Haïti Progrès
 5 o 11 Jiyè  2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 

Minis la mande anile dèt la

Minis Planifikasyon ak koperasyon an, Anthony Dessources, ki t ap patisipe nan 24triyèm sesyon Nasyonzini sou devlopman, plede an favè anilasyon dèt peyi pòv yo lè li t ap di: «Nan non solidarite entènasyonal la, nan non gouvènman peyi m lan, mwen gen lonè depoze, nan 24triyèm sesyon ekstraòdinè asanble jeneral LONI, demand repiblik Dayiti konsènan anilasyon dèt tout peyi pòv sou planèt la ou pou yo envesti lajan dèt la nan benefis pwogram sosyal yo.»
 

Ankèt sou lanmò Jean Dominique

Sa fè 3 mwa depi zotobre lajistis yo ak lapolis di gen ankèt ki ap mennen pou fè limyè sou sikonstans asasina Jean Dominique, men anyen poko janm sòti vreman. Charles Suffrad nan komite swivi ODVA e dirijan Kozepèp pa konprann lantè aparèy jidisyè a, ki dapre li, pa janm fè prèv li ann Ayiti. «Yon moun ta di m ann Ayiti ou pa konn moun ki fè krim nan ka Jean Dominique la... Jean Dominique mouri nan yon kontèks ki trè klè, okontrè ki ede lajistis, si gen lajistis...» Yon lòt kote, lan Akayè, Yvens Joseph denonse atitid responsab jidisyè yo, ki fèmen bouch yo, menm apre konvokasyon 2 avoka, ki te konn ap fè menas kont Jean Dominique, e li di: «Gade nan peyi sa a, se chak jou w tande ankèt la ap pouswiv, yon moman ou tande lapolis di w li koumanse avanse avèk dosye, men san ou pa konn sa k ap fèt. Minis Lajistis la di w menm bagay. Kounye a, ou vin twouve ou nan yon sitiyasyon ou mande kote nou prale...»
 

De Ronceray ap mande konkou

Neyo-divalyeris MDN nan MPSN lan Hubert de Ronceray, nan yon mesay Gwoup konvèjans, li ladan tou a, li lanse yon «apèl solidarite» pou kontrekare rezilta eleksyon 21 me yo. De Ronceray ki mande konkou bare lavalas, deklare: «MPSN, Espas konsètasyon, RDNP, PADEMH, mete tèt yo ansanm, kole zepòl yo, pou fè opozisyon an avanse. Asosiyasyon patwon yo, komèsan, endistriyèl, legliz pwotestan, pwofesè lekòl, sendika, tout di non ak eleksyon malatchong 21 me 2000 yo e tout di non ak zak briganday, kraze brize chimè yo ap fè peyizan nan mòn yo, malere nan katye pòv lavil yo... Kominote entènasyonal la tande rèl opozisyon an, e li ba nou jarèt. OEA, Nasyonzini, Linyon Ewopeyèn, depatman deta, yo di yo pa aksepte rezilta ofisyèl KEP la, nan eleksyon malatchong 21 me 2000 la.»
 

Monseyè Miot denonse menas sanksyon yo

Evèk kò-adjitè Pòtoprens lan, monseyè Serge Miot, ki t ap pale nan selebrasyon mès fèt Pèpetyèl nan Bèlè, denonse menas sanksyon kont peyi a. Monseyè a te raple sa anbago fè Ayiti pase deja pandan peryòd koudeta militè a, ke nou kontinye, toujou selon li ap sibi konsekans yo. Monseyè Miot wè etranje yo pa toujou bon konseye pou Ayiti, e li denonse donk tout enjerans etranje nan zafè peyi a.
 

2 zenglendo pèdi lavi yo

2 zenglendo e resèlè zenglendo ke tout moun konnen pou aksyon yo, pèdi lavi yo anba kout wòch, baton, manchèt popilasyon Fò Nasyonal, Sen Michèl, Koridò Basya. Youn nan zenglendo yo rele Ti Reginald, mouche ki te koutye lòt zenglendo tou, mouri nan Sanfil mèkredi 28 jen pase a. Anvan li mouri, li blese plizyè nan moun ki te al dèyè li yo, ak kout vè, kout manchèt, kout dan, elatriye. Se Ti Réginald sa a ki te konn al fè komisyon pou lòt zenglendo parèy li yo ki te nan lyann, apre lanmò 2 zenglendo, popilasyon an te jwenn. Lòt zenglendo a, yo te touye jedi 29 jen an, pote non Grapyay, se te tou resèlè lòt gang yo. Popilasyon zòn lan oblije monte brigad vijilans jis pou fè fas a yon evantyèl retou gang ki nan mawon yo.
 

Pil fatra ap monte nan Pòtoprens

Nan mwa pase yo, Sant nasyonal ekipman (CNE) te deklannche yon kanpay pwopagann, pou montre jan machin li yo, travayè li yo ap pwòpte lajounen kou lannwit lari Pòtoprens. Efektivman, moun te ka konstate nan peryòd sa a, pil fatra nan chak kafou Pòtoprens yo te fè yon diminye; e sa te bay kapital la yon lòt vizaj. Men, kèk mwa apre, malgre moun toujou wè machin CNE yo nan lari, pil fatra disèt otè tounen pòt flè nan chak kafou ou pase. Nan plizyè katye ak ri se menm konsta a. Nan zòn mache Pòs machan an, mache Salomon, ri Timas, sou Gran ri, Fònasyonal, blòk Fò Senklè, elatriye. Gen kèk lòt zòn se gwo kakas machin ki toujou sou kote lari a. Pil fatra ki okipe divès espas Pòtoprens, kakas machin yo, ak lòt debrio ki pran lari a, lakoz aksidan, e yo lakoz anpil blokis tou nan wout yo. Kisa CNE ap tann pou netwaye lari a?
 
 

Karayib/Sida: Ayiti nan tèt lis la

Sekretè jeneral LONI an, Kofi Annan, te met tèt ak divès lòt enstitisyon tankou FMI, Bank mondyal, pou prezante yon rapò ki rele «yon mond miyò pou tout moun», premye jou somè sosyal LONI an nan vil Jenèv an Suisse. Rapò sa a fè wè gen 34 milyon moun ki gen viris sida nan san yo. Se peyi ki pi pòv yo ki pi touche. Parapò a peyi Karayib yo, rapò a montre ke se peyi Dayiti ki nan tèt lis la. nivo edikasyon moun yo ak nivo ekonomik yo se anpil lakoz monte sida ann Ayiti. Men gen divès ONG ak lòt asosyasyon ki te montre yo estomake lefèt Annan ki reprezante yon òganizasyon mondyal te met tèt kole ak kèk enstitisyon pou soti yon rapò parèy, alòske se kolonn Bank mondyal ki ap fè malere vin pi pòv ak pwogram ekonomik yo ap oblije peyi sa yo mete an pratik. Rechèch sa a gen anpil prejije aladan li tou. Si n sonje nan peryòd koumansman dekouvèt sida a, yo te rele 4H, kote yon H te pou «Haïtien». Sa vle di, yo te toujou di se Ayisyen ki bay sida yon bagay listwa, laverite ak gwo manifestasyon te vin demanti. Pi pre nou la, fim «How Stella got her grove back» nan yon pasaj li montre peyi Dayiti, se yon peyi ki kale sida, men erezman Ayisyen ann Ayiti kou nan dyaspora a pa t ap dòmi e yo te fè kont pwotestasyon yo. Moun konnen vreman ke ann Ayiti gen anpil ka sida, men fòk Annan ta plis defini kritè ki fè li klase Ayiti kòm peyi ki bay plis ka sida nan karayib la.
 

Dife pran nan yon laboratwa

Maten lendi 3 jiyè a vè 10zè nan maten, yon dife te koumanse bay panik nan laboratwa medikal Patrick Russo a, ki tabli nan Chemen dè Dal anfas avni Dikòs, dèyè do ponp gazonli Texaco Lali a. Orijin dife sa a, dapre enfòmasyon nou te jwenn sou plas , se ta yon dèlko ki pou alimante sant sa a, ki ta pran dife, kote gwo flanm ak gwo lafimen te fè tout moun enkyete. Men imedyatman sapè ponpye te gen tan vini e tenyen dife a, ak konkou divès lòt moun. Koumansman dife sa a, ki te boule plizyè ti chanm dèyè do lokal ki loje laboratwa a te koze divès dega. Plizyè dèlko ak lòt aparèy te detwi, ti kay sa yo, ki fè pati laboratwa, te resevwa gwo domaj.
 

    Latibonit

Eske fatra vreman fin leve?

Atout nouvèl yo te fè kwè fatra pwason Gonayiv la, ki te fè plizyè lanne sou waf Sedren lan, te retounen kote l te sòti Ozetazini an, moun Gonayiv toujou doute. Divès moun plenyen anpil lefèt maladi kou grip ak lafyèv toujou ap frape zòn anviwon waf la. Gen lòt moun ki soulve keksyon pwason ak lòtbèt lanmè Gonayiv ki gen anpil posibilite pou yo ta pwazonnen. Yon seri lòt moun kwè tout fatra a pa leve. E moun sa yo di fason fatra a te ye a «kote pifò te kouwè moso fè kraze ak moso boutèy kraze, kou sab», ap anpeche pou tout fatra a ta leve. Anplis, moun Gonayiv kwè, yon bon pati fatra a gen tan pèdi nan fon lanmè.

Haïti Progrès      |     ARCHIVES