Tansyon nan Ti Gwav
2 jou apre lanmò jounalis Brignol Lindor, nan lannwit madi 4
desanm 2001 an ajan Simo ki te debake nan Ti Gwav te tire anpil katouch
ak gaz lakrimonjèn. Yon granmoun 76 zan, madan Lucane Dorléans
mouri toufe. Ata ti moun piti te sibi konsekans britalite polisye yo. Polisye
Simo yo te fòse divès moun nan vil la rantre lakay yo anvan
lannwit fin tonbe. Divès sitwayen te kritike zak sa yo. Bò
kote pa l, sibtiti komisè gouvènman an mèt Dumersier
Bellande te fè konnen ke lajistis pral mete «aksyon piblik
an mouvman kont koupab asasina jounalis la». Bó pa li, chèf
OPL/Konvèjans lan, Gérard Pierre-Charles te deklare ipokritman:
«Yon jounalis, yon militan kòz demokratik la, yon sitwayen
an plis rejim Lavalas la asasinen...»
Rony Mondestin ap bay pa li
Lidè youn nan branch Mouvman rekonstriksyon nasyonal (MRN) lan,
Rony Mondestin te pran pozisyon nan fason pa l sou sa k ap pase nan Ti
Gwav aktyèlman. E tou li te fè yon bann revelasyon otou lanmò
jounalis Brignol Lindor la: «Samdi apre midi a 4trè 30, gen
yon reyinyon ki fèt nan otèl Holiday Inn sou Chanmas la.
Nan reyinyon sa a ki te dirije pa René Civil, te gen ant 12 e 15
sitwayen ayisyen. E te gen ofisyèl nan reyinyon an. M ap ba w plak
machin ofisyèl ki te la a, se 0789. Nou pap bay pou moman an non
moun ki pwopriyetè oubyen bay sèvis ak machin sa a. Reyinyon
sa a al reprann Ti Gwav e li fèt nan presbitè a, donk se
te yon reyinyon ki te planifye e ekzekite modòd tolerans zewo ke
eli lokal lavalas yo ap aplike sou zòd chèf yo...»,
te eksplike Mondestin ki sanble li konplis tou, lefèt li te okouran
de yon move plan konsa e ke l pa t avèti otorite lapolis, lajistis
yo oubyen te denonse sa pa vwa piblik.
Palmantè yo denonse ANMH ak Konvèjans
Kèk palmantè Fanmi Lavalas tankou depite: Jean Candio,
Yves Christallin, Sergo Métellus kritike, nan yon konferans pou
laprès, Konvèjans demokratik la e patwon laprès yo
atravè ANMH (Asosiyasyon nasyonal medya ayisyen), ki sanse bay manti.
Palmantè yo akize ANMH kòm òganizasyon ki pran lajan
nan men «kominote entènasyonal» la pou mete konfizyon
nan peyi a, e yo toujou ap lage yon seri gwo dosye lou sou do manm Fanmi
Lavalas yo. Depite yo te pran ekzanp asasina jounalis la nan Ti Gwav, kote
yo te di se manm Konvèjans lan e direktè medya yo ki te lage
gwo dosye sa a sou do manm Fanmi Lavalas.
Kidnapè yo renmèt bebe a
Kidnapè ki te vòlè ti fi 2 zan 7 mwa, Sarafina
Guillaume lakay granpè li, nan Pòdpè 29 novanm pase
a, te vin depoze li tou dousman devan yon komisarya nan Pòtoprens
nan apre midi 3 desanm lan. Bandi yo ke FBI te gentan dèyè
yo te mande oparavan 500 mil dola US pou te renmèt ti moun lan.
Nouvèl
kout nan Sidès
Jakmèl: Lise Penchina fete 141 ane li
6 desanm 1860 - 6 desanm 2001 sa fè ekzateman 141 ane depi Lise
Penchina, youn nan pi ansyen etablisman sekondè nan Sidès
la ap desèvi popilasyon an. Lise Penchina se youn nan pi gran etablisman
leta nan vil Jakmèl ki fòme plizyè kad entèlektyèl
selon kèk ansyen pwofesè Lise tankou eksdwayen tribinal sivil
Jakmèl la Nobert Cormier. Pou te make dat sa liseyen yo te òganize
divès aktivite spòtif tankou match foutbòl.
Nan okazyon an tou yo te chante yon mès aksyon de gras nan katedral
Sen Jak ak Filip, se te yon okazyon tou pou elèv Lise a te denonse
movèz fonksyonman Lise a, tankou pwoblèm dlo, ban, laboratwa
ki pa ekziste nan Lise Penchina. Kanta pou nouvo direktè Lise a
Claudy Simplice, li fè konnen li fè anpil efò pou
pèmèt sitiyasyon an amelyore paske li menm li te jwenn kès
enstitisyon an prèske vid. Sou revandikasyon elèv yo ap poze
yo, direktè Simplice di Ministè Edikasyon Nasyonal la gen
wòl pa li pou li jwe tou. Pandan Lise Penchina ap fete 141 rekòt
kafe li, anpil moun nan popilasyon an pwofite okazyon an pou kritike enstitisyon
yo yo di kifè Lise a ap fonksyone tankou yon gagè politik,
kote jouk jounen jodia si yon timoun bezwen antre nan Lise a fòk
li gen marenn oubyen parenn.
Monseyè Poulard kenbe fèm ak kominote entènasyonal
la
Nan yon deklarasyon li fè nan laprès nan maten lendi 10
desanm 2001 an, visprezidan episkopal Legliz Katolik peyi Dayiti, Monseyè
Guy Poulard di li pa kwè nan 17tyèm misyon OAE ki vinn fè
traktasyon politik nan peyi a. Monseyè Poulard di li remake monte
desann misyon OEA a fèt souvan alòske sa pa janm abouti a
anyen. Monseyè a ajoute li pa kwè Cesar Graviria ap janm
ka rive fè Konvèjans ak Lavalas jwenn yon antant tout bon
vre. Sou kesyon kominote entènasyonal la Poulard di li pa konnen
pou demen si kominote entènasyonal la va lache men, pou kounye a
li wè yo kenbe fèm.
Brezilyèn: Popilasyon an ap mande pou moun li te eli yo
Brezilyèn se premyè seksyon kominal Benè, se yon
zòn moun yo viv de travay latè, lapèch, lanmè.
Selon plizyè abitan, zòn nan nan tan anvan yo te konn bay
anpil manje e lapèch la te konn mache trè byen, jounen jodi
a se lekontrè, lamè a pa bay e tè a pa vle pwodui
ankò. Moun yo fè konnen ane sa a bagay yo pi di, non sèlman
lapli pa tonbe, ti pye mayi yo te plante yo, solèy deja kokobe yo,
alòske dejou anjou yo remake lavi a ap vinn pi difisil. Moun nan
Brezilyèn di prezidan an, senatè, depite ak majistra elatriye
yo vote a, yo pa janm wè youn desann nan zòn nan vinn fè
yon koudèy pou wè kouman sa ye. Moun yo fè konnen
pou jan yo wè sitiyasyon sa ap devlope nan Brezilyèn, pita
ka pi tris. Nap raple te gen yon epòk secherès ki te tonbe
nan zòn te oblije se te bò lanmè moun Brezilyèn
ta l fouye ti twou dlo pou yo te ka bwè.
Jakmèl: Montaj rapido yon komite kanaval
Nan moman nap pale la, komite kanaval pou jere kanal 2002 a deja monte
ak Luc François, Prezidan, Fanfan Gaspard, VisPrezidan, Erick Nicolas,
trezorye ak Gladys Figaro, sekretè. Se Majistra Jakmèl la
Hugues Paul ki pran desizyon monte komite sa a. Fòk nou di komite
a monte san konsantman gwoup madigra yo ak tout responsab band apye yo,
pou komite sa a te monte menm laprès pat jwenn envitasyon.
. |