Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Leta ayisyen an defisi
Pou premye 6 mwa lane fiskal 2000-2001 an, minis Finans lan Gustave Faubert anonse ke leta ayisyen gen yon defisi yon milya goud nan kès piblik la. Rezon ki fè sityasyon sa a, selon minis lan, se ta 500 milyon goud ki te depanse pou eleksyon yo ak yon sibvansyon leta ayisyen te bay pou te kenbe pri gaz la. Minis lan te di gouvènman an pral kontinye ak politik fiskal la pou kontriyab yo ka peye lajan taks ak enpo. Li te di tou li pral kontinye kontwole depans leta. Men minis Gustave te bliye di tou zafè vòl nan leta a, gaspiyay lajan pasi pala pou bonkou nan kalte defisi sa yo. E sa k pi rèd, yo pa bay lè ke sa ap chanje, piske gen minis yo denonse kòm mimi ki la pi rèd nan gouvènman ap fè e defè.
Minis lan kenbe pawòl li
Minis Lakilti ak kominkasyon gouvènman Lavalas la, Guy Paul, di gouvènman an ap toujou kenbe pawòl li te di sou tribin Oganizasyon leta ameriken (OEA) a, konsènan konpwomi ki ta dwe jwenn pou yo sot nan kriz peyi a. Pwoposizyon sa ki te fèt 14 mas pase a te konsène eleksyon lejislativ anvan lè yo. Kidonk, palman an pral kraze nan 2 zan, pou refè lòt eleksyon. Sa ki etonnan se ke minis Finans lan, Faubert Gustave te di se òganizasyon eleksyon me ak novanm yo ki lakoz leta fè defisi 500 milyon goud, men kounye an gouvènman dakò pou fè eleksyon nan mwens pase 2 zan. Kidonk, yo dakò pou leta fenk kare fè defisi?
Chérestal ap vizite ministè
Premye minis ayisyen an, Jean-Marie Chérestal koumanse vizite yon seri ministè nan peyi a, pou l ka gen enfòmasyon li di sou fason y ap fonksyonne. Madi 17 avril la, Premye minis lan te vizite Travo piblik transpò ak kominikasyon.
Chanjman nan diplomasi
Divès chanjman anonse nan diplomasi peyi Dayiti, daprè enfòmasyon ki rive sòti. Kèk nouvo ajan diplomatik, anbasadè, konsil pral revoke e ranplase. Sa sipoze antre ann aplikasyon apre ke prezidan Aristide tounen soti nan «somè Amerik» la.
Ed Japon a Ayiti
Minis zafè etranje ayisyen an, Joseph Antonio, siyen yon akò koperasyon ak gouvènman japonè, pou yon èd ki evalye a 2 milyon 6 san mil dola ke peyi Japon ap bay Ayiti. Ed sa a ap sou fòm angrè pou agrikiltè yo ann Ayiti.
Nouvo pati makouto-boujwa patripòch
Boujwa patripòch Olivier Nadal, makout ak sipòtè makout Georges Satire e Harry Joseph fòme yon nouvo pati politiko makouto-boujwa ki rele Mouvman pou inite nasyonal (Moun). Twa reyaksyonnè sa yo ap viv Ozetazini nan pye travay yo.
Bush mande dyalòg
Madi 17 avril 2001 an, prezidan meriken an deklare l ap tann OEA (Oganizasyon eta ameriken) jwe wòl abit nan dyalog ant prezidan Aristide ak «opozisyon» an. George W. Bush ki te al vizite sekretè jeneral OEA a nan lokal li Washington, anvan l te al patisipe nan «somè Amerik» ki te gen pou fèt Kebèk la, te di rankont sa a te pozitiv. Li te raple wòl OEA dwe jwe nan lit kont koripsyon, kont trafik dwòg e move kondisyon lavi moun.
Kanada vle ede Ayiti
Gouvènman kanadyen deside bay yon valè 126 milyon dola kanadyen pou ekzekite 28 pwojè nan diferan ti peyi, kote Ayiti sipoze benefisye pi gwo tranch lan, ki se yon valè 33 milyon dola. Lajan sa a k ap gen pou ale nan men yon ONG ki se Fondasyon Paul Gérin-Lajoie, ap gen pou sèvi pou «amelyore edikasyon nan lekòl yo ann Ayiti». Kanada prese vle debloke lajan sa a, dapre sa moun panse, se jis pou kraze fe kritik anti-mondyalizasyon yo, nan somè «Amerik» yo nan Kebèk. Vwala lalwa mondyalizasyon an, se bay ti «èd» pasi pala bay ONG, fasilite nouvo rich, apre vin mande gouvènman koutye pou pije pèp pou ranbouse dèt. Tout sa peyi sa yo bay ak men dwat yo retounen pran l an doub ak men goch.