Ayiti Pwogre [HOME]
22 au 28  Out  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 

Lapolis ap ranmase zam

Nan zòn Kafou Marasa ki chita nan antre Kwadèboukè, depi kèk jou lapolis, pa vwa pòt pawòl li Jean Dady Siméon, anonse l ap mennen yon operasyon ranmase zam ilegal. Konsa yo ta dekouvri nan yon kachèt zam, yon M50 ak yon kantite lòt zam. 4 moun ta jwenn arestasyon yo selon Siméon toujou ki ta fè konprann ke zafè zam sa yo gen rapò ak evènman 28 jiyè yo, jou yo te atake divès lokal lapolis nan peyi a.
 
 

Kongrè Tèt kole ti peyizan

«Bite pa tonbe» se tèm 2zyèm kongrè nasyonal Tèt kole ti peyizan ayisyen ki te tanmen pandan 3 jou (15, 16, 17 out) nan Tòlann (Kafou) ane sa a. Nan sikonstans sa a, plizyè delegasyon peyizan te sòti divès kote nan peyi a pou te vin rann omaj a moun ki te tonbe nan lit pou chanje lavi a. Yon peyizan te di: «Nan non tout moun ki tonbe nan lit la, nan non pè Ti Jean Pierre-Louis, nan non pè Jean-Marie Vincent, nan non Jean Léopold Dominique ki tonbe nan batay pou chanje sosyste sa a, Tèt kole ti peyizan ayisyen di nou bite, nou pa tonbe.» Selon manm òganizasyon peyizan sa a, kongrè a se pou yon reòganizasyon pou relanse mobilizasyon an, pou yon veritab altènativ popilè.
 
 

Okap: Inogirasyon yon sikisal BRH 

Se nan jounen 14 out 2001 an, an prezans divès pèsonalite ke inogirasyon premye sikisal Bank repiblik Dayiti (BRH) la te fèt nan Okap. Pami moun ki te prezan yo te gen minis Ekonomi ak Finans lan Gustave Flambert ki se tou prezidan donè BRH e reprezantan chèf leta a nan seremoni an, prezidan lachanm depite a Pierre Paul Cotin, minis Fanm lan doktè Ginette Rivière Lubin, divès atis kou Emeline Michèl, Boulo Valcourt e Eddy Prophète ki t ap evolye. Minis Finans lan te renmèt papa defen Lesly François Delatour yon plak donè nan memwa defen an pou travay li te reyalize nan bank santral la. N ap raple ke Lesly Delatour ak Marc L. Bazin ki minis Planifikasyon aktyèlman nan gouvènman Lavalas la, se te 2 gwo pilye k ap defann enterè FMI ak Bank mondyal ki toujou ap prije peyi Dayiti. 
 

Selebrasyon fèt Nòtredam

Nan maten 15 out 2001 an, plizyè pè ak lòt diyitè legliz katolik selebre fèt Nòtredam nan katedral Pòtoprens, an prezans divès pèsonalite tankou prezidan Jean-Bertrand Aristide ak madanm li Mildred Trouillot Aristide, kèk manm nan kabinè ministeryèl la, direktè jeneral lapolis la Jean Nesly Lucien avèk majistra Pòtoprens Marie Yves Pouponneau Duperval, elatriye.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm