Nan peyi DayitiHaïti Progrès
28 Fevriye o 6 Mas 2001
Nouvèl Kout KreyòlKonvèjans lan toujou pa sou negosye
Ansyen senatè Paul Denis, youn nan chèf OPL/Epas/Konvèjans lan te bay rapò rankont regwoupman politik li a te fè mèkredi ak komisyon fasilitasyon sosyete sivil la. Li te di gen lòt posibilite pou negosiyasyon ant konvèjans lan ak Fanmi L Konsa Denis te deklare: «Nou toujou dispoze pou n negosye natirèlman. Pou Fanmi Lavalas se yon dyalòg e nan lespri dayè Jean Marie Chérestal, dyalòg se 2 moun ki chita youn anfas lòt, chak bay pwennvi yo, lè fini ou separe, ou konstate pa egzanp ke pwennvi yo te diferan oubyen yo te sanble. Nou menm nou vle veritab negosiyasyon ...Nou vle genyen yon seri garanti... Enben, gen yon vrè volonte pou gen yon negosiyasyon veritab; n ap tann siy klè e dwat bò kote Fanmi Lavalas.» Poutan Paul Denis sanble pa konn sa li vle, paske li te ajoute: «Komisyon fasilitasyon an, li te rankontre yè avèk Jean Marie Chérestal ki chwazi pa prezidan defakto a pou l ta vin Premye minis defakto, donk apre rankont sa a komisyon fasilitasyon an te jije nesesè pou l te rankontre konsa konsa avèk kèk lidè konvèjans lan, pou l te yon ti jan enfòme yo sou nannan keksyon an, yo te diskite avèk misye Jean Marie Chérestal epi sonde pozisyon nou. Sa te fèt nan yon bon anbyans.» E poutan, Denis ap mache di li vle dyalòg, li vle dyalòg. Pawòl lagè sa yo, tankou «Premye minis defakto», «prezidan defakto», se pa pawòl moun ki vle al sou tab negosiyasyon, pou sòti ak yon solisyon! Sa montre kouman konvèjans lan vle blofe moun. E an menm tan, chèf pati Denis a, Gérard Pierre-Charles (OPL) te montre li pi agresif toujou lè li te rele: «Fòk apre kanaval la yo kòmanse yon mouvman mobilizasyon, ke pèp la pran lari pou l di si l ap kite Lavalas met pye sou kou l nèt, si l ap kite Lavalas fin kraze peyi a oubyen si ayisyen yo pral leve kanpe kou yon sèl nèg, pou di non ak manti sa a...», t ap di Pierre-Charles ki pa menm janm kapab mobilize 10 moun.
USAID ap ofri ze a nan vant poul la
Selon 2 responsab USAID madan Phylis Forbes ak Lewis Luck ki t ap patisipe nan inogirasyon lekòl Notre Dame de la Caridad nan Kafou, Lèzetazini ap tann kriz Ayiti a rezoud, pou kongrè a vote yon èd 70 milyon dola, pou Ayiti: 50 milyon sipoze pral finanse yon seri pwojè e lòt pati a, 20 milyon dola, pral itilize nan domèn asistans, kouwè ledikasyon, lasante, lagrikilti, kredi ak lòt. Lewis Luck te di konsa: «Pou n di laverite, n ap tann pwoblèm politik yo rezoud...»
Konfli nan sena a
Mèkredi 21 fevriye a, yon chirepit te pete nan sena a ant 3 senatè Fanmi Lavalas ak kèk manm òganizasyon popilè pwòch Fanmi Lavalas. Senatè Pierre Prince Sonson, pa dakò ak desizyon pou senatè Lwès la, Dany Toussaint pa ta al reponn ak keksyon jij lenstriksyon an, Claudy Garçant, k ap mennen ankèt sou asasina Jean Dominique la. Gen manm òganizasyon popilè kouwè René Civil nan JPP ak Paul Raymond nan kòdinasyon Sen Jan Bosko, ki pa t dakò ak pozisyon 3 senatè yo. Yon gwo bouch louvri te pete nan sena a ant dirijan OP yo ak 3 senatè nou sot site yo. Yon eskonbrit ni René Civil ni Paul Raymond te retire sou do yo, menm lè senatè Prince Sonson Pierre te di li te resevwa menas lanmò. Sou sa, René Civil te di: «Si msye (Sonson) ap di sa, seke yo voye l vin simen konfizyon...», Paul Raymond te kontinye konsa: «Nou ap redi ankò, si gen yon senatè ki fè nenpòt deklarasyon, ki ale kont sa pèp ayisyen an deside, se pa nou kòm endividi ki kapab tranche, se pèp ayisyen an ki gen pouvwa vòt li an 21 me an ak bilten vòt li an ke li te fè sakrifis pou li an, se li ki ap tranche.» Senatè Lans Clonès te di bò pa li: «Entèvansyon an yè a te deplase. E prezidan sena a te dwe rekonnèt ke l te vide lwil sou dife a ki te prèske etenn... M pwofite okazyon yo banm jodi a pou m di selon atik 90 kòd penal la, yon senatè se pa yon gran fonksyonnè leta e selon konstitisyon an, yon senatè dwe temwaye san anpechman bay lajistis.»
Seyans sa a, ki te fèt espesyalman sou zafè Dany Toussaint an, te vin paka kenbe, apre ke 3 senatè ki se Lans Clonès, Yvon Feuillé ak Médard Joseph te leve kite sal la. Sa vle di te vin pa t gen kowòm. Pou bò pa l, prezidan asanble a, Yvon Neptune, te pran desizyon «apati jodi a la a, sal seyans lan entèdi a laprès e piblik la». Senatè Dany Toussaint li menm ki te ekri sena a yon lèt pou l mande otorizasyon pou l al devan jij la, te konfime: bon an gwo se mande asanble a pou otorize mwen al devan jij enstriksyon an, pou m reponn ak temwayay oubyen kolabore, kèlke fòm ke yo ta dwe ba li a.»
2 jou apre chirepit sa a nan lachanm sena a, te gen yon reyinyon prezidan Aristide, chèf pati Fanmi Lavalas, te òganize nan lokal Fondasyon l lan Taba, ki te gen pou chita sou sa ki te pase nan sena a ak kèk prensip pou moun pran pozisyon nan deba yo. Pòtvwa Fanmi Lavalas la, Jonas Petit, ki te di konfli a fini te deklare apre rankont lan: «Sa vle di ou ka pa dakò sou yon seri keksyon, sou yon seri lide. Gen yon seri bon fason pou w trete keksyon sa yo, menm si ou dakò ou pa dakò avèk moun. Sa fè pati tou de ledikasyon politik ke nou menm n ap fè onivo òganizasyon Fanmi Lavalas»
Savanèt: kouman sitiyasyon sa a ap fini?
Sa fè pou yon dezyèm fwa, foul nan Savanèt te agrese machin kongregasyon frè ak sè Enkanasyon yo. Machin nan te gen 3 moun ladan l fwa sa a, responsab kongregasyon an, pè Francklin Armand ak 2 lòt etranje, ke yo toujou akize kòm moun k ap pote pitit moun zòn Pandyason, Kabral, Tomon, Savanèt ale. Pè Francklin Armand te denonse sitiyasyon sa a: «Popilasyon an kanpe machin lan, kote ke baton, wòch, manchèt, yo mande pou koperan ki t ap kondwi machin lan desann pou yo touye li, paske se li menm menm m ta ka di ki te nan machin lan ki pran pitit yo ki sove avèk li, alòs nèg la pa konn pase nan wout la ditou. Sa te rive yon premye fwa...», te rakonte pè Armand ki mande entèvansyon lapolis. Kote lapolis depi tan sa a?
Nouvèl Gonayiv
Nan yon nòt pou laprès katèl meri Fanmi Lavalas la mesye Joachim Stefèn Moïse alias «Toupa» te bay nan jounen mèkredi 21 fevriye 2001 an nan lokal meri vil Gonayiv la pou te fè konnen se 655 mil goud gouvènman ayisyen ki te bay pou depatman Atibonit la pou òganize kanaval nan depatman an. Responsab meri a fè konnen sa bay anpil kè kase lè li konsidere 655 mil goud pou depatman an pa sifi pou ta reyalize yon pwojè kanaval nan depatman Atibonit la notaman nan vil Gonayiv paske ane sa a majistra a te gen tan fè kwè kanaval la t ap pi bèl nan site endepandans lan ke nan vil Jakmèl. Majistra a tou pwofite kritike minis edikasyon nasyonal Paul Antoine Bien Aimée ansanm ak direktè ministè de lenteryè, Lubraine Bien Aimée, 2 sitwayen natif natal vil Gonayiv ki pa regle anyen pou site endepandans lan.
Pòt pawòl Limyè pou tout Ayisyen an, Litay Féquière Sérafin demanti deklarasyon lidè Mokrenha pastè Luc Mésadieu ki se an mèm tan manm Konvèjans lan ki ta vle fè kwè prezidan Aristide ap fè manèv pou destabilize pati opozisyon an nan peyi Dayiti. Pòtpawòl la fè konnen se paske opozisyon an pa gen moun dèyè l ki fè li pa vle vini dyaloge ak prezidan repiblik la. Pòtpawòl la mande pèp la pou li soutni prezidan Aristide nan tout demach k ap antreprann an favè mas popilè la a e pou fini Féquière Sérafin mande pèp la pou yo rete toujou mobilize ni pa pran nan pyès pwovokasyon opozisyon tèt chat la paske wè pa wè viktwa chanjman an se pou mas pèp la li ye.
Jounen madi 20 fevriye 2001 an, divès anplwaye ki t ap travay nan leve dechè toksik la sou waf Sedrenn lan leve vwa yo byen wo pou kritike direktè depatmantal pou anviwonman agwonòm Namphy Joseph ki pat pran doktè espesyalist pou yo avan ke yo te leve dechè toksik la nan mwa avril 2000 la paske anplwaye sa yo fè konnen yo soufri tout sòt maladi nan kò yo sou bouch ak sou po yo. Pami maladi sa yo, moun yo t ap site giyon bouton, gratèl, enflamasyon, se kantite maladi sa yo ki anrejistre sou 17 anplwaye melanje ak jounalye ki t ap travay nan leve dechè toksik la daprè sa Ayiti Pwogrè te aprann. Anplwaye sa yo mande konkou otorite yo notaman ministè sante piblik ki se sèl mwayen pou ta rale yon souf anba tout maladi sa yo. Nou ap raple ke pil tòn dechè toksik la te debake sou waf Sedrenn Gonayiv la nan ane 88 sou gouvenman CNG a Conseil National Gouvernement ansyen jeneral defakto Henry Namphy t ap dirije.
Nan kad ouvèti asiz kriminèl nan jounen mèkredi 21 fevriye 2001 an, nan tribinal sivil Gonayiv la, dwayen an mèt Napela Saintil ak komisè gouvènman an Louiselmer Joseph ak Henock Genelus te reprezante ministè piblik kont Tonton Destan Lubien ki se moun yo akize e an mèm tan ki fè pati yon asosyasyon malfetè e vòl de de veyikil plis volè tit dotorite nan yon deklarasyon komisè Louiselmer Joseph te bay konsènan fonksyonman aparèy jistis la nan site endepandans lan. Komisè a fè konnen aparèy jistis la sou yo bòn wout kòm kwa sa ki merite kondane y ap kondane e sa ki merite libere y ap libere e donk fòk aparèy jistis la pa nan pas pou ki paske fòk jistis la pa vann nan peyi Dayiti. Pou le moman vèdik la poko bay pou di èske Stanley Pierre kondane oubyen li ta libere. Antouka pèsonn pa konnen. Nou ap tou fè konnen ke aparèy jistis la nan Gonayiv ke jij yo se jis lè a midi lè yo vle yo vini nan tribinal la...