Haïti Progrès
26 Avril au 2 Mai  2000
Nan peyi  Dayiti

Nouvèl Kout Kreyòl
 

Yon kandida ta disparèt

Enfòmasyon ki sòti bò kote Espas konsètasyon fè konnen, nan maten 19 avril 2000 la, yon kandida delege vil li pou Matisan, Claudy Myrthil ta disparèt. Disparisyon sa a te rive, toujou dapre dirijan Espas la, apre kèk enkoni ki t ap sikile nan yon pikòp wouj te pati ak Myrthil. San pèdi tan, kandida lameri Pòtoprens pou Espas la Micha Gaillard, te kouri pran mikwo pou reyaji, sou yon bagay li sanble l pa fin gen twòp detay sou li.

N ap raple, youn nan chèf Espas la, Evans Paul, te di semenn pase ke li te gen 7 moun ki disparèt nan lokal KID ki te boule a, men pou kounye a sa pa pale ankò. Li gen lè rejwenn yo kote li te sere yo a!
 

Meriken vle eleksyon ak «sekirite»

Dapre yon kominike USIS, se ak anpil kontantman Lèzetazini akeyi piblikasyon kominike prezidansyèl la, ki fikse dat eleksyon yo, pou 21 me e 25 jen k ap pwente la a. Pandan Etazini mande KEP la ak gouvènman an travay nan tèt kole, jis pou kreye kondisyon nesesè pou satisfè swaf demokrasi pèp ayisyen an, yon lòt kote, pòtvwa depatman deta a, James Rubin di gouvènman peyi l pa santi l konsènen anpil pa klima ensekirite a, e l mande zotobre yo pou idantifye lotè zak kriminèl yo e jije yo. Men eske Rubin pa ta kapab di gouvèneman an ki moun lan lis Fraph la ki kapab ap fè violans yo?
 

PLB mande eleksyon

Nimewo 2 Pati Louvri Baryè (PLB) a, Willy Louis, envite diferan aktè ki enplike nan pwosesis elektoral la, met tèt ansanm, jis pou eleksyon yo ka fèt. Louis denonse zak vyolans li anrejistre nan peyi a. Li di zak sa yo se pou dekouraje popilasyon an al vote.
 

Rebelyon nan lapolis?

Enfòmasyon ta fè kwè, gen yon mouvman rebelyon plizyè polisye k ap pran chè nan mitan polis nasyonal la. Divès komisarya zòn metwopolitèn lan deja afekte pa mouvman sa a, ki kritike fason yon seri wo grade PNH ap trete yon latriye dosye divès ti polisye. Polisye rebèl sa yo ki pa t vle pale nan mikwo laprès, fè mouvman yo a, nan moman radyo Galaksi di bri ap kouri sou demisyon Luc Eucher Joseph kòm enspektè jeneral lapolis la. Konsènan bri demisyon Eucher la, pòt pawòl lapolis la, Jean Dady Siméon te demanti sa mèkredi 19 avril la, nan yon konferans pou laprès.
 

Lapolis ap fè fouy

Konsa mèkredi 19 avril pase a, nan zòn Lali, toupre kay Mè yo, lapolis te mennen yon fouy, ki te kreye viretounen. Machin t ap kase tèt tounen tribò babò, sa te kreye anbouteyaj nan divès wout, moun t ap kouri monte, kouri desann. Operasyon sa a te dire yon bon bout tan, kote yon panik total te blayi.

Neptune te mete Cozigon lan plas li

Okou yon vizit soutyen mouche Paul Cozigon te fè ak pati zanmi li yo ki nan «opozisyon» an, manm sekretarya entènasyonal Pati sosyalis franse a, te akize pouvwa lavalas la kòm enstans k ap favorize vyolans ak anachi anndan peyi a. Cozigon ki pwòch Panpra ak Konakom, 2 fo pati sosyalis, te lonje dwèt li byen long pou akize pati ansyen prezidan Aristide la. Pou bò pa l, Yvon Neptune, pòtpawòl Fanmi lavalas satisfè poutèt ekzekitif la rive jwenn ak KEP la yon dat fiks (21 me ak 25 jen), pou fè eleksyon yo. Neptune te tou pwofite pale de deklarasyon Kozigon an, ke l jije malonèt, tapajè e li te deklare: «Fanmi lavalas deklare trè klèman, tout moun ki fè vyolans, e nou konnen gen yon ti gwoup atoufè yo pwograme, yo telegide ki pou fè vyolans yo, nou di nou menm nan Fanmi Lavalas, moun ki patizan vyolans yo pa patizan Fanmi lavalas.»
 

Deronceray ap travay pou opsyon zero li a

Chèf MDN ak MPSN lan, Hubert Deronceray, koube l nètalkole devan deklarasyon manm Pati sosyalis fransè a, mouche Paul Cozigon. «... Yo pa genyen okenn dwa pou y ap vin pale moun de enjerans... paske yo deja fin fè kado Ayiti...», se konsa opòtinis Deronceray te atake reyaksyon Fanmi Lavalas te fè kont deklarasyon Cozigon yo. Yon lòt bò Deronceray pa kwè nan dat Préval ak gouvènman l lan fikse pou premye tou ak dezyèm tou eleksyon yo. «... Yon lòt fwa ankò, se yon zen mesye yo lade deyò a, pou bay moun yon okipasyon, pandan yo menm y ap ri tout moun, paske yo konnen yo pap fè eleksyon». Anplis zafè opsyon zewo a, meriken sanble bay Deronceray yon lòt travay?
 

KEP la gen yon kalandriye ki pa fin kalandrye

Frantz Faustin ki se chèf pwotokòl KEP la, fè laprès konnen gen yon kalandriye elektoral, komisyon teknik KEP la pwopoze enstitisyon sa a. Kalandriye sa a gen ladann dat 21 me pou premye tou eleksyon yo, dat 25 jen pou dezyèm tou a, kòm sa te prevwa. Li gen kèk lòt dat tou ki pa definitif dapre responsab la. Pou kouwè l ye la a, Faustin fè kwè, kalandriye sa a disponib nan lokal enstitisyon elektoral la, pou tout pati politik.

Serge Pierre-Louis ap mande sa ki pouri retire kò yo

Kandida OPL nan Sidès la, Serge Pierre-Louis di li wete kò l nan kous elektoral la. «Mwen pa nan eleksyon ak René Préval, mwen mande yon prezidan pwovizwa ak yon gouvènman redwi. Mwen mande yon pase men nan KEP la ak BED yo, pou wete sa k pouri yo, mwen mande yon pase menm nan tèt lapolis la tou, lè sa a na pale de eleksyon.» Moun konprann pou kisa Pierre-Louis retire tèt pa li alò.
 

KEP la poko jwenn kay pou biwo vòt yo

Arete prezidansyèl ki fikse dat eleksyon yo pou 21 me ak 25 jen an, sanble trennen dèyè l divès desizyon KEP la. Youn nan sa k pi enpòtan yo, se enstalasyon Biwo vòt (BV) yo ke konseye a, Carlo Dupiton di ki pral tabli nan jou k ap vini la yo. «Non, men y ap gentan fè sa, jwenn kay, pa vre, nan zòn ki gen biwo enskripsyon, paske biwo vòt yo dwe enstale nan zanviwon premye biwo yo», se sa Dupiton di, e li di ankò li te voye mande pati politik yo yon seri non pou fè pati biwo sa yo.
 

Fondasyon Aristid fete 4 lanne li

Mèkredi 19 avril la fè Fondasyon Aristid pou demokrasi a 4 ane depi li egziste. Nan lokazyon an, responsab yo reyafime detèminasyon yo, pou yo kontinye travay nan domèn devlopman sosyal ak ekonomik, epi travay pou tabli lapè ann Ayiti.
 

Adama Dieng jwenn yon lòt dat majik

«Mwen pral mande kominote entènasyonal la tou, pou l met lajan nesesè aladispozisyon aktè politik yo...», se pawòl ekspè Loni an, Adama Dieng, ki te tou wè nesesite pou «kominote entènasyonal» la ranfòse apwi l ak Ayiti. Men li pa di si kominote entènasyonal l ap pale a konplis, nan sitiyasyon dwa moun li wè k ap deteryore a.

Li te nan menm sans sa a montre awogans li nan sa k ap pase anndan peyi a. Madi 18 avril la, devan komisyon espesyal Nasyonzini pou dwa moun, Adama Dieng te montre nesesite pou eleksyon yo fèt nan nouvo dat ekzekitif la ak KEP la fikse yo. E li te menm pouse awogans li deyò pou enpoze yon lòt «dat majik». «Li fondamantal ke dat sa a (21 me, 25 jen) respekte, paske, pou mwen toutan pa gen eleksyon, ap toujou gen vyolans... M ap menm rive pwopoze dat 17 jiyè a pou nouvo palman an antre an fonksyon.»
 

Sa CNEH ap chache?

Nan reyinyon yo te fè nan otèl Xaragwa, Konfederasyon nasyonal edikatè yo ann Ayiti (CNEH) envite pati politik yo kondane klima vyolans k ap vale teren. CNEH te pwofite «... afime wo e fò, ke echèk eleksyon yo ap kondwi peyi a, sou wout yon dezòd jeneralize, k ap met sekirite ak endepandans nasyonal la an danje».

Sanble zafè lediksyon an pa twò rapòte CNEH ankò, l ap chache lòt debouche? Piske, se toutan li te konn ap kritike UNNOH dèske sendika sa a ap foure bouch li nan zafè «politik». Men li ta pi bon si CNEH ta konprann ke pati politik li afilye yo pou bokou nan klima «vyolans» li wè a.
 

Eleksyon 21 me: Suzy Castor pa gen pwoblèm

Suzy Castro ki se kandida pou sena OPL nan depatman Lwès la, di li pa gen pyès pwoblèm pou dat elekson yo (21 me - 25 jen) ki pa respekte 12 jen an. Madan Castor kwè, malgre tou, desizyon repouse eleksyon yo ap enfliyanse kèk desizyon k ap gen pou pran anndan peyi a. Poutan Serge Pierre-Louis, kandida osena OPL pou Sidès, di li retire kandidati li.
 

Kiba bay èd pyès lòt peyi pa janm bay Ayiti

«Kiba se peyi ki ban nou, nan moman sa a, kolaborasyon ki pi gwo a, ki pi fratènèl la. Fidel te di m Kiben ki ann Ayiti yo, se pa yon asistans teknik, se yon asistans fratènèl, se yon seri brigadis, se pa teknisyen entènasyonal. E yo konpòte yo vrèman kòm yon seri brigadis. Yo al nan tout rakwen pou pote lasante, yo al nan tout kwen pou ede devlopman lagrikilti, devlopman lapèch, devlopman elvay pwason, pou alfabetizasyon...», se sa prezidan Préval te deklare touswit lè l sot peyi Kiba a dat 15 avril la. Pou bò pa l, jeneral lame revolisyonnè a, Raul Castro, te fè yon deklarasyon etan l Kiba: «Fidel ak mwen konsidere se pa yon èd, se yon ti dèt pou tout richès Ayisyen yo te ede n devlope nan Oriente e a Camaguey, e kanmarad yo nan rejyon sa yo te wè, mwen kwè..., men paran nou dwe rakonte nou sa deja. Mwen espere nou pral travay laba a (Ayiti) avèk menm pasyon an, pou nou jwenn menm rezilta Ayisyen yo te jwenn isit la kan yo te vin travay Kiba. Yo te chwe Kiba pou rezon ekonomik, men nou, nou gen yon konsyans pou ede yo, pou alfabetize yo.»
 

Grandans: Sinclair ap depale

Kèk tan te pase depi bri t ap kouri nan Grandans, sou revokasyon divès manm BED depatman sa a, pami yo prezidan an, Ernso Sinclair, ki an konfli denterè paske ou pa kapab prezidan BED epi ou an menm tan ap distribiye afich pou Espas konsètasyon. Men daprè Sinclair se «prezidan Préval ki ta mande manm Konsèy la, pou yo ta transfere m nan KEP la oubyen mande m demisyon m». Ou pa konnen kote li pran mòd enfòmasyon sa yo, men odasye a trouve an menm tan ap di ankò ke se paske li pa deside travay nan enterè yon sektè politik. Poutan li konn ap distribiye foto kandida Espas la. Men lè Sinclair wè ke manti kaba, li deklare: «... Mwen konn jwenn yon seri kandida, pa vre, pou sena, ke trè pwochennman si yo kontinye m ap denonse yo piblikman, ki te konn ap vin fè m òf aprè eleksyon, ke m te rejte kategorikman, jodi a, sektè sa yo òganize manifestasyon kont mwen nan depatman Grandans. Yo boule kay mwen... Donk se menm sektè kandida sa yo, nan sektè politik sa yo jodi a k ap fè mannèv, k ap met lajan deyò». Men pou kisa se konyè a l ap vini ak pil pawòl sa yo?

Latibonit: Kote 221 rejis yo pase?

Divès òganizasyon nan Latibonit pa sispann mande responsab BED depatman sa a kont, sou zafè 221 rejis elektoral ki disparèt la. Pwotestasyon sa yo ogmante sitou apre deklarasyon prezidan Préval la, ki te mande yon rapò evalyasyon sou pwosesis elektoral la. Ata konseye elektoral la, Carlo Dupiton te rekonnèt pèt sa a, ki vin bay plis dout sou reyalizasyon bonjan eleksyon serye, onèt, lib, e demokratik anndan peyi a. Jis kounye a, divès moun ap poze keksyon ki kote rejis elektoral sa yo pase?
 

Plato Santral: Peyizan yo denonse Paul Nelson

Apre lajistis nan Mibalè te fin otorize grandon Paul Nelson monte ak gwò ponyèt, sou 80 kawo tè nan seksyon an, fanmi Gran Toma nan Kop Gòj ki se seksyon kominal Sarazen, denonse otorite lajistis yo, pou zak sa a ke l twouve ilegal. Paul Nelson ki pa gen bon papye, toujou ap mande ak yon gwoup polisye ki anpil fwa, dapre moun yo, ap maltrete abitan tè sa yo.

Peyizan sa yo mande minis Lajistis la, Camille Leblanc, pou l ta fè yon ti entèvansyon nan zafè sa a. Paske yo deklare, se akoz anpil lajan Paul Nelson genyen, ki fè l ap mache pran tè moun ak gwo ponyèt konsa.
 

Nò: kriz nan Inivèsite a

Fakilte dwa ak syans ekonomik e jesyon nan vil Okap, fè pati inivèsite leta Dayiti. Fakilte sa a te gen alatèt li, ane pase, Odige Benjamin kòm dwayen ak Théodore Saintilus vis dwayen. Ane sa a, direksyon fakilte a vin ajoute yon dezyèm vis dwayen ki se Joseph Marc Vévé, yon kòdonatè ekonomik, yon kòdonatè pou seksyon jiridik, yon fason, dapre yo, pou fakilte a ka byen fonksyonne.

Poutan, jous kounye a, kondisyon fakilte a pa chanje, pa gen dlo, pwojè kafeterya pou etidyan ak pwofesè yo rete yon rèv. Vin jwenn, etidyan nan seksyon jiridik ak nan seksyon syans ekonomik ki pa trape chèz, blije chita nan fenèt, oubyen kanpe deyò pou swiv kou, nan yon seri sal, ki gen plis pase 500 etidyan pou chak seksyon. Atout dekana a te anonse louvèti dezyèm sesyon an depi fen mas, pyès pwofesè pa mete pwent pye, poutèt lajan mwa yo, yo pa touche.

Yon bis pou transpò prizonye lan Okap

Nan tan lame Dayiti, moun Okap te konn ap asiste ak monte desann divès prizonye defigire, byen mare ak kòd pit, abiye ak karako pou al pase devan lajistis. Ak kreyasyon enstitisyon polis APENA a, espetak gratis sa a disparèt. Transpò prizonye yo fèt swa nan machin lapolis ki rezève pou entèvansyon oubyen lan kamyon. Men nan bout kanntè a, prizonye yo te konn kwoupi anba minòt, sekirite yo ak respè diyite yo pa t sanble vle di anyen anba je ajan polis ak responsab lajistis yo. Konsa, nan semenn pase a, direksyon Administrasyon penitansye nasyonal la (APENA) bay penitansye lavil Okap yon ti bis ki gen tout sa ki nesesè pou fè travay transpò prizonye yo. Se yon dizèn moun sanble li ka pote.

Nan yon konferans pou laprès li bay nan dat 13 avril la, responsab DAT la nan Okap, ofisye Aly Joseph, te prezante machin sa a. Ofisye a te fè konnen ke sèvis l ap dirije a ap jere 259 prizonye nan yon prizon ki ka kenbe senpman kèk dizèn. Li te pwofite fè konnen administrasyon prizon Okap la, gen pwojè pou agrandi sant lan, san bliye, toujou dapre ofisye Joseph, prizonye Okap yo byen manje e yo benyen 2 fwa chak jou.

Men mèkredi 12 avril la, yon gwo deblozay te pete nan mitan prizonye yo ak direksyon penitansye Okap la. Se poutèt, dapre tout enfòmasyon, yon zafè 25 goud pen prizonye yo ki t ap mouri anba grangou, te fè kotizasyon pou yo voye achte. Lè pen yo te rive, responsab yo te bloke distribisyon an, e yo te sezi tout pen yo. Se anba gwo presyon, menas, maspinay prizonye yo te blije rantre nan selil yo, epi kite zafè pen an.

Dega inondasyon nan Lewogàn

Pou pi piti 20 kay kraze, plizyè rekòlt devaste, yon latriye bèt ale nan lanmè, se bilan dega rivyè Lwouyòn ak Momans ki desann, fè nan Lewogàn, maten madi 18 avril la. Abitan yo ki te deja anba gwo pwoblèm, lajounen jodi pa konn ki vèvè pou yo trase. E yo kritike travay konpayi yo ki mal fèt, pou fè rivyè a swiv wout li ta sipoze swiv la, san yo pa t manke denonse tou, responsab Travo piblik yo, ki selon peyizan yo, pa t sipèvize travay konpayi a.
 

Dominikani: Konsil Paraison prepare yon gid enfòmasyon

Pou enfòme chofè yo sou taks y ap peye e kondisyon administrasyon an ekzije yo, lè y ap janbe fwontyè a, konsila Ayiti Barahona a, mete aladispozisyon chofè ayisyen yo, yon gid enfòmasyon. Se sa konsil ayisyen lòtbò a, Edwin Paraison te di. Konsil la te tou pwofite bay kèk enfòmasyon an plis: «Donk depi w nan yon ti machin, se 10 peso w ap peye, si w sou yon kamyon w ap peye 20 peso. Ladwann, pou yon keksyon dwa pasay... Pou machin nan ou peye 100 peso nan ladwann dominiken, epitou ou gen yon 25 goud pou peye apre orè nòmal... savledi, apati 3, 4 trè lapre midi. Donk, si se samdi e dimanch, se tout lajounen, apre sa, ou pa gen anyen menm pou w peye.»

Haïti Progrès      |  ARCHIVES