Haïti Progrès
3 o 9  Janvye 2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Neptune pa minimize teworism

Senatè Yvon Neptune ki pral kite pòs pòt pawòl Fanmi Lavalas la, te pale sou rankont Aristide ak 2 emisè ameriken yo, Anthony Lake ak Donald Steinberg sot fè nan mwa desanm lan. Neptune di pati li a toujou rete louvri pou dyalòg. Men konsènan pwojè gwoup Konvèjans lan genyen pou enstale yon gouvènman pwovizwa anvan 7 fevriye a, senatè Neptune wè sa se yon jwèt: «2 ou 3 grenn politisyen ki vle pou fè tèt yo pase kòm yo fòs, ki va anpeche konstriksyon demokratik la li avanse»... Men Neptune pa pran sa nèt an jwèt paske li mande pou pran tout mezi kont «yon seri zak teworis ki poze nan yon sosyete».
 

Kèk prizonye pral jwenn gras

Sou demann minis Lajistis la mèt Camille Leblanc, prezidan René Préval ta al fè gras ak plizyè dizèn prizonye nan fen lanne a. Minis lan ki te adrese demann lan e ak prezidan an e ak Premye minis Alexis ap bay plis eksplikasyon: «Bon mwen menm mwen te kreye yon komisyon, wò li se te al travay nan pakè, pou te jwenn yon seri ka moun. Gen yon doub demach ki te fèt, youn nan demach yo, se sa m te fè lane pase, m te fè yon reyinyon avèk tout dwayen, tout komisè gouvènman repiblik la, pou m mande yo pou yo al akselere dosye moun ki la ap tann yo jije yo; pou yo jije yo, ba yo opòtinite al devan jij yo. Sa gen plizyè asiz ki fèt, plizyè kote te mande Pòtoprens pou yo fè li»

Fondasyon 30 septanm pou bò pa l bat bravo pou desizyon sa a. Kòdonate Fondasyon an, Lovinsky Pierre Antoine deklare: «Fondasyon 30 septanm li te fè yon ekip ki rankontre avèk nouvo komisè gouvènman an, mèt Josué Pierre-Louis; e ekip pa nou an te ale nan Fònasyonal, nou te rankontre près 42 timoun piti ki nan prizon Fònasyonal, gen nan yo nou ka di ki deja jije e ki kondane. Men gen anpil nan yo, majorite nan yo ki poko pase devan jij... Genyen 27 ka timoun piti nan Fònasyonal ki nan prizon pou ti zak piti ou ti vis ou sa n te ka rele kou ak blese yo blese moun. E pa rapò ak ka sa yo, nou mande yon entèvansyon komisè espesyal pou ti moun lan, mèt Myrlande Pierre Louis, e tou jij pou ti moun, nou mande pou yo kapab fè yon entèvansyon espesyal pou ti moun sa yo ki pa gen gwo zak sou do yo, ki nan Fònasyonal, pou yo ka libere yo nan fen lane 2000 la».

Nò: yon maladi pongongon tonbe sou kafe yo

Depi kèk tan, maladi pongongon yo rele eskolit la ap ravaje plantasyon kafe nan Dondon, Sen Rafayèl ak kèk lòt komin depatman Nò a. Maladi a tèlman ap malmennen plantasyon kafe nan zòn sa yo, pwodiksyon an vin prèske bese a zewo. Peyizan yo ki te gen kòm sèl resous kafe a, blije lage kò yo nan koupe pye lam veritab, pye mango, pye zaboka, elatriye, pou y al vann ou pou fè chabon, pou yo ka reziste anba grangou ki tonbe nan zòn lan. Sitou lè konpayi kafe/kakawo a, izin fanmi Novella fèmen pòt li nan komin Dondon ak Sen Rafayèl. Majistra komin lan, Ferdinand Sévère ak lòt manm katèl la ki te bay yon konferans près mèkredi 27 desanm lan te di: «Nan komin Sen Rafayèl, sitiyasyon an pi grav dapre mwen. Se repiblik Dayiti ki atake nan zafè maladi ki tonbe sou plant. Se pa premye plant tankou kafè ki atake ak maladi sa a. Ki sa k te premye atake kafe a, se yon seri boul ki te gen tout 7 koulè yo, ki te tonbe sou fèy kafe yo davans. E menm boul sa yo te fè yon seri pwen tankou ti mab, e se yo ki vin gwosi, ki vin gwo tach tankou lontan lè moun te konnen gen maladi ki rele saranpyon. Moun malad te konn gen bwo bout on. Nan pye a yo, se konsa l te leve sou kafe a». Se te konsa majistra a te eksplike zafè maladi eskolit la k ap fin detwi plantasyon kafe yo nan depatman Nò a.
 

Nò: Reyinyon majistra yo

Amno ki se asosiyasyon majistra Nò yo fè premye reyinyon li nan lokal APN (Asosiyasyon pòtyè nasyonal) Okap la, mèkredi 27 desanm 2000 la. Asosiyasyon sa ki di li endepandan pouvwa anplas la nan Pòtoprens, gen deja 4 mwa depi l te kreye nan lobjektif, dapre prezidan li Moïse Jean-Charles (majistra Milo a) se pou l ranfòse travay pouvwa santral la nan komin yo. E tou pou yo travay pouz afè desantralizasyon an vinn yon realite. Majistra yo nan rankont sa a, mande ògmantasyon bidjè kolektivite teritoryal yo. Manm asosiyasyon an, toujou selon majistra Milo a, Moïse Jean-Charles, ap gen pou rankontre ak prezidan eli a Jean Bertrand Aristide anvan mouche monte sou pouvwa a 7 fevriye 2001 an.
 

Yon gwo chèf bandi pèdi lavi l

Ti Robenson, konsa yo rekonnèt li, se te yon gwo chèf bandi ak yon zenglendo prenn fè pa. Mouche ki te gen anviwon 19van, te fè tout moun pè l, menm chèf gang parèy li, ki te nan metye a bonkou pi lontan pase l. Mouche te konn opere nan divès zòn ak katye popilè, kouwè: Bèlè, ri Feliks, Koridò Basya, site Feliks, Solino, Ti Cheri, Nazon, Kriswa, Akasyan, Sen Michèl, Kay Drès, Dèlma 2, Ri Sen Maten, Fò Nasyonal, Tokyo, Lasalin, Pòs Machan, Nan Kanpèch, Kafoufèy, Site Maks, elatriye, ak bò lakay li nan zòn riyèl Souchè.

Ti Robenson te gen baz zenglendo pa l, ki te konn kolabore ak divès lòt baz zenglendo ak tiyè nan kapital la. Metye misye se te fouye lè pasan ak ti machann leswa ou lematen byen bonnè, se te veye moun ki gen kòb, kase kay yo, touye yo, dechèpiye yo, se te touye moun pou kòb pou lòt moun... Mouche te konn touye, dapre sa ki di, ata polisye, kote l vòlè zam yo. Kilès ki pa t rekonnèt ou tande pale de Ti Robenson, ki te konn touye ata ti bebe ak ti granmoun? Kriminèl sa a, lapolis te sanble pè pwoche nan zòn li ye? Menm polisye te pè Ti Robenson. Ki dire pou popilasyon sivil la.

Nan dènye jou sa yo, non Ti Robenson t ap site nan divès krim nan lari Pòtoprens ak divès lòt zak briganday. Lanmò yon ti fi mwens pase 10 zan nan ri Sen Maten pwolonje, atak ak asasina sou polisye nan Solino/Ti Chery/Karavèl, riyèl Souchè, operasyon boule kay bò lakay li, lanmò kanbis k ap vann dola ameriken anba lavil la, vòl nan Dèlma 2, lanmò gang parèy li nan sant vil la eksetera. Poutan mouche te konn mache libelibè ak plizyè gwo zam sou li, swa nan dènye baz li nan ri Feliks oswa nan Bèlè. Ti Robenson te tèlman depase, sa te mete l nan pwoblèm ak divès kò gang nan Pòtoprens e ata patizan l te gen je kont li, dapre sa yo rapòte. Ti Robenson te konn touye anpil ajan lapolis tou ki te konn vin envestige kò gang yo, divès lòt ki te gang tou, te nan gwo tèt chaje ak Ti Robenson, ki te oblije yo toujou nan mawon.

Enben, jedi 28 desanm lan vè zòn 5kè lapremidi, nèg ak zam kouwè douz, revolvè, te touye Ti Robenson nan ang Mòn Marinèt/San Fil/ri Bòjla, nan zòn achiv Pòs Machan an, dirèk dirèk anfas lekòl Franswa Kapwa a. Mouche te resevwa divès plon nan tèt li ki te kraze tou. Pyès moun pa t rive konprann twò byen rezon asasina sa a. Tout moun nan zòn ozanviwon yo te vin gade kadav chèf bandi a, ki te alonje ak sèvèl li gaye atè a.

Viktim kay boule Site Solèy yo mande jistis

Mèkredi 27 desanm 2000 la, plizyè dizèn viktim kay boule nan Solèy 17 te pran lari pou montre yo pa bliye 27 desanm 93 la, lè atache FRAPH ak militè FADH te boule plis pase mil kay nan Site a. Nan okazyon 7tyèm anivèsè sa a, viktim Site Solèy yo ki poko jwenn jistis te pwofite renmèt yon reprezantan radyo defen Jean Dominique la, Ayiti Entè yon bouke flè. Nan moman sa a, Benoit Gustave te pale nan non viktim yo: «Jodi a, se 27 desanm 2000, sa fè 7 lane depi FRAPH, atache, manm lame Dayiti te mete dife sou nou nan Site Solèy. Pou n te make dat sa a, nou te dekore jounalis radyo Ayiti yo nan nom Jean Dominique, pou n te komemore memwa Jean Dominique. E nou te vin prezante kaye revandikasyon bay minis Jistis la, ki defini konsa: Arestasyon tout kriminèl ki te mele nan masak 27 desanm 93 la, jijman tout kriminèl yo, reparasyon total kapital pou tout viktim yo, pran ka dosye viktim yo an konsiderasyon, akselere dosye ankèt sou asasina Jean Dominique la, ankadreman pou tout pitit viktim 27 desanm 93 yo ak tout viktim nan tout rès peyi a».

Pou bò pa l minis Camille Leblanc te di ministè lajistis ak jij enstriksyon an ap travay sou dosye a.

N ap raple ke an 1999 pouvwa anplas la te renmèt moun yo 162 kle kay ak yon kòb ke yo te separe pa gwoup fanmi. Men yon lane apre, moun ki pa t jwenn yo toujou ap mande jistis ak reparasyon.
 

«Blòftèl» yon nouvo konpayi telefòn

Zafè telefòn tout kalte pa bò isit se te toujou gwo liks. Yon bagay ki nesesè pou tout moun ta posede, pou itil yo, lè yo bezwen antre an kontak ak lòt moun, lòt kote. Men, konpayi telefòn leta a Teleco, pa t janm rive jwe wòl li ki ta dwe fasilite tout moun jwenn telefòn lakay yo ou piblik pou yo kominike nòmalman. Olye Teleco avanse se bak li toujou ap fè. Konplisite? Kab toujou an pàn, anwari ap kraze pasi pala, kab telefòn ap koupe pa zak banditis, telefòn ki anpàn pa janm repare, sikwi toujou okipe, poutan, menm ti ponyen abòne Telezo yo ap peye gwo manman lajan chak mwa.

Sa gen kèk lane depi kèk konpayi prive kouwè Haitel, Comcel, Rectel vini ak telefòn selilè ki te vin prèske kase fe zafè bipè a (telefòn a mesaj) sou mache a, ke lòt konpayi prive toujou bay. Men, telefòn sa yo, kèlkeswa opsyon an (kondisyon moun ki branche a tou) toujou chè. Fòk yon moun gen bon kòb (dola us) pou l konekte e achte aparèy selilè a. Fiks la koute mwens kòb. Se sòf Rectel malgre aktivasyon an chè, ki peye pa mwa.

Kidi donk, zafè telefòn selilè k ap kale sou moun yo ann Ayiti vin tounen yon paspò. Piske se yon gwo liks. Ata moun ki pap travay, ki pa gen biznis e menm anyen y ap fè blije, pa enfliyans sosyete a, al fè san sot nan wòch pou jwenn lajan pou yo gen yon selilè, pou fè bèl parad. Moun konsyan tout moun pòv kou rich ta dwe gen tout mwayen pou yo kominike. Men mwayen pou kominike se yon bezwen, yon nesesite, se pa yon liks, yon cho biz.

Gwo konpayi k ap pwodwi yo aparèy pap chome tou. Anplis divès anbisyon yo lage nan sosyete kapitalis yo, semi fewodal yo, yo etidye tandans moun k ap viv nan peyi sa yo tou. Konsa, moun ka wè ann Ayiti, gen yon seri ti aparèy radyo nan pòchèt, ki fèt tankou ti selilè. Ou ka gen yon lide! Moun ki pa gemn mwayen e ki ta gen lanvi gen «pwodwi liks» yo rele selilè a, kouvri machann k ap vann ti radyo sa yo. Radyo sa a ki te vann 125 goud nan yon premye tan ak pòchèt la, rapidman pase a 175 goud san pòchèt la. E pòchèt la pou kont li machann yo vin vann li 75 goud apa. Malgre sa, moun kontinye achte ti radyo sa yo. Gen yon lòt kategori moun ki gen aparèy selilè a ki pa gen lajan pou yo konektè l, ki itilize aparèy la kòm yon «pwodwi liks» pou blofe tou. Moun nan gen dwa pran pòz l ap fè nimewo, pran pòz l ap pale ak moun, poutan an reyalite se sou blòf yo kanpe. Sa rive ata nan «inivèsite leta a». 2 dènye kategori moun sa yo, fawouchè di yo aktive (konekte) telefòn ou ti radyo sou fòm telefòn selilè yo a nan yon nouvo konpayi yo rele: Blòftèl!

Sa montre nan ki nivo kilti pèpè, lide liks, lanvi, ap wonje popilasyon ti peyi yo ki deja enfliyanse pa pwodwi k ap sot aletranje yo. Tout valè yo ap fin deperi. Jenn yo vin pa kwè nan tèt yo. Valè reyèl yo pase apre enpòtans materyèl la. Moun yo ki pa gen mwayen reyalize sa yo bezwen plis kanpe sou blòf.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME**~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm